30/07/2026
💙 PrEP an grenn disponib kounye a nan Pòtoprens! 💊✨
Nou gen yon bon nouvèl pou ou! PrEP an grenn lan disponib GRATIS nan klinik SEROvie Pòtoprens.
PrEP se yon metòd prevansyon VIH ki ede moun diminye risk pou trape VIH lè yo pran li jan pwofesyonèl sante yo preskri li.
Pou kòmanse PrEP:
✅ Fè yon tès VIH ki negatif
✅ Pale ak ekip medikal nou an pou jwenn bon akonpayman an
📍 Kounye a disponib nan Pòtoprens , lòt rejyon yo ap swiv trè byento!
Nan Fondation SEROvie, nou kontinye rann prevansyon VIH pi aksesib pou tout kominote yo.
💙 Pwoteje tèt ou. Enfòme w. Pran swen sante w.