16/03/2026
M. Erick DELON ki se responsab direksyon afè sosyal meri Petyonvil la, pale ak kè ouvè sou sitiyasyon deplase yo.
Message Clair
Yon entèvyou ki fè nou dekouvri yon lidè angaje, yon vizyonè, yon sitwayen ke peyi a kapab konte sou li.
Nan yon entèvyou ak jounalis platfòm Optimale , M. Érick DELON ki se Responsab Direksyon Afè Sosyal meri Petyonvil la, te pale ak tout kè li sou reyalite difisil fanmi deplase yo ap viv, ak aksyon konkrè direksyon li a ap poze pou ede Moun ki nan kan yo.
Lè jounalis la mande l kisa li santi lè l te rive nan kan an, M. DELON pa t kache reyalite a :
«Moun yo t ap tann vizit la... Vi a pa fasil pou yo.»
Yon fraz ki di tout bagay. Se konsyans sa a ki pouse M. DELON ak ekip li pou yo te mobilize ansanm ak FAES, pou pote asistans manje bay popilasyon vilnerab sa yo.
Pi lwen pase manje : yon vizyon global
Sa ki distenge M. DELON se pa sèlman reyaksyon imedyat li, men vizyon alontèm li genyen pou moun yo. Apre distribisyon an, li deja : Idantifye bezwen dlo potab nan sit la epi angaje direksyon l pou rezoud pwoblèm nan. Li deja kòmanse elabore yon pwogram fòmasyon pou deplase yo — yon envestisman nan kapital imen ki pral sèvi yo pou tout lavi yo, menm lè yo retounen lakay yo.
"Fòmasyon yo ap ede yo pou tout lavi yo."
Sa montre yon responsab ki pa sèlman wè kriz la, men ki prepare demen an tou.
Yon mesaj espwa pou gouvènman an.
M. DELON te adrese yon mesaj bay gouvènman an, kote l te eksprime konfyans li nan travay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap fè pou retabli sekirite — kondisyon fondamantal pou tout deplase yo ka tounen lakay yo.
Direksyon Afè Sosyal meri Petyonvil la, sou lidèchip M. DELON ap pwouve chak jou ke sèvis piblik lokal yo ka fè diferans reyèl nan lavi sitwayen yo — lè moun ki nan tèt li gen kè, konpetans ak vizyon.
Bravo Monsieur Érick DELON. Kontinye, bon travay ! 🇭🇹
Rédaction :
«Baz-Art Production»
Correction linguistique et stylistique :
M. Mackenson CHERY
Supervision éditoriale :
Plateforme Optimale