sley_motivation

sley_motivation sley_motivation; c'est votre motivation notre priorité.

ESEYE !
07/10/2023

ESEYE !

Ou dwe toujou rekonesan anvè yon moun ki te ede w e pa bliye ede li an retou !"Sley_motivation"Bon lajounen !
25/05/2023

Ou dwe toujou rekonesan anvè yon moun ki te ede w e pa bliye ede li an retou !

"Sley_motivation"

Bon lajounen !

Fè moun plezi kapab parèt yon bon bagay se vre, men ou pap kapab fè tout moun plezi.Ou ka pèdi tèt ou, rive bliye kiyès ...
24/05/2023

Fè moun plezi kapab parèt yon bon bagay se vre, men ou pap kapab fè tout moun plezi.
Ou ka pèdi tèt ou, rive bliye kiyès ou ye nan chache fè tout moun plezi. Dè fwa ou ka rive fè bagay ke w pat swete fè, bagay ou ka regrèt pi devan. Kòmanse di NON, lè ou dwe di NON. Fè tèt ou plezi avan dabò e toujou sonje ke bonè w pa depann de pyès lot moun ke ou menm !

"Sley_motivation"

Bon lajounen !

Gen twòp rezon pou w souri ! "Sley_motivation"
22/05/2023

Gen twòp rezon pou w souri !

"Sley_motivation"

Konsidere chak etap nan chemen ou kòm yon viktwa, paske menm nan ti bagay yo, ou avanse epi ou grandi.Sley_motivationBon...
20/05/2023

Konsidere chak etap nan chemen ou kòm yon viktwa, paske menm nan ti bagay yo, ou avanse epi ou grandi.

Sley_motivation

Bon lajounen !

"Avanse ak kouraj, lavi se yon vwayaj san limit. Chak JOU se yon opòtinite pou grandi, pote chanjman, ak pouse grenn esp...
19/05/2023

"Avanse ak kouraj, lavi se yon vwayaj san limit. Chak JOU se yon opòtinite pou grandi, pote chanjman, ak pouse grenn espwa nan kè ou. Pa janm sispann gen kouraj, paske nan kouraj la gen pouvwa pou libere.

"

Ou vle jwen rezilta?Ebyen pa chita gade tan kap pase, fè sa ki nesesè pou akonpli travay ou vle an !Pa bliye chak moun a...
02/03/2023

Ou vle jwen rezilta?

Ebyen pa chita gade tan kap pase, fè sa ki nesesè pou akonpli travay ou vle an !
Pa bliye chak moun ap okipe afè pa yo ou menm okipe afè pa w tou. Jwen kouraj pou afwonte krent ou yo, fè yon ti aksyon chak jou ap mete w pi pre objektif ou.

"Sley_motivation"
Bon lajounen !✌️







02/03/2023







Pa minimize kapasite w ou telman kapab reyalize plis ke sa w panse ! Ou kapab rive pi lwen ke kote w ye jodi an.Kontinye...
01/03/2023

Pa minimize kapasite w ou telman kapab reyalize plis ke sa w panse !
Ou kapab rive pi lwen ke kote w ye jodi an.
Kontinye kwè nan tèt ou, kontinye avanse ak yon etap chak jou. Reyalize pwojè ou yo !

"Sley_motivation"
Bon lajounen.







10/01/2023
Gen plis kouraj ak disiplin ke talan nan pi fò reyisit ki fèt yo."Sley_motivation"motivationalquotes                    ...
13/12/2022

Gen plis kouraj ak disiplin ke talan nan pi fò reyisit ki fèt yo.

"Sley_motivation"

motivationalquotes





Pa gen moun ki fèt ak tou konnen  !Tout sa wap kòmanse se aprann pou w aprann e lè w ap aprann wap fè erè paske li fè pa...
08/12/2022

Pa gen moun ki fèt ak tou konnen !
Tout sa wap kòmanse se aprann pou w aprann e lè w ap aprann wap fè erè paske li fè pati de aprantisaj lan. Pa ri yon moun ki fè yon erè paske li kapab wont, strese, e menm ranfème li sou li menm e sa kapab anpeche li avanse men ou dwe ede l pito, ede l pou li pa fè erè sa ankò. E ou menm pa kite antouraj ou entimide w pou anpeche w aprann paske ou gen dwa fè erè se yon bagay ki nòmal. Pa wont fè erè ke seswa nan lekòl oubyen nan lavi a. Nan lavi an ou fè ere e ou aprann pou w fè atansyon pou w pa fè erè sa ankò e pou w kapab ede yon lot pou kapab evite li.

"Sley_motivation"

motivationalquotes





Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50933842708

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque sley_motivation publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager