01/06/2026
Fondasyon Anpy D’Ayiti
Nou menm, pèp Ayisyen, Nou pa bezwen charite ankò. Sa Nou bezwen se pou Yo respekte dwa Nou genyen pou Nou pran pwòp desizyon Nou, paske Nou se gran moun lakay Nou.
Souverènte pa fèt pou meprize. Antanke yon nasyon Souveren, Nou gen dwa pou Nou dirije tèt Nou, bati peyi Nou, pwoteje pèp Nou, epi panse pou tèt Nou.
Fondasyon Anpy D’Ayiti kanpe sou prensip sa a: Ayiti pa bezwen pitye; Ayiti bezwen respè, òganizasyon, konesans, travay, ak lidèchip ki soti nan pwòp pitit li yo.
Nou kwè lè Ayisyen jwenn fòmasyon, estrikti, ak opòtinite, Yo kapab retounen sèvi kominote Yo, transfere konesans Yo, kreye travay, epi patisipe nan rebati peyi a ak diyite.
Ayiti se lakay Nou.
Ayiti se responsablite Nou.
Ayiti se avni Nou.