09/01/2026
Aprè plizyè mwa travay, angajman ak pasyans, nouvèl ane a louvri pòt li sou yon nouvèl etap plen espwa.
Se ak anpil kè kontan nou te ale rekòlte premye siwo nou nan youn nan bwat nou yo, yon moman istorik pou inisyativ Groupe local Alternatiba Petit-Goâve
Se ak anpil fyète ak satisfaksyon nou ap gade fwi travay ekip la, yon prèv ke lè gen vizyon, disiplin ak lanmou pou anviwònman an, rezilta yo pa pran tan pou parèt.
Nou pwofite moman sa a pou nou remèsye GAFE Haiti , ki te kwè nan inisyativ sa a depi nan kòmansman e ki te pote sipò finansye ak teknik ki te rann pwojè a posib.
Nou rete angaje pou nou kontinye travay san rete pou avansman inisyativ la, pou pwoteksyon anviwònman an, devlopman dirab ak byennèt kominote nou an.