19/11/2025
Lavi Nouvo – Mesaj Felisitasyon ak Angajman
Lavi Nouvo salye ak tout kè nou gwo viktwa ekip nasyonal Ayiti a ki fè peyi a monte tèt dwat ak kalifikasyon pou Koup di Mond lan. Jodi a, nou pa sèlman selebre yon rezilta, men nou selebre volonte, disiplin, e rèv yon pèp.
Siksè sa a montre yon sèl verite: lè nou envesti nan jèn yo, lè nou kwè nan yo, Ayiti retounen tounen yon modèl fos ak espwa.
Se nan sans sa, Lavi Nouvo ap pwofite moman istorik sa a pou raple Leta ak tout enstitisyon yo enpòtans pou bay plis envestisman nan timoun ki nan lari, paske se yo menm ki kapab pote nou lòt viktwa demen.
Nou kwè fos ekip nasyonal la soti nan nouriti pèsèvèrans, disiplin, ak opòtinite. Se menm kalite opòtinite timoun nan lari yo merite tou.
Ann kontinye selebre ekip nou an, men ann travay tou pou chak timoun nan peyi a jwenn plas yo, pwoteksyon yo, ak avni yo.
Viv ekip nasyonal la! Viv Ayiti! Viv timoun yo!