12/08/2026
Gras ak sipò World Vision, jèn nan Nò, Plato Santral ak Lagonav aprann kreye pwòp ti jaden pa yo pou plante legim vèt, pwa ak lòt rekòt. N ap raple nou ke an Ayiti, se 5,83 milyon moun (52% popilasyon an) k ap viv nan sitiyasyon ensekirite alimantè egi.
Nan sans sa, World Vision fyè pou l sipòte inisyativ sa a, kote edikasyon ak aksyon mache men nan men pou kreye yon avni kote chak timoun ap gen manje pou yo manje, men tou gen konesans ak zouti pou trase pwòp desten yo.
Lajenès, ou pa bezwen gwo lakou pou w kòmanse. Plante, se goumen kont grangou.