10/10/2026
Depi lè Jean Jacques Dessalines mouri, se premye fwa fòs tenèb yo santi yo ebranle, san vyolans. Yo te menm kòmanse feraye, chanje istwa peyi a, mache fè tout moun konnen se vodou ki te bay endepandans, tout Ayisyen se vodouyizan, Ayiti se tè Ogou, epi yo jwenn sipò etranje pou yo fè sa.
Men san zatann, nan lane 2016, gen yon Ayisyen natif natal ki rele Josué Pierre Paul ki kòmanse rale dokiman zansèt yo, pou l chache otantisite tout pawòl sa yo. Li te kòmanse fè enfònasyon an pase nan kèk legliz. Nan lane 2021, pawòl la kòmanse gaye. Li patisipe nan Live ak anpil detraktè Labib, anpil moun ki te konn ap fè pwomosyon pawòl tèt chaje sa yo, tankou Xamaex, Marques, King Kong, Négritude, elatriye. Tout tonbe youn apre lòt, Li demontre yo, ak bon lojik, zansèt yo pat mete vodou nan ekwasyon peyi a, epi li ateste nan tout dokiman yo mouri kite pou nou.
Li montre atravè Listwa kretyen yo se kategori moun ki plis envesti nan Lasyans modèn, nan fè gwo dekouvèt epi envante bagay kap itil tout moun nan mond lan, tankou machin, avyon, klimatizè, vantilatè, enfòmatik, kalkilatris, san konte kantite lekòl, inivèsite, lopital, travay yo kreye nan mond lan. Konsa, menm moun kap di kretyen pa itil yo wont, yo jennen. Sèl sa yo ka fè, se fè bri, joure.
Se yon bèl okazyon pou moun debyen yo louvri zye yo, pou yo reveye, soutni travay la atravè Prodige Association, pou n konstwi yon pi bon kominote, yon sosyete kote verite a ap libere moun nan tout kwen. Pastè Josué Pierre Paul gen yon plan deja. Rejwenn li, soutni l, paske patizan fòs tenèb yo, sitou sa ki nan gwo pozisyon yo, pap janm dakò fè sa.
Pou plis enfòmasyon, kontakte nou nan (509) 33 90 9024 / 38 27 7671 oubyen klike sou lyen sa :
https://prodige.home.blog
Ansanm nap konstwi sak pi bon an.
Construisons le meilleur