01/05/2026
Soti nan tè Makimara- Plenn Maribawo, rive nan asyèt timoun yo: Yon kolaborasyon solid ant Ferme SODEV ak MOPAW pou nouri lavni
Istwa kolaborasyon sa a ant Ferme SODEV ak MOPAW se yon bèl egzanp ki vize ranfòse pwodiksyon nasyonal la pandan l ap sipòte edikasyon timoun yo. Nan kad kolaborasyon sa a, Ferme SODEV pwodwi bon jan kalite danre, tankou pwa nwa ak gombo, pou l vann prensipalman bay MOPAW.
MOPAW, nan kad misyon li itilize yo pou bay timoun yo manje chak jou nan kad Pwogram Kantin Eskolè a nan peyi a ak sipò LE PAM (Pogram Alimantè Mondyal). Estrateji sa a pèmèt manje ki soti nan tè lakay rive dirèkteman nan asyèt elèv yo, sa ki garanti yo yon nitrisyon ki fre epi ki san danje pou sante timoun yo.
Pou reyalize gwo koze sa a, Ferme SODEV mobilize yon gwo pati nan resous tè li yo. Pou pwa nwa a, ki se baz anpil manje nan peyi a, fèm nan kiltive yon espas total de twa (3) kawo. Rekòt ki soti nan espas sa a prepare ak anpil swen pou satisfè egzijans kalite LE PAM yo. Travay sa a montre angajman SODEV pou l rete yon pilye nan sekirite alimantè zòn nan, pandan l ap asire yon revni estab pou travayè agrikòl yo.
Anplis pwa nwa a, Ferme SODEV te fè yon chwa estratejik pou l divèsifye pwodiksyon l nan plante yon demi (1/2) kawo tè nan gombo (kalalou). Desizyon pou dedye mwatye kawo sa a espesyalman pou gombo a enpòtan anpil, paske legim sa a se yon eleman esansyèl ki pote anpil vitamin bay elèv yo.
Pwodiksyon gombo a pèmèt gen yon rekòt regilye ak fre ki soti dirèkteman nan jaden an pou l al jwenn MOPAW, sa ki diminye pèt nan transpò epi ki asire ke timoun yo manje yon pwodwi ki kenbe tout valè nitritif li.
Finalman, kolaborasyon sa a se yon chèn solid kote chak grenn pwa ak chak grenn gombo ki soti sou tè Ferme SODEV yo gen yon misyon sosyal. Lè MOPAW achte pwodwi sa yo, li pa sèlman ap fè biznis, men li ap ankouraje yon modèl ekonomik kote lajan pwogram kantin eskolè yo rete nan men plantè lokal yo. Sa a ranfòse ekonomi lokal la, kreye travay nan zòn riral yo, epi bay kominote a fyète paske se pwòp rekòt yo k ap bay timoun yo fòs pou yo etidye konsa y ap ka asire yon demen miyò.
Ansanm, n ap travay pou yon agrikilti solid ak otonòm! Se nan KONBIT fòs peyi a chita !
Kontak pou Ferme SODEV: +1 786 966 9759 / + 509 3748 6391 | Email: [email protected] | [email protected]
Association Nationale des Ingénieurs Agronomes Haïtiens - ANIAH Jardin botanique de Ouanaminthe Nèg Wanament Cercle des Femmes Leaders en Haiti -CFLH Fondasyon Hayti Limyè FHALI Anie Alerte Wideline Pierre Les amis, es du Jardin botanique de Ouanaminthe. Wanament fitness