24/04/2025
✨ *"Apre Nwit Gen Limyè"* ✨
*Yon refleksyon pou Ayiti*
Tout sa n ap viv jodi a, tout soufrans nap pase lakay vwazen yo,
gen yon rezon.
Gen yon bagay sakre k ap trennen dèyè do doulè pèp Ayisyen an.
Petèt, mwen menm avè w poko ka rive konprann li...
men fòk ou konnen: *yon gwo mouvman ap apwoche.*
Lè yon Ayisyen pran kou,
se *tout nasyon an ki frape*.
Gen kout baton ou pa ka pare, men ou oblije resevwa l.
Pafwa se *nan soufrans lan menm, lespwa ap pran nesans.*
Ayiti ap rele pitit li yo.
Sa n ap wè la a,
se mond lan k ap fòse nou retounen lakay nou
Ann sispann jije: se pa mechanste,
men se yon apèl — *pou n rasanble.*
Tout sa n ap viv la yo,
se pa fen, men se *kòmansman reyinyon nou*.
Wi, nou ka sezi wè kijan doulè ka mete nou ansanm.
Pou travay. Pou rebati. Pou viv.
Peyi lòt moun pa peyi pa nou.
Ou ka santi w byen lakay zanmi,
men *se sèlman lakay ou ou ka viv lib tout bon.*
Menm si ensekirite sanble vale tout tè a...
*pa pè.*
Yon limyè ap parèt sou Ayiti.
Gras ak mizèrikòd Bondye, fènwa ap fini.
Nou gen rasin. Nou gen ras.
Nou se pitit sa ki gran.
Se pa sèl yon grenn moun ki ka chanje Ayiti,
men *linyòn*, lanmou, solidarite.
Nou te gaye nan tout mond lan...
men nou ka rasanble ankò.
Nou ka mete men nou ansanm,
epi fè li pi lou pase tout zam.
Sonje: tout sa ki te fèt,
ka fèt ankò — *pi byen toujou*.
Nou gen memwa. Nou gen istwa.
Nou se Ayisyen.
Enèji jodi a,
se chalè ki limen dife lespwa yè a.
Tout bandi ap fè silans.
Tout zam ap tonbe.
Ayiti pwal rale yon souf.
Mond lan pwal tande nou,
e *kè anpil ap louvri pou nou.*
*Zòrèy anpil pwal tande vwa nou.*
Paske nou soti nan yon ras ki pa mouri —
yon ras ki toujou vivan.
Ras ki te kanpe kote tout pèp te koube.
Nou tonbe, se vre — men nou gen pou n leve.
*E n ap leve*, ak yon fòs nou pa t janm panse ki te vivan andan nou.
*Lapè avèk nou. Ayiti pap peri.*Joachim charitable 🇭🇹✨