Ankadreman Kolektif pou Timoun yo -AKT

Ankadreman Kolektif pou Timoun yo -AKT AKT est une organisation à but non Lucratif créée dans le but d'aider les enfants les plus démunis sur le plan social, éducatif et culturel.

Chak ane, Ankadreman Kolektif pou Timoun yo (AKT) make kòmansman lane an ak yon aktivite espesyal ki mete timoun yo an v...
06/01/2026

Chak ane, Ankadreman Kolektif pou Timoun yo (AKT) make kòmansman lane an ak yon aktivite espesyal ki mete timoun yo an valè. 2 janvye 2026 la pa t diferan. Se te yon jounen rasanbleman, ekspresyon kiltirèl ak angajman sosyal kote timoun yo te briye an flanm ak talan, detèminasyon ak anvi viv yo.

Staf AKT yo te lanse pwogram nan anviwon 1h aprè midi, kote timoun yo te mete tout kè ak nanm yo pou bay vi e mete chalè sou sèn nan. Chante, danse, pwezi ak jwèt chèz mizikal te mete koulè ak kè kontan nan jounen an nan. Aktivite sila yo pa t sèlman yon distraksyon, men tou yon espas pou timoun yo devlope ekspresyon pèsonèl, entèlijans yo epi montre sa yo gen lakay yo.

Aprè pati kiltirèl la, nou te pase nan yon lòt moman enpòtan: distribisyon kit eskolè pou bay timoun yo zouti pou yo kontinye aprann ak plis motivasyon.

Jounen an te fini ak yon bèl moman konvivyalite kote plis pase 300 plat cho te distribiye. Timoun AKT yo, timoun nan kominote a, ak paran yo te manje ansanm, chita ansanm, ri ansanm yon veritab leson sou pataj ak inite.

Aktivite 2 janvye sa a se plis pase yon tradisyon li se temwayaj Lanmou, devouman ak angajman AKT pou devlopman timoun yo sou tout aspè: kiltirèl, edikatif ak sosyal. Li montre ke lè nou mete tèt ansanm, nou ka bay timoun yo espwa, valè, lanmou ak avni viv.

Se timoun yo ki avni peyi a e se pou yo nou dwe bati pi bèl Ayiti a.

se fòs nou
2026
misyon, yon obligasyon
pou demen

Chak timoun pote yon limyè, yon espwa pou demen. AKT ap kontinye ak tout kè l soutni timoun yo, ankouraje talan yo, epi ...
04/01/2026

Chak timoun pote yon limyè, yon espwa pou demen. AKT ap kontinye ak tout kè l soutni timoun yo, ankouraje talan yo, epi bay yo zouti pou bati yon lavni miyò. Se nan objektif sila ke nou te òganize yon atelye ki fèt sou yon peryod de 3 jou avèk tout stag AKT an:
Loubenson François
Bettie Joseph
Lumica François
Deivi Abreu PERDOMO
Cancy GUÉ
Phédeline FRANÇOIS
Jamesley LOUISIUS
Jéhiel SAINT-JUSTE
Rose-Cassandre FRANÇOIS
Merlange PIERRE
Anel DÉROSIER
Don Edvard CHARLES
José Lui Abreu PERDOMO
Sencini DUROSIER
Fede-My-Love FRANÇOIS

Premye Jou rasanbleman an, Bettie Joseph ki son sikopedagòg ak ekip la te travay sou lekti AK timoun yo nan bibliotèk LAPTY nan lokalite s**o kana, kote n chèche idantifye difikilte ak lakin timoun yo genyen nan optik pou n ede yo e chèche pi bon fason pou yo ka byen adapte yo nan pwochen atelye lekti ki gen pou fèt yo. Nou te pouswiv ak aktivite desen e koloryaj ki te pèmèt nou dekouvri talan kache timoun yo epi stimile sans kreyativite yo.

Pandan dezyèm jounen an, Rolex Élie ki se youn nan moun ki te akonpanye nou nan bel aktivite sila, te anime yon sesyon espesyal sou dwa ak devwa timoun ak prevansyon vyolans.Li te mete aksan sou bezwen pou timoun yo rekonèt epi denonse san pè tout fòm abi seksyèl, agresyon ak maltretans, sitou kont tifi. Se te yon sesyon sansib e enpòtan pou ranfòse pwoteksyon ak konsyans timoun yo sou dwa AK devwa yo.

Finalman, avèk patisipasyon Lumica FRANÇOIS, ki se yon etidyan nan twazyèm ane agwonomi, dènye Jou an nou te arive fè yon sesyon sansibilizasyon sou pwoteksyon anviwònman ak rebwazman. Timoun yo te plante pye bwa epi nou te ankouraje yo pou yo pa sipòte pratik koupe bwa san kontwòl e sansibilize yo pou yo pwoteje anviwonman yo.

Seyans fòmasyon sila te melanje edikasyon, ekspresyon pèsonèl ak angajman sivik, toujou nan objektif pou fòme timoun ki responsab, angaje e ki gen sans valè ak respè pou tèt yo, pou lòt e anvè peyi yo *Ayiti*.
Atelye a te bay timoun yo espas pou aprann, eksprime tèt yo epi reflechi sou wòl yo nan sosyete a. Li te mete aksan sou *edikasyon, dwa, kreyativite ak konsyans sivik*, tout sa nan kad misyon AKT pou devlope timoun ki lib, angaje ak responsab.

Mèsi a tout moun ki mete men pou jounen 2 janvye 2026 la vin tounen yon veritab fèt lanmou, kiltirèl ak solidarite. Se ansanm n ap rive!

# Timoun se fòs nou
2026
misyon, yon obligasyon
pou demen

04/01/2026

Joyeux anniversaire Orelon Gesner PIERRE

Ankadreman Kolektif pou Timoun yo (AKT) fete 3zyèm anivèsè lansman li, jou ki te 2 janvye 2025 laYon piblik ki  konpoze ...
06/01/2025

Ankadreman Kolektif pou Timoun yo (AKT) fete 3zyèm anivèsè lansman li, jou ki te 2 janvye 2025 la

Yon piblik ki konpoze majoritèman ak timoun sitou benefisyè òganizasyon an te reyini jedi ki te 2 janvye 2025 la, pou nou fete ansanm nan Wèch, kote syèj sosyal òganizasyon an ye.

Se te yon bèl moman pou manb òganizasyon an, timoun, paran yo ak tout moun nan lokalite a ki pat sispann bat bravo lakontantman pou gran aktivite kite reyalize a. Òganizasyon an te tou pwofite fete ak Léone François ak Orelon Gesner ki toujou reponn prezan pou AKT nan moman sa a.

Pati kiltirèl aktivite te mete an valè talan timoun AKT yo. Yo te pèfòme pou piblik la, yo chante, yo danse epi yo deklame tou. Se te bèl moman pou nou te ekspoze talan timoun yo bay gran piblik Wèch la ak paran yo. Reyalizasyon sa rive posib gras ak travay manb òganizasyon an sitou sikopedagòg Bettie Joseph ki travay ak timoun yo nan lide pou dekouvri talan yo genyen lakay yo, montre yo kòman yo dwe prezante yo ak pran lapawòl nan piblik elt.

Òganizasyon an travay pou ede timoun yo tou nan domèn edikatif. Nan sans sa a pandan aktivite sila a chak timoun benefisye yon kit eskolè melanje ak pwodui ijyenik. Angwo yo resevwa kaye, plim, kreyon, gòm, tay kreyon, règ, krèm, pafen, bwòs, savon, elt. Jès sila fèt nan lide pou nou aleje paran timoun yo nan kèk depans ki gen pou wè ak koze eskolè epi tou pou fasilite aprantisaj timoun yo annatan pi gwo jès ki gen pou vini yo.

Anplis kit eskolè, plizyè paran benefisye lajan pou ede yo nan kesyon edikasyon timoun yo. Lajan sa a bay nan objektif pou kouvri yon pati nan frè eskolarite timoun yo.

Pou fini, plis pase 200 pla cho ak bwason separe ant timoun yo, paran yo ak lòt moun nan lokalite a. Se yon moman ki te vrèman make moun nan zòn nan. Moman konvivyalite, tout moun te chita ap manje ansanm tankou yon gran fanmi.

Deivi Perdomo, sekretè estrikti nan diskou li renouvle angajman òganizasyon an anvè timoun yo ki se esans AKT. Loubenson François, kowòdonatè a, te raple domèn entèvansyon òganizasyon (edikatif, kiltirèl ak sosyal) avan li te anonse pwochen aktivite yo ak timoun yo pou peryòd Pak la.

Anpil lòt manb te reponn prezan pou reyalize gran evènman sila a. Fede-My-Love François , Jéhiel Saint-Juste, Lumica François , Sencini Durosier, Rose-Cassandre François . Konsa rou genyen pou yon rezon ou pou yon lòt ki pat ka rive prezan men ki ede jan yo kapab tou. Pami yo Merlange Pierre, Guivenson Pierre, Phédeline François, Anel Dérosier, Jamesley Louisius, Cancy Gué.

Pou fini manb òganizasyon an voye yon gwo bout remèsiman bay tout akonpanyatè li yo ki te reponn prezan pou aktivite a te ka yon reyisit. Travay la p ap kanpe e n ap toujou konte sou nou pou ede timoun yo, sitou nan moman sa kote enflasyon ap vale tèren, Leta rete bouch be fas a lavi chè paran yo ap fè fas la.

AKT, n ap kontinye poze aksyon
AKT, n ap travay pou timoun
AKT, nou gen yon misyon

📷Orelon Gesner

Adresse

Nord-Est
Nord-Est

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ankadreman Kolektif pou Timoun yo -AKT publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Ankadreman Kolektif pou Timoun yo -AKT:

Partager