Cercle Humanitaire Enfants de L'espoir. CHENE

Cercle Humanitaire Enfants de L'espoir. CHENE Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Cercle Humanitaire Enfants de L'espoir. CHENE, Organisation à but non lucratif, Dossant, Grand Boucan, Centre Haïti WI, Mirebalais.

*Mibalè, 26 Dawout 2025*Nou tout sitwayen ak sitwayèn Mibalè, an Nou  lanse yon apèl ijan bay otorite lokal yo, lidè kom...
27/08/2025

*Mibalè, 26 Dawout 2025*

Nou tout sitwayen ak sitwayèn Mibalè, an Nou lanse yon apèl ijan bay otorite lokal yo, lidè kominotè yo, ak tout aktè ki gen bon volonte pou mete sou pye yon *dyalòg ouvè ak gwoup ame ki kontwole zòn nou an*.

Sitiyasyon an vin enposib:

- Timoun pa ka ale lekòl pandan praparasyon pou nouvél ane akademik la ta dwe lwen prale.

- Fanmi yo oblije kite kay yo pou chape anba vyolans nap mal viv nan tout rakwen Peyi nan movè kondition.

Nou kwè ke *"yon move antant pi bon pase yon bon lagè"*. Se pou sa nou mande pou tout pati konsène chita pale pou jwenn yon solisyon dirab.

---

*Egzanp Istorik:*

An 1865, pandan prezidans Fabre Geffrard, Ayiti te sipòte patriyòt dominiken yo nan lit yo kont reannèksyon pa Espay. Gras ak efò diplomatik, yo te siyen yon akò ki te mete fen nan konfli a epi retabli endepandans Repiblik Dominikèn.

Egzanp sa a montre ke dyalòg ak diplomasi ka rezoud konfli konplèks.

*Rekòmandasyon:*

Nou mande pou:

1. Inisye dyalòg ak gwoup ame yo pou retabli lòd ak sekirite.

2. Mete sou pye mekanis medyasyon ak patisipasyon lidè kominotè, relijye, ak patnè entènasyonal.

3. Devlope yon plan dezameman, demobilizasyon, ak reintegrasyon pou manm gwoup ame yo.

Mwen kwè tout sitwayen Mibalè yo ka siyen yon petisyon pou montre angajman nou pou lapè ak sekirite.

*"Dyalòg se chimen pou lapè. Lapè se fondasyon devlopman."

Ansanm, ann travay pou yon Mibalè ki an sekirite ak pwospè.

*Yon Sitwayen Angaje* .

Bienvenue a vous tous ! Un espoir pour un sourire d'enfants
03/12/2022

Bienvenue a vous tous !

Un espoir pour un sourire d'enfants

Adresse

Dossant, Grand Boucan, Centre Haïti WI
Mirebalais
5210

Téléphone

+50942392824

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cercle Humanitaire Enfants de L'espoir. CHENE publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Cercle Humanitaire Enfants de L'espoir. CHENE:

Partager