07/10/2026
Se vre, peyi a ap travèse yon moman difisil. Men nou dwe konsyan ke kriz sa a pa sèlman soti nan sikonstans natirèl. Gen ladan l konsekans divizyon, batay politik san limit ak desizyon ki kontribye nan destabilizasyon peyi a.
Men se la menm nou dwe chanje direksyon an.
Si kriz la soti nan divizyon ak mank vizyon, solisyon an dwe pase nan inite, nan pwojè konkrè ak nan envestisman ki kreye espwa. Nou pa ka kontinye sèlman pale sou pwoblèm yo; fòk nou kòmanse mete sou tab la sa nou kapab fè pou chanje reyalite a.
Se nan sans sa a pwojè konstriksyon yon estad foutbòl modèn nan Milot vin enpòtan.
Nan moman kote peyi a bezwen bon nouvèl ak pwojè ki kapab rasanble moun, Mairie de Milot mete disponib yon tè 100,000 mèt kare, sa vle di 10 ekta, pou konstriksyon yon estad foutbòl modèn nan Nò Ayiti.
Tè sa a kapab tounen yon espas pou espò, pou jèn yo, pou travay, pou aktivite ekonomik ak pou envestisman. Se yon egzanp ki montre nou ke menm nan mitan kriz la, nou ka chèche solisyon epi kreye opòtinite.
Kriz la pa dwe fè nou abandone peyi a. Okontrè, li dwe pouse nou konstwi plis, envesti plis epi kreye plis opòtinite.
Peyi a bezwen mwens divizyon, plis pwojè.
Li bezwen mwens konfli, plis konstriksyon.
Li bezwen mwens pawòl san aksyon, plis inisyativ konkrè.
Se konsa nou ka kòmanse transfòme kriz la an opòtinite, epi bay jenerasyon k ap vini yo yon rezon pou yo kwè nan lavni peyi a.
Marc-Donald Vincent
Mairie de Milot - Nord - Haiti