18/05/2026
🔴📰Òganizasyon RISE HAITI anonse lansman pwojè MORE 1 ki vle di Mobilisation Pour Orientation Et Renforcement Educatif, yon inisyativ ki vize ede elèv NS4 nan tout lekòl komin Mamlad yo, jwenn pi bon oryantasyon ak sipò akademik. Aktivite a pral dewoule soti 22 pou rive 25 jen nan oditoryòm Lycée Claude Jules Préval.
Nan kad pwojè sa a, plizyè seminè ap fèt pandan 4 jou,pou ede elèv yo prepare tèt yo.
Yon konferans prevwa 26 jen an pou plis enfomasyon
Responsab RISE HAITI yo fè konnen objektif prensipal pwojè a se ede jèn yo jwenn bon direksyon nan etid yo epi konbat avek mank enfòmasyon ki souvan anpeche anpil elèv avanse. Yo kwè fòmasyon ak bon oryantasyon kapab ede prepare yon jenerasyon ki pi responsab ak pi konpetan pou demen.
Òganizasyon an lanse tou yon apèl ak tout moun ki vle sipòte edikasyon nan Marmelade pou pote kole kòm sponsò afin pwojè a kapab touche plis jèn toujou. | Malamod TV
RISE Haïti