14/09/2026
Theresias Claudener : Yon jèn talan ki ap fè non Mare-Rouge briye nan foutbòl la
Nan kominote Mare-Rouge, gen anpil jèn ki pote rèv nan kè yo, men gen kèk ki chwazi travay chak jou pou fè rèv sa yo tounen reyalite. Claudener Theresias se youn nan jèn sa yo. Claudener, yon jèn foutbolè ki soti Mare-Rouge, deja patisipe nan plizyè chanpyona kote li kontinye montre kapasite li, detèminasyon li ak lanmou li genyen pou foutbòl. Dènye pèfòmans li se yon bèl egzanp sou sa travay ak pèsistans kapab pwodwi : li rive fini kòm meyè butè chanpyona CTF la. ( 9 reyalizasyon) Men istwa Claudener pa kòmanse jodi a. Li deja patisipe nan anpil bèl chanpyona lokal, tank kou chanpyona enteskolè Li se yon ansyen jwè nan Chanpyona Ti Soutit, yon aktivite foutbòl I LOVE MARE-ROUGE toujou òganize chak mwa desanm jwiyè pou bay jèn yo yon espas pou yo jwe, devlope talan yo epi fè kominote a viv foutbòl. Se bèl bagay pou wè yon jèn ki te kòmanse nan konpetisyon lokal sa yo ap kontinye grandi, patisipe nan lòt chanpyona epi rive jwenn rekonesans pou travay li. Sa montre enpòtans aktivite espòtif lokal yo genyen nan lavi jèn nou yo.
MOTIVASYON
Pa sispann reve ! Tit meyè Bitè a se pa yon destinasyon, se yon etap sou wout la. Kontinye travay. Kontinye aprann. Kontinye disipline tèt ou. Gen jou ki ap difisil, gen match ki pap mache jan ou vle a, men pa kite okenn echèk fè w abandone rèv ou.
Mawouj bezwen plis jèn tankou Claudener, jèn ki kwè nan tèt yo, ki kwè nan talan yo epi ki konprann siksè mande sakrifis.
PLIS MOTIVASYON
Claudener , kontinye fè efò pou w vin pi bon chak jou. Kenbe tèt ou byen, respekte moun k ap akonpaye w yo, epi pa janm bliye kote ou soti. Rèv ou a pi gwo pase yon sèl chanpyona. Kontinye mache, kontinye travay, kontinye kwè nan rèv ou.
Post
Dooba Stronger