Mayisart

Mayisart Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Mayisart, Organisation à but non lucratif, Maïssade.

07/04/2026


Gè nan Mwayen Oryan

7 avril 2026 la, byen bonè nan maten, vis minis jenès ak espò iranyen an, Alizera Rahimi mande pou jenès Iran antoure enfrastrikti Etazini menase yo.

Pèp iranyen an reponn prezan, kote yo deja antoure plizyè enfrastrikti sivil Eta Islamik la.

JOF ap fè sonje atake enfrastrikti sivil yon peyi se zam lagè, daprè dwa entènasyonal la.

04/04/2026


3 avril: Journée nationale du mouvement des femmes haïtiennes.

Le 3 avril 1986, après la chute du régime fasciste duvaliériste, des milliers de femmes ont manifesté à Port-au-Prince et dans plusieurs villes de province pour revendiquer leur intégration dans la nouvelle société en transition démocratique. Elles réclamaient les mêmes droits civils et politiques que les hommes et leur participation à la gestion de la chose publique.

Cette journée de mobilisation était une réponse à la dictature féroce de Duvalier, où les femmes n'avaient aucun droit; nombreuses d'entre elles ont été exilées, violées par le régime et parfois même assassinées.

Malgré des années de lutte, les femmes figurent parmi les principales victimes des crises sociales et politiques. 40 ans après, leurs droits sont presque inexistants face à la violence des gangs armés, qui utilisent leurs corps comme un outil stratégique de contrôle territorial.

En cette journée nationale du mouvement des femmes haïtiennes, les autorités doivent agir afin que les femmes puissent j***r pleinement de leurs droits.

04/04/2026
02/04/2026


2 avril 1871: Jou dominasyon Legliz sou Leta te kaba.

Nan mitan eksperyans revolisyonè Komin Pari a, pèp souvren an te pran yon mezi radikal : yo koupe kòd ki te mare Leta nan pikèt legliz la. Se te yon kalòt marasa kont pouvwa relijye ki t ap eksplwate mas yo.

Komin Pari a rekonèt premye prensip Repiblik la se libète. Libète konsyans se premye nan tout libète yo. Komin Pari a te konsidere bidjè relijyon yo vyole prensip sa a, paske li fòse pèp la finanse lafwa li pa menm pataje. Mete sou sa, klèje a te konplis krim monachi a te konn fè kont libète.

Se nan sans sa, pèp la te pran desizyon pou: Legliz separe nèt ak Leta (Atik 1); Tout finansman piblik pou relijyon kaba (Atik 2); Tout byen kongregasyon relijye yo nasyonalize (Atik 3); Sezi byen sa yo pou mete yo nan sèvis pèp la (Atik 4).

Komin Pari a se yon eksperyans kote pèp la kraze privilèj Legliz; retire relijyon nan zafè Leta; repran richès ki te nan men enstitisyon relijye yo.

Se te yon mezi revolisyonè ki te mete libète konsyans pi wo pase dominasyon relijye, epi ki montre klè: Leta pa dwe sèvi okenn lafwa, men li dwe sèvi pèp la.

01/04/2026


17 mas 2025 lan, Ayiti ak Benen soumèt ansanm yon nominasyon bay UNESCO pou enskripsyon "Atizay Vivan ak Pratik Sosyal Vodou nan Benen ak Ayiti" sou lis reprezantatif Eritaj Kiltirèl Imateryèl Limanite.

Nominasyon entènasyonal sa a mete aksan sou Vodou kòm yon tradisyon vivan ak vibran ki travèse Afrik Lwès ak Karayib la. Li mete aksan tou sou fondman lyen istorik ak kiltirèl ki fòje atravè komès triyangilè transatlantik la.

Nominasyon an gen pou objektif pou l ale pi lwen pase estereyotip ak move konsepsyon sou Vodou ki gaye nan medya yo. Okontrè, li prezante pratik la kòm yon sistèm konplè ekspresyon kiltirèl, koyezyon sosyal, transmisyon konesans, ak rezistans kominotè. Li anglobe mizik, dans, rityèl, atizay vizyèl (ki gen ladan senbòl Vèvè ak travay payèt), tradisyon oral, ak adaptasyon n ap viv jodi a ki kontinye evolye pandan y ap kenbe fonksyon espirityèl ak sosyal yo ki esansyèl.

Vodou soti nan ansyen wayòm rejyon Gòlf Benen an, patikilyèman Dahomey, Benen jounen jodi a, kote li te istorikman lye ak lavi wayal ak kominotè, avèk divinite ki asosye avèk eleman natirèl tankou dlo, tè, lè ak dife. Kaptif afriken yo te pote kwayans ak pratik sa yo nan Karayib la, kote yo te adapte epi senkretize avèk enfliyans lokal ak katolik an Ayiti, pou fòme sa yo rele Vodou Ayisyen an.

Otorite kiltirèl ayisyen yo, tankou Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE), te kowòdone preparasyon dosye nan tèt kole avèk omolog Beninwa yo. Pwosesis la te patikilyèman enklizif, li te enplike patisipasyon dirèk pratikan Vodou, lidè kominotè ak ekspè kiltirèl ki soti nan tou de peyi yo.

Kounye a, ògàn evalyasyon UNESCO a ap egzamine aplikasyon an. Yo prevwa yon desizyon final sou enskripsyon an pandan s*k komite entègouvènmantal la an 2027. Si enskripsyon an reyisi, sa t ap ajoute nan lis eleman eritaj kiltirèl imateryèl UNESCO rekonèt yo k ap grandi (ki deja gen ladan soup Joumou, pratik pen manyòk, mizik Konpa ) epi l ap mete aksan sou wòl santral Benen kòm bèso tradisyon Vodou yo.

01/04/2026

Èske li nòmal pou moun ap sibi vyolans sou tout fòm nan enstitisyon sanitè yo??

Vyolans nan lopital yo : ant vyolasyon etik medikal ak trayi prensip konstitisyonèl yo.

Nan yon sosyete ki deklare li respekte dwa moun, kesyon fason pasyan yo trete nan enstitisyon sante yo pa ta dwe janm rete nan silans. Men reyalite a montre yon kontradiksyon flagran ant sa lalwa, etik egzije, ak sa pasyan yo espesyalman fanm nan matènite ap sibi chak jou.

1. Sa kòd deontolojik medikal la di.

Kòd deontolojik medikal la fikse prensip fondalnatal ki dwe gide tout pwofesyonèl sante. Pami yo:

Respè diyite moun : chak pasyan dwe trete ak respè, san imilyasyon ni diskriminasyon;

Konfidansyalite : enfòmasyon sou pasyan dwe pwoteje;

Konsantman lib ak klè (consentement éclairé) : okenn zak medikal pa dwe fèt san pasyan an pa dakò;

Non ak maltretans (pa fè mal) : pwofesyonèl la dwe evite tout zak ki ka blese pasyan an fizikman oswa s*kolojikman. Lè yon fanm ap akouche epi yo maltrete li, rele sou li, frape li, oswa fè jès seksyèl sou li, se pa sèlman yon mank etik se yon vyolasyon grav kont pwofesyon an.

2. Sa Konstitisyon ayisyèn nan di.

Nan zafè lasante konstitisyon Ayiti 1987 la rekonèt plizyè dwa fondalnatal:

Dwa a lavi ak sante;

Respè diyite moun (Atik 19);

Pwoteksyon kont tout fòm vyolans ak tretman imilyan (Atik 25);

Egalite ant fanm ak gason (Atik 17.1).

Kidonk, vyolans fizik, vèbal oswa seksyèl nan lopital se pa sèlman yon kesyon etik; se yon kesyon vyolasyon manman lwa peyi a.

3. Vyolans obstetrikal : yon reyalite ki vinn nòmalize.

Nan anpil matènite, sa nou rele vyolans obstetrikal vin tounen yon pratik nòmal:

Frape fanm pandan travay akouchman;

Imilyasyon (lè w t ap pran l lan ou te ouvè tout kò w);

Refize bay swen oswa neglijans;

Zak seksyèl oswa manyen san konsantman.

Pratik sa yo pa izole; yo fè pati yon sistèm kote fanm, sitou fanm yo fè pòv yo, pa konsidere kòm moun ki gen dwa.

4. Yon analiz politik pwogresis.

Nou pa ka separe estrikti sosyo-ekonomik ak pouvwa:

Dominasyon patriyakal : kò fanm toujou kontwole, menm nan espas medikal la.

Inegalite klas : fanm ki pa gen mwayen sibi plis move tretman.

Degradasyon sèvis piblik : leta pa envesti ase nan sante, sa kreye fristrasyon ak abi.

Enpinite : prèske pa gen sanksyon kont ajan sante ki komèt abi.

Se pa sèlman yon kesyon "move konpòtman endividyèl"; se yon sistèm ki tolere vyolans sou kò moun ki pi vilnerab yo.

5. Ki chanjman ki nesesè ?

Fè dwa pasyan yo vin obligatwa ak kontwòl estrik;

Kreye mekanis plent endepandan pou viktim yo;

Fòmasyon obligatwa sou dwa moun ak etik pou pèsonèl sante;

Sanksyon klè kont vyolans obstetrikal ak abi seksyèl;

Revalorize sistèm sante piblik la (pi bon salè, plis resous);

Entegre yon apwòch feminis nan swen sante;

6. Konklizyon

Vyolans pasyan yo ap sibi nan lopital yo se pa yon aksidan; se rezilta yon sistèm ki neglije diyite moun. Ant sa kòd deyontolojik la mande ak sa konstitisyon an garanti, gen yon gwo vid kote lavi fanm menase chak jou.

Yon sosyete ki pa respekte fanm pandan yo ap bay lavi, se yon sosyete ki trayi pwòp avni li.

Sergeline NAZULUS Enfimyè Lisansye Miltan feminis Angaje.

01/04/2026


31 mas 2025 - 31 mas 2026, se deja yon lane depi militan dwa moun nan, mèt Mario Joseph te travèse.

Mèt Mario, se te yon gason kanson, yon militan ki t ap batay bò kote sila ki pi fèb yo, ki pa sispann viktim nan sosyete miwo miba sa a.

Potorik gason sa pat janm sispann batay bò kote oprime yo. Li te toujou endiye douvan enjistis. Nan lane 1994, li te bò kote viktim masak Raboto yo. Depi an 2011 li te angaje l nan batay bò kote viktim kolera/MINUSTAH yo.

Sevre Mario Joseph travèse, men angajman l ak detèminasyon l rete yon sous enspirasyon pou tout moun k ap batay pou pwojè libète ak byennèt la triyonfe.

Moun k ap batay pa mouri.

31/03/2026


JOF kondane ak tout fòs li masak gang viv ansanm yo fè sou popilasyon Jandeni an e li pwofite mande pou popilasyon an leve kanpe pou di non ak tout fòm vyolans sou popilasyon pòv nan Latibonit yo ki pa sispann viktim anba gang tout kalte.
N ap raple pouvwa Fizenme ak alye li yo se nan kòripsyon, separe gato yo chita pandan mas popilè a nan kouri...

31/03/2026


31 mas 2025 - 31 mas 2026: yon lane soufrans ak imilyasyon pou tout pitit Mibalè.

31 mas 2026 la make yon lane depi tout pitit mibalè oblije pati kite kay yo anba de nawè Leta a. Jodi a fè yon lane soufrans, pwoblèm, kalamite ak desepsyon douvan pòt Kay moun. Se jou sa nou ta pral rankontre tout jan de soufrans sou chimen nou:

31 mas 2025 pou rive 31 mas 2026.
Se yon sitiyasyon ki pote anpil lapenn, ki mete dlo nan je nou lè n ap gade kòman gang ak sapat, gang ak vès ta pral fè nou kouri san nou pa konn kote nou prale. Wi kouri kite fòtin nou, resous nou, fanmi nou. Sitiyasyon sila pa sèlman mete dlo nan je n, men tou li afekte nou jouk nan zo.

Se pa sèlman kouri nou kouri, se frè n ak sè n ki tonbe; se lekòl nou ki sispann; se vyole yo vyole n; se 40 lane kouray anpil nan nou ki gaspiye; se komès manman nou ki piye; se lajan kout ponya ki pase anba flanm; angwo se zantray nou k ap dechire.

Se 31 mas 2025 lan nou ta pral konnen mizè monte ak desann mòn lanuit kou lajounen. Lapli mizè wouze nou, solèy dezespwa seche n. Se jou sa nou t a pral fè eksperyans nan dòmi anba pye bwa, nan raje, nan kafou, tonbe nan falèz elatriye...

Douvan sitiyasyon malouk n ap viv jounen jodi a nou leve vwa nou pou n di ase, mas yo pa kapab ankò. Non denonse ak tout fòs nou: enperyalis la ak Leta ki pa sispann bwè san pèp la; tout zak kriminèl k ap fèt nan peyi a; inegalite sosyal; dappiyanp sou tè.

Viv yon sosyete kote lèt ak myèl ap koule pou tout moun 💪, viv libète ak byennèt pép la, viv yon Ayiti sosyalis.

Kélanda joseph, ansyen etidyan Lekòl Fòmasyon Politik Chalmay Peral (LFPCP).

26/03/2026

Kredi foto: france inter. Douvan pòt Samdi 28 fevriye 2026 la, byen bonè nan maten, lame kolonyal peyi Izrayèl la nan tèt kole ak enperyalis meriken lanse yon gwo operasyon militè kont peyi Iran. A…

Adresse

Maïssade

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mayisart publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Mayisart:

Partager