05/06/2025
Jodia se 5 jen, yon Jou nasyon zini chwazi pou selebre jounen mondyal anviwònman.
Ane sa a l ap selebre sou tèm sa a:
"Konbat polisyon plastik nan mond lan".
Tèm sa fè apèl alaksyon kote Chak sitwayen dwe reflechi sou fason yo ap itilize plastik yo nan mond lan ki kite yon malè pandye sou ekosistèm yo ak biyodivèsite a.
Se yon moman pou konsyans chak ayisyen reveye sou fason yo dwe pwoteje anviwònman yo kont polisyon plastik la. ap kontinye sansibilize nou epi konseye itilize ansyen mòd yo. Tankou sak an tweak ak panye lè Nou pwale nan mache, bòl an metal oubyen tout lòt veso ki kapab itilize plizyè fwa.
Itilize bidon ki kapab itilize plizyè fwa pou nou pote dlo lè n ap soti.
Chak ti jès konte, pote touch paw la menmsi li Piti l ap fè yon gran diferans.
Ann lite Pou konbat polisyon plastik nan mond lan.
Gwoup Konbit Ministère de l'Environnement Haïti Jenès Vèt John-Milton Volmar Campus Henry Christophe de Limonade CHCL Smith Petioth Le Flambeau YouthClub Michelson Merzier Makenson Joseph Djoubelkie Joseph Agir Pour l'Environnement