FireOmen

FireOmen 💠 Objektif nou se kreye yon anviwònman kote nou LIB pou :
1-. Aprann 🔥
2-. Di sa nou panse🔥
3-.

Pataje resous 🔥

💠 Vizyon nou se fè Enpak nan lavi nou men tou nan lavi lòt moun nan antouraj nou.

Nous attendons vos questions avec plaisir ! N'hésitez pas à les poser en commentaire ou à nous écrire en message privéN ...
28/07/2026

Nous attendons vos questions avec plaisir ! N'hésitez pas à les poser en commentaire ou à nous écrire en message privé

N ap tann kesyon nou yo avèk anpil plezi! Pa ezite poze yo nan kòmantè yo oswa ekri nou an prive.

We look forward to your questions! Feel free to ask them in the comments or send us a private message.

21/07/2026

18/07/2026

Merci Ă  toi, .
FIREOMEN tient à te remercier d'avoir répondu présent lors de cette grande journée. Ta présence, ton soutien et ta participation ont grandement contribué à la réussite de cet événement.
Nous te remercions sincèrement et espérons pouvoir continuer à partager de beaux moments avec toi.
Merci infiniment !

Nan dat 28 juin an, nou menm ki nan komite a ansanm ak manm FIREOMEN yo, te chwazi fè yon bagay espesyal: simen lajwa na...
13/07/2026

Nan dat 28 juin an, nou menm ki nan komite a ansanm ak manm FIREOMEN yo, te chwazi fè yon bagay espesyal: simen lajwa nan kè papa yo, onore yo epi fè yo sonje jan yo enpòtan.
Nan yon sosyete kote pafwa nou pale anpil de sa gason pa fè, nou konn bliye pale de tout bèl bagay anpil nan yo ap fè chak jou. Nou bliye papa k ap leve bonè pou fanmi li, papa k ap fè sakrifis an silans, papa k ap lite san plenyen, papa k ap tonbe men ki toujou jwenn fòs pou leve ankò.
Se poutèt sa, atravè aktivite « Nos Pères, Nos Héros », nou te vle di yo:
Papa, nou wè efò ou.
Nou rekonèt sakrifis ou.
Nou apresye prezans ou.
Ou enpòtan. Ou gen valè. Pa abandone!
Menm lè w santi pèsonn pa wè batay w ap mennen yo, sonje gen moun ki rekonèt valè ou. Sosyete a bezwen bon papa, bon mari, bon frè, bon pitit ak bon gason k ap kontinye simen bèl valè pou jenerasyon k ap vini yo.
Jounen sa a se te plis pase yon fèt. Se te yon mesaj. Yon mesaj lanmou, rekonesans ak ankourajman pou chak papa ki te prezan. Nou te vle mete yon souri sou vizaj yo epi fè yo sonje ke yo menm tou, yo merite pou yo selebre, apresye ak onore. 🫂
Pou tout papa yo: kontinye vanse, kontinye goumen, kontinye renmen. Pa abandone. Paske prezans nou konte, efò nou gen valè, epi pou anpil moun, nou se ewo yo.
🔥 FIREOMEN — simen lajwa, pote espwa, valorize moun.


01/05/2026
Bon nouvèl pou fanmi FireOmen! 🔥Dimanch ki sot pase a, nou te gen yon bèl fòmasyon sou tibèkiloz 📚🩺Se te Miss Edeline do...
01/05/2026

Bon nouvèl pou fanmi FireOmen! 🔥
Dimanch ki sot pase a, nou te gen yon bèl fòmasyon sou tibèkiloz 📚🩺
Se te Miss Edeline dorcy ki te anime sesyon an, kote li te pataje anpil enfòmasyon enpòtan avèk nou sou tibèkiloz.
🔎 Kisa tibèkiloz ye?
Se yon maladi enfeksyon ki atake sitou poumon, li ka fasil transmèt lè yon moun ki enfekte ap touse, estènen oswa pale.
⚠️ Kèk siy pou veye:
Tous ki dire plis pase 2 semèn
Lafyèv
Swe lannwit
Pèdi pwa
🛡️ Prevansyon:
Kouvri bouch lè w ap touse oswa estènen
Lave men souvan
Evite rete twò kole nan espas ki pa gen bon lè
Ale lopital bonè si ou remake sentòm yo

Apre fòmasyon sa a, prezidant Mityèl la ki se Yonelye Myrtil te ofisyèlman lanse FMS (Fire Mityèl Solidarite) 🤝
Se avèk anpil fyète nou anonse ke nou deja rive fè premye prè nou 💸✨
Sa montre klèman ke ansanm nou kapab bati yon sistèm solidarite ki solid pou ede youn lòt grandi.
💪 Ann kontinye aprann, grandi, epi sipòte youn lòt!

Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, òganizasyon FIREOMEN, IFUREC ak OFADES te mete tèt ansanm pou make ...
10/03/2026

Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, òganizasyon FIREOMEN, IFUREC ak OFADES te mete tèt ansanm pou make jounen enpòtan sa a, epi reflechi sou tèm te bay mond lan ki gen anpil enpòtans: “Dwa, Jistis, Aksyon.”
Dwa : paske fanm yo dwe gen menm dwa ak tout lòt moun nan sosyete a; dwa pou jwenn edikasyon, dwa pou travay, dwa pou viv san vyolans, epi dwa pou patisipe nan devlopman kominote yo.

Jistis : paske lè dwa fanm yo pa respekte, fòk gen jistis. Se yon batay pou egalite, respè ak pwoteksyon pou tout fanm.

Aksyon : paske chanjman pa fèt sèlman ak pawòl. Li mande aksyon konkrè pou ankouraje otonomi fanm yo, sipòte lidèchip yo, epi konstwi yon sosyete ki pi jis.
Ansanm, ann kontinye leve vwa nou, pran angajman, epi aji pou defann dwa fanm yo ak bati yon sosyete ki pi egal pou tout moun.








Nan mwa Fevriye a, mèdam nan   te gen privilèj patisipe nan yon fòmasyon sou Mityèl Solidarite. Fòmasyon sa a te anime p...
09/03/2026

Nan mwa Fevriye a, mèdam nan te gen privilèj patisipe nan yon fòmasyon sou Mityèl Solidarite. Fòmasyon sa a te anime pa fòmatè nou , Mesye Fils-Aimé louis, ki te pataje anpil bel konesans ak nou tankou: kisa ki yon mityèl, e kijan yon mityèl solidarite kapab ede fanm vin pi otonòm, devlope aktivite yo, epi soutni youn lòt.
Nou di li yon gwo mèsi pou tan li, pasyon li, ak volonte li te genyen poul te aprann fanm sa yo grandi konesans yo plis, e nou panse sa yo se vrè zouti pou avni nou.
ap kontinye aprann, grandi, epi vanse ansanm. 🔥

Nou gen anpil plezi envite nou tout pou vini patisipe nan selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo  ki ap 8 Mas.Aktiv...
07/03/2026

Nou gen anpil plezi envite nou tout pou vini patisipe nan selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo ki ap 8 Mas.
Aktivite sa ap fèt gras ak bèl kolaborasyon ant twa òganizasyon ki deside mete fòs yo ansanm pou avansman fanm yo: FireOmen, IFUREC ak OFADES.
Se yon moman espesyal kote n ap reflechi, pataje, epi ankouraje aksyon pou fanm yo, anba tèm: “Dwa, Jistis, Aksyon.”
đź“… Dimanch 8 Mas 2026
⏰ 3:00 PM – 6:00 PM
📍 Local du Collège Joseph Pierre Louis, Village Nadia

Adresse

Les Cayes

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque FireOmen publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager