14/04/2026
Adm Larrieux Jean Pierre se yon jounalis nan depatman sid ki fèt an 1996, marye, papa 2 pitit (1 gason ak 1 fi), epi ki ap make prezans li nan domèn medya a ak anpil pasyon ak angajman.
Li etidye jesyon des affaires, kominikasyon ak jounalis, epi li pouswiv fòmasyon li nan gouvènans teritoryal ak syans jiridik. Konbinezon sa yo pèmèt li devlope yon vizyon klè sou kestyon sosyete a, sitou nan domèn politik, administratif ak Jiridik.
Kòm jounalis nan Radyo Vision 2000, li ap fè yon travay remakab nan press Okay la. Li pa sèlman bay enfòmasyon, men li pote analiz, kestyonman ak refleksyon sou reyalite peyi a, san pè ni patipri.
Adm Larrieux Jean Pierre se yon jèn ki gen foug, ki pran responsabilite li, epi ki chwazi sèvi kominote li atravè verite ak pwofesyonalis.
Yon modèl pou jenerasyon kap vini an. 🇭🇹