25/09/2025
*Lekòl Lwen, Danje Toupre: Timoun Ba Plato yo Anba Menas Ensekirite ak Neglijans Leta.*
Laskawobas, Ayiti Pandan Ayiti ap tranble anba pwa ensekirite ak dezòd san kontwòl, jèn ki sot fin temine lekòl yo nan zòn Ba Plato Santral ap fè fas ak yon sitiyasyon ki grav. Anpil ladan yo pa kapab kontinye etid yo, paske yo te konn oblije vwayaje ale Mibalè oswa Wo Plato Santral, kote trajè a pa sèlman difisil, men li pa an sekirite ditou.
Komin yo tankou awondisman Laskawobas, Savanette, Bèladè ak Baptiste, epi zòn riral k ap soufri depi lontan,Zòn yo pa janm pran an konsiderasyon nan devlopman peyi a,
kote elèv pa gen aksè dirèk ak inivèsite lekòl segondè oswa siperyè. Se pa tout fanmi ki ka voye pitit yo lwen, e lè sa ajoute ak move la vi , epi enstabilite wout yo li vin klè ke nou pa ka kontinye fonksyone konsa.
Pandan sa, gen presyon sou jèn yo pou yo pa abandone lekòl, men pa gen estrikti sou plas ki kapab sipòte yo. Gen paran k ap oblije voye pitit yo lakay fanmi lwen, oswa kite yo pa ale lekòl ditou. Se yon trajedi k ap dewoule an silans.
Solisyon an dwe klè: Leta dwe mete Anèks Lekòl Leta nan Ba Plato Santral espesyalman nan komin yo ki pi lwen, pou timoun yo ka kontinye aprann kote yo ye a. Sa ap ede evite dezas pi fon: dekourajman, delenkans, migrasyon, e menm trafik jèn.
Nou mande Leta, atravè Ministè Edikasyon Nasyonal, pou li mete ansanm ak tout lòt antite responsab, tankou Ministè Enteryè, ONG k ap travay sou teren, ak lidè lokal yo, pou mete yon estrikti ijans sou pye pou ouvè anèks lekòl leta nan zòn sa yo. Si yo pa fè sa, gen gwo risk pou zòn sa yo pèdi yon jenerasyon antye.
Elèv nan Ba Plato Santral pa kapab ale Mibalè. Yo pa kapab monte Wo Plato. Sa pa ka kontinye. Fòk aksyon fèt kounye a. Se pa pawòl nou bezwen, se prezans ak aksyon Leta. Nou pa dwe kite tan pase pou pòt lekòl yo fèmen nèt.
Leta, kote ou ye? Si ou egziste vre, nou bezwen ou kounye a.
Claudner PAUL