01/01/2026
🇭🇹 1ye Janvye, Fèt Endepandans Ayiti – Yon Jou Sakre pou Pèp Ayisyen.
Jodi a se pa yon jou tankou tout lòt. 1ye janvye make yon dat sakre nan listwa pèp ayisyen. Se jou sa a, an 1804, Ayiti te vin premye repiblik nwa endepandan nan mond lan, apre yon batay san parèy kont esklavaj, kolonizasyon, ak enjistis. Se pa ti sakrifis ki te fèt pou nou te rive la. Se ak san, ak kouraj, ak lanmou pou libète ke zansèt nou yo te mete tèt ansanm pou kraze chenn esklavaj la.
Jan Jak Desalin, Tousen Louvèti, Kapwa Lamò, Sanba Boukman, e anpil lòt ewo ak ewoin ki pa janm jwenn non yo nan liv listwa yo, te leve kanpe pou di NON. NON ak esklavaj. NON ak dominasyon. NON ak imilyasyon. Wi ak diyite. Wi ak libète. Wi ak endepandans.
Jodi a, nou selebre pa sèlman viktwa sa a, men nou selebre lespwa, rezistans, ak valè pèp ayisyen an. Nan tout kat kwen peyi a, fanmi yo rasanble pou manje soup joumou – yon soup ki te entèdi pou esklav yo, men ki vin tounen senbòl libète nou. Chak kiyè soup se tankou yon onè pou zansèt nou yo, yon rekonesans pou batay yo te mennen.
Men, pandan n ap selebre, nou pa dwe bliye ke endepandans lan se pa yon bagay ki fini. Se yon batay chak jou. Se responsabilite chak sitwayen pou kontinye leve drapo Ayiti pi wo, pou n travay pou yon peyi ki gen plis jistis, plis inite, plis lanmou, plis devlopman.
Ann sonje: endepandans pa sèlman separe tèt ou ak opresè a. Se tou bati yon sosyete kote tout moun gen valè, kote tout timoun ka ale lekòl, kote tout fanm ak gason ka viv ak respè, kote tout jèn ka reve epi reyalize rèv yo.
Viv Ayiti! Viv endepandans! Viv zansèt nou yo!
Joseph VILAS, profesè syans sosyal.