OPA Lazil

OPA Lazil Nou se yon gwoup jèn angaje, ki mete tèt ansanm pou devlopman Lazil. Swiv nou pou w kapab rete enfòme de pwojè nou yo.

07/09/2026

Sitasyon Jodia se Kofi Annan ki pote l pou ou

07/09/2026

Seuls, nous pouvons faire si peu ; ensemble, nous pouvons faire beaucoup.

- Helen Keller

𝐁𝐚𝐭𝐢𝐦𝐚𝐧 𝐋𝐢𝐬𝐞 𝐒𝐞𝐧 𝐉𝐨𝐳𝐞̀𝐟 𝐋𝐚𝐳𝐢𝐥 𝐥𝐚 𝐚𝐩 𝐝𝐞𝐭𝐞𝐫𝐲𝐨𝐫𝐞: 𝐤𝐢𝐲𝐞̀𝐬 𝐤𝐢 𝐠𝐞𝐧 𝐫𝐞𝐬𝐩𝐨𝐧𝐬𝐚𝐛𝐥𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐣𝐢?Move eta batiman Lise Sen Jozèf Lazil...
31/08/2026

𝐁𝐚𝐭𝐢𝐦𝐚𝐧 𝐋𝐢𝐬𝐞 𝐒𝐞𝐧 𝐉𝐨𝐳𝐞̀𝐟 𝐋𝐚𝐳𝐢𝐥 𝐥𝐚 𝐚𝐩 𝐝𝐞𝐭𝐞𝐫𝐲𝐨𝐫𝐞: 𝐤𝐢𝐲𝐞̀𝐬 𝐤𝐢 𝐠𝐞𝐧 𝐫𝐞𝐬𝐩𝐨𝐧𝐬𝐚𝐛𝐥𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐣𝐢?

Move eta batiman Lise Sen Jozèf Lazil la soulve yon kesyon fondamantal: kiyès ki gen responsablite pou asire antretyen ak reyabilitasyon lise piblik yo?

Nan dat 1ye dawout 2025 la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te prezante bay laprès yon dokiman ki rele «𝑀𝑎𝑛𝑢𝑒𝑙 𝑑𝑒 𝐺𝑒𝑠𝑡𝑖𝑜𝑛 𝑒𝑡 𝑅𝑒̀𝑔𝑙𝑒 𝐷𝑒́𝑜𝑛𝑡𝑜𝑙𝑜𝑔𝑖𝑞𝑢𝑒 𝑑𝑒𝑠 𝐿𝑦𝑐𝑒́𝑒𝑠 𝑑𝑒 𝑙𝑎 𝑅𝑒́𝑝𝑢𝑏𝑙𝑖𝑞𝑢𝑒». Dokiman sa a defini wòl diferan aktè ki enplike nan jesyon lise piblik yo.

Nan dokiman sa a, Ministè a tabli aklè wòl ak responsablite direktè lise yo, Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo ak Direksyon Jeni Eskolè nan antretyen, reparasyon ak reyabilitasyon enfrastrikti lise yo.

𝐊𝐢 𝐫𝐞𝐬𝐩𝐨𝐧𝐬𝐚𝐛𝐥𝐢𝐭𝐞 𝐝𝐢𝐫𝐞𝐤𝐭𝐞̀ 𝐥𝐢𝐬𝐞 𝐲𝐨?
Selon dokiman an, direktè lise yo gen twa (3) fonksyon : administratif, pedagojik ak relasyonèl.

Fonksyon administratif la fè direktè yo responsab byen mèb ak imèb lise yo. Se pou rezon sa a, direktè yo gen devwa pou mete sou pye yon selil antretyen ki responsab pwòpte lakou ak blòk sanitè yo, ansanm ak anbelisman batiman an.
Pou asire yon pi bon jesyon, direktè lise yo dwe prepare yon bidjè anyèl ki sipoze pran an konsiderasyon tout revni lise a epi prevwa tout depans ki nesesè pou fonksyònman l, tankou:
• Materyèl pedagojik (lakrè, kanè, fich, kat);
• Antretyen ak reparasyon;
• Dlo ak enèji;
• Kit premye swen pou enfimri lise a;
• Òganizazyon aktivite espòtif, atistik, edikatif ak vizit istorik;


𝐊𝐢 𝐬𝐨𝐮𝐬 𝐟𝐢𝐧𝐚𝐧𝐬𝐦𝐚𝐧 𝐛𝐢𝐝𝐣𝐞̀ 𝐥𝐢𝐬𝐞 𝐲𝐨?
Selon dokiman an, prensipal sous finansman lise yo se frè enskripsyon elèv ki fèk ap antre yo peye a ak frè anyèl chak elèv peye a, ki fikse a mil (1 000) goud. Anplis de revni sa yo, lise yo ka jwenn lòt resous finansyè atravè lokasyon espas, don ak sibvansyon.
Daprè Chapit IV dokiman an, mil (1 000) goud elèv yo peye kòm frè anyèl la divize an de (2) pati:

1. 60% rete a dispozisyon direktè lise yo.
2. 40% transfere bay Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE)


𝐊𝐢 𝐫𝐞𝐬𝐩𝐨𝐧𝐬𝐚𝐛𝐥𝐢𝐭𝐞 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐃𝐞𝐩𝐚𝐭𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥 𝐄𝐝𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐲𝐨?
Direksyon Depatmantal yo resevwa 40% nan frè anyèl (1 000 goud) elèv yo peye a. Daprè dokiman an, pati sa a fèt pou kontribye nan finansman reyabilitasyon enfrastrikti lise yo ak konstriksyon nouvo batiman, an kolaborasyon ak Direksyon Jeni Eskolè, selon nivo nesesite chak lise.
Daprè règ sa yo, travay ki gen rapò ak reyabilitasyon batiman lise yo antre nan responsablite Direksyon Depatmantal yo avèk kolaborasyon Direksyon Jeni Eskolè.


𝐍𝐚𝐧 𝐤𝐚 𝐋𝐢𝐬𝐞 𝐒𝐞𝐧 𝐉𝐨𝐳𝐞̀𝐟 𝐋𝐚𝐳𝐢𝐥 𝐥𝐚
Si Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) deja defini wòl chak aktè nan sa ki gen pou wè avèk jesyon batiman lise yo, li enpòtan pou nou konprann poukisa batiman lise a ap deteryore nan eta sa a.
1. Èske se akoz neglijans direktè lise a?
2. Èske se paske direktè a pa jwenn ase fon pou mete nan bidjè anyèl la pou reparasyon lise a ?
3. Ki demach direktè lise a fè bò kote siperyè li pou rezoud pwoblèm yo ?


𝐊𝐨𝐧𝐤𝐥𝐢𝐳𝐲𝐨𝐧
Daprè dokiman an, responsablite yo divize selon kalite entèvansyon an: administrasyon lise a gen responsablite sou jesyon ak antretyen regilye etablisman an, pandan Direksyon Depatmantal Edikasyon yo, nan tèt kole avèk Direksyon Jeni Eskolè, gen responsablite pou konstwi nouvo batiman epi asire reyabilitasyon enfrastrikti lise yo.


𝐑𝐞𝐝𝐚𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧: Howard Temberg & Jean Julio Hyppolite
Sous : Manuel de Gestion et Règle Déontologique des Lycées de la République, MENFP HAITI Officiel


𝐊𝐫𝐞𝐝𝐢 𝐢𝐦𝐚𝐣: LAZIL SE PA'M, Jephte Volcy Media TV

Martin Luther King, Jr.
29/08/2026

Martin Luther King, Jr.

Ann travay ansanm pou yon lòt Lazil.    Nou ka pa pratike menm metye, nou ka pa gen menm eksperyans, nou ka gen ide ki d...
26/08/2026

Ann travay ansanm pou yon lòt Lazil.

Nou ka pa pratike menm metye, nou ka pa gen menm eksperyans, nou ka gen ide ki diferan.

men nou pataje menm kominote a.
Yon sel Lazil la pou nou tout.💙💛

Gen pwoblèm ki konn parèt twò lou pou on sèl moun ta rezoud. 🪨Men lè plizyè moun makònen ide yo, efò yo, ak kapasite yo ...
25/08/2026

Gen pwoblèm ki konn parèt twò lou pou on sèl moun ta rezoud. 🪨

Men lè plizyè moun makònen ide yo, efò yo, ak kapasite yo ansanm, sa ki te sanble enposib la ka vin byen fasil.

Pa gen devlopman san volonte ak aksyon.

Adresse

Rue Projet
L'Asile

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque OPA Lazil publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager