02/09/2025
VEQH ap louvri baryè konesans la pou ou!
Pa rate fòmasyon sou sérigraphie ak depanaj òdinatè kap demare byento!
Serigrafi ap ba w kapasite pou kreye, enprime sou mayo, sak, papye, epi lanse pwòp biznis ou.
Depanaj òdinatè ap mete w sou pye pou konprann, repare, epi sèvi ak òdinatè tankou yon pwofesyonèl!
Fòmasyon sa yo se pa plezi — se zouti pou leve kanpe.
Pratik sou teren
Sètifika
Ankadreman pa moun ki gen eksperyans
Pa viv nan rev — vin bati lavni w!
📍Enskri kounya ak VEQH.
Paske pi gwo zam ou genyen, se konesans ou.