enpaK Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de enpaK, Organisation à but non lucratif, Ouest/1ere Ruelle Jeremie # 20, Bois-Verna/Nord-Est/4, Rue La Place, Grand Bassin; 10, Rue Ville Neuve, Quartier Sicard Fort-Liberté/Sud/Champlois #6 Camp Perrin, Jeremie.

enpaK est une organisation féministe œuvrant pour l'autonomisation des femmes et des filles, tout en mobilisant les hommes et les garçons en tant qu'alliés afin de prévenir la violence et de promouvoir un mouvement féministe inclusif en Haïti. “enpaK”, renforce la capacité des organisations à travers toute une gamme de produits afin de leur permettre d’améliorer la qualité des services qu'elles fo

urnissent. “enpaK” croit que le développement d’Haïti est de la responsabilité première des Haïtiens.

10/05/2026

Nan mitan Titwou Nip, Lèzanglè, Baradè ak Ansavo,
gen yon istwa kap ekri…
Yon istwa kote lespwa ap boujonnen,
kote kominote yo kanpe pou pwoteje pitit yo.

Se istwa sa a enpaK ap pataje avèk nou jodi a.
Yon istwa enpaK ekri nan tèt kole ak patnèl World Vision, ak sipò Dutch relief Alliance 💙

🌟 Ansanm pou pwoteksyon ak sitwayènte pozitif timoun yo !Semèn ki sot pase yo, ekip nou yo te kontan travay nan plizyè l...
07/05/2026

🌟 Ansanm pou pwoteksyon ak sitwayènte pozitif timoun yo !

Semèn ki sot pase yo, ekip nou yo te kontan travay nan plizyè lekòl ansanm ak patnè nou IBESR ak Brigad Pwoteksyon Minè nan kèk komin depatman Sid ak Nip.

Nan rankont sa yo, timoun yo te aprann sou dwa yo, sou mekanis pwoteksyon ki egziste, epi sou fason pou yo vin sitwayen responsab, ki gen respè youn pou lòt epi ki angaje nan kominote yo.

Timoun yo te patisipe ak anpil kè kontan. Yo te poze kesyon, pataje lide, epi pran angajman pou yo vin anbasadè lapè ak respè nan lekòl yo ak nan kominote yo.

Patenarya ant IBESR, BPM ak lekòl yo montre ke pwoteksyon timoun se yon travay kolektif, yon angajman kè ak lespri pou bati yon avni ki pi bon pou tout timoun Ayiti.

Chak souri se yon pwomès : Ansanm, n ap konstwi yon Ayiti kote chak timoun jwenn pwoteksyon, respè ak valè.

Aktivite sa fèt nan tèt kole ak World Vision ak sipò Dutch Relief Alliance

🚨 Nouvo entèvansyon enpaK nan 3 komin Plato Santral Fas ak deplasman fòse ki soti nan kriz sekirite nan kapital la, anpi...
28/04/2026

🚨 Nouvo entèvansyon enpaK nan 3 komin Plato Santral

Fas ak deplasman fòse ki soti nan kriz sekirite nan kapital la, anpil fanmi ap chèche refij nan depatman Sant. Sitiyasyon sa a mete yo nan gwo vilnerabilite, ak plis risk pou vyolans, abi ak eksklizyon.

Se nan kontèks sa a enpaK, an patenarya ak World Vision ak sipò OCHA, lanse yon nouvo pwojè pou ranfòse pwoteksyon timoun ak konbat vyolans kont fanm ak tifi nan Ench, Tomond ak Boukan kare.

Gras ak inisyativ, "Réponse urgente intégrée en éducation et protection", enpaK pral :
✨ Mete kanpe espas sekirize pou timoun ak jèn yo aprann, jwe ak devlope
✨ Reyalize sesyon sansibilizasyon kominotè sou dwa timoun, pwoteksyon ak egalite
✨ Ranfòse mekanis pou rapòte ka yo pou ede kominote yo idantifye, denonse epi refere ka vyolans yo
✨ Mete kanpe aktivite espesyal pou prevansyon vyolans sou fanm ak tifi
✨ Mobilize kominote yo pou bati rezo pwoteksyon lokal ki solid

💙 enpaK kwè ke menm nan ijans, chak timoun gen dwa pwoteksyon, epi chak fanm gen dwa viv san vyolans.

Nou kontinye konte sou fòs kominote yo pou pote chanjman.

📍 Lèzanglè : Paran yo angaje pou pi byen pwoteje pitit yo 💙Nan komin Lèzanglè, sesyon sansibilizasyon sou dwa timoun ak ...
21/04/2026

📍 Lèzanglè : Paran yo angaje pou pi byen pwoteje pitit yo 💙

Nan komin Lèzanglè, sesyon sansibilizasyon sou dwa timoun ak pwoblèm pwoteksyon timoun yo te rasanble anpil paran ki montre yon gwo volonte pou chanje bagay yo pou pitit yo.

Nan espas dyalòg sa yo, paran yo te pataje eksperyans yo, poze kesyon, epi reflechi sou fason yo ka pi byen pwoteje, pi byen akonpaye ak pi byen sipòte timoun yo. Gen anpil emosyon, anpil refleksyon, men sitou anpil angajman ak lespwa.

Sa ki pi frape nou, se detèminasyon paran yo: yo vle aprann plis, chanje kèk pratik, epi kreye yon anviwònman ki pi an sekirite pou pitit yo grandi ak diyite.

Nan enpaK, nou kwè pwoteksyon timoun kòmanse lakay, nan fanmi yo. Lè paran yo angaje konsa, se yon gwo pa pou transfòmasyon kominote a. 💙

Aktivite sa yo fèt nan kad pwojè an patenarya ak World Vision, avèk sipò Dutch Relief Alliance.

Èske sa rive lakay ou tou? 🤔Timoun nan fè anpil dezòd, li pa koute, li fè sal pa dwe fè… epi pafwa tansyon monte ant par...
14/04/2026

Èske sa rive lakay ou tou? 🤔

Timoun nan fè anpil dezòd, li pa koute, li fè sal pa dwe fè… epi pafwa tansyon monte ant paran ak pitit. Anpil paran konn santi yo fatige, fristre, oswa pa konnen ki pi bon fason pou reyaji.

Nan videyo sa a, dekouvri istwa Kèven, yon timoun ki gen anpil enèji, ak manman li k ap chèche yon lòt fason pou edike li san rèl ni vyolans.

Istwa sa a montre kijan disiplin pozitif, kominikasyon ak pasyans ka ede amelyore relasyon ant paran ak timoun.

👉 Gade videyo a pou dekouvri istwa a epi reflechi sou lòt fason pou jere sitiyasyon difisil ak timoun yo.

🔗 Klike sou lyen an pou gade videyo enpaK ak World Vision pote pou ou, ak sipò Dutch Relief Alliance. 👇

Videyo sa a fèt pou ede paran ak moun k ap pran swen timoun konprann epi pratike disiplin pozitif nan lavi chak jou. Atravè istwa Kèven ak manman li, videyo ...

Yon gwo kout byenvini ak nouvo manm fanmi enpaK la.  Nou kontan ou fè pati de mouvman an ! 🙌🏿🫶🏾Remise Belizaire, Marie N...
07/04/2026

Yon gwo kout byenvini ak nouvo manm fanmi enpaK la. Nou kontan ou fè pati de mouvman an ! 🙌🏿🫶🏾

Remise Belizaire, Marie Natacha Lafortune, Jean Ouston Lestin, Yvonne Bazile, Lysius Louslande, Exavier Binnty, Cothiere Marie Carmelle, Jean Stanley Joseph, Mre Claude Erick Michel, Casnal Gabriel, Jasmin Frandy, Darelus Peter, St-Claire Lavibon, Paul Emile Pierre, Verdine Bissereth, Judelie Blanc, Peter Nelly Colimon, Fedena Dieudonne, Cadet CV Venaldino, Wilguens Pierre, Beatrice Etienne Satyre, Guiteau Emmanuel Duval, Wisly Jacques, Mackenson Nicolas, Esperancia Kernisant, Saina Orgella, Harry Gedeon, Jackmine Baptiste, Jean Francois Desimots, Ruth Pierre, Jonathan Keynes Saint Jean, Nathalie Mathieu, Woodley Jean Pierre, Myrtha Dorélus, Jolifils Jofine, Erlande Marie Georges, Carlo Etienne, Jhon Kenedy Saintil, Mentor Chilet, Jean Remy Gedeon, Viviane Cassignol, Gustave Ruth Lucy, Luckens Floriant, Fabienne Dorvil, Medg-ie Layette, Luciana Dossie, Carl Henry Barclay Kalibraj Fontus, Anthony Milord, Sabine Voltaire, GF Prodz

03/04/2026

3 Avril : Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen.

Chak 3 avril, Ayiti selebre Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo, yon dat ki make yon moman enpòtan nan lit pou dwa fanm ak demokrasi. 🇭🇹

Nan kapsil edikatif sa a, n ap retounen sou istwa mobilizasyon fanm yo ki te pran lari 3 avril 1986 pou reklame respè, egalite ak jistis. ✊🏾

👉👉 Toujou sonje PATAJE ak kontak ou!

Adresse

Ouest/1ere Ruelle Jeremie # 20, Bois-Verna/Nord-Est/4, Rue La Place, Grand Bassin; 10, Rue Ville Neuve, Quartier Sicard Fort-Liberté/Sud/Champlois #6 Camp Perrin
Jeremie

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 16:00
Mardi 09:00 - 16:00
Mercredi 09:00 - 16:00
Jeudi 09:00 - 16:00
Vendredi 09:00 - 16:00
Samedi 09:00 - 12:00

Téléphone

+50928171415

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque enpaK publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à enpaK:

Partager