Réaj Haïti

Réaj Haïti Cette association a pour but de mobiliser les
jeunes haïtiens de 12 à 30 ans.

Si w ta renmen konnen plis sou "Programme parrainage Objectif 250" Reaj-Haiti a. N ap envite w gade interview sa a nou t...
15/04/2025

Si w ta renmen konnen plis sou "Programme parrainage Objectif 250" Reaj-Haiti a. N ap envite w gade interview sa a nou te reyalize avèk Dydy média !

Interview avec Martineau B.JEAN

RéaJ Haïti ap pwofite okazyon sa a pou l swete nou bòn ane 2025. Li di mèsi ak tout parenn ki sipòte pwogram parenaj la....
03/01/2025

RéaJ Haïti ap pwofite okazyon sa a pou l swete nou bòn ane 2025.

Li di mèsi ak tout parenn ki sipòte pwogram parenaj la. Mèsi ak tout manb asosiyasyon an k ap travay pou pote bon jan amelyorasyon nan pwogram sa a.

Ou kapab jwenn nou pou sipò ou:
Tel: 35 55 67 49
[email protected]

20/12/2024
** Sansibilize jèn adolesan ekolye sou maladi VIH-SIDA**, se sou tèm sa a Asosiyasyon RéaJ Haïti te òganize yon konferan...
02/12/2024

** Sansibilize jèn adolesan ekolye sou maladi VIH-SIDA**, se sou tèm sa a Asosiyasyon RéaJ Haïti te òganize yon konferans deba nan jounen 2 desanm 2024 la nan lekòl "Doux Jésus" kolèt, Janrabèl.

Aktivite sa a te reyalize nan objektif pou sansibilize jèn yo epi pote plis enfòmasyon sou ravaj maladi SIDA ap fè an Ayiti. Nou te pwofite raple elèv yo premye desanm, chak ane, se jounen mondyal VIH-SIDA.

Plizyè pwen te abòde nan konferans sa a:

- listwa maladi a,
- kijan moun ka pran maladi SIDA a?
- kijan yo fè depistaj maladi a?
- pwosesis tretman yo,
- prevansyon ak pwoteksyon kont maladi a.

Konferansyè a, Doktè Jean, te pwofite di kèk mo sou MST yo. (Maladie Sexuellement Transmissible)

Asosiyasyon Réaj-Haïti di tout ekip Lekòl Doux Jésus kolèt la anpil mèsi pou akèy la.

Yon remèsiman espesyal ak Doktè Geralda Jean ki te aksepte kòm volontè prezante bèl konferans sa.

Saviez-vous que les jeunes haïtiens représentent une force incroyable pour le changement dans notre société ? Réaj Haïti...
26/11/2024

Saviez-vous que les jeunes haïtiens représentent une force incroyable pour le changement dans notre société ?

Réaj Haïti est là pour transformer cette énergie en actions concrètes. Notre mission ? Mobiliser les jeunes de 12 à 30 ans et leur offrir un accompagnement personnalisé dans leur insertion sociale et professionnelle.

Pourquoi est-ce important ?

- **Accès à l'éducation** : Nous travaillons dans les zones les plus enclavées d'Haïti pour garantir que chaque enfant ait accès à une éducation de base.

- **Promotion de la diversité culturelle** : Nous valorisons les expressions artistiques et culturelles locales, car elles sont essentielles à notre identité.

- **Environnement et développement durable** : Nous sensibilisons les jeunes sur l'importance de protéger notre planète pour les générations futures.

- **Lutte contre la violence** : Nous partageons nos
expériences et nos dispositifs pour combattre la violence chez les enfants et les jeunes.

Nous croyons fermement que chaque jeune mérite une chance de s'épanouir et de contribuer à son pays.

Et vous, comment pouvez-vous soutenir cette cause ? Rejoignez-nous dans notre mission ou partagez cette publication pour sensibiliser d'autres personnes. Ensemble, nous pouvons construire un avenir meilleur pour Haïti !

Jodi a se 20 novanm 2024. Se jounen mondial dwa timoun. Nan okazyon sa a, RéaJ Haïti pwofite raple nou 12 prensipal dwa ...
20/11/2024

Jodi a se 20 novanm 2024. Se jounen mondial dwa timoun. Nan okazyon sa a, RéaJ Haïti pwofite raple nou 12 prensipal dwa tout timoun yo genyen parmi Yon pakèt lòt.

Respekte dwa timoun yo. Yo se boujon sitwayen peyi Dayiti.

[email protected]

🎓 PPO-250 : un programme de parrainage scolaire et de parrainage vers l'emploi pour les jeunes, lancé par l'association ...
17/11/2024

🎓 PPO-250 : un programme de parrainage scolaire et de parrainage vers l'emploi pour les jeunes, lancé par l'association Réaj-Haïti en novembre 2024 ! 🎉

📚 Nos objectifs :

- Offrir aux enfants et aux jeunes les plus fragilisés un accès à une éducation de base et une formation professionnelle de qualité.

- Aider les enfants dont les parents ne peuvent plus supporter les coûts de scolarisation.

✨ Rejoignez-nous ! Parrainez un enfant ou un jeune ! ✨

--‐----------------‐----‐----------------------------------------------------------------------------

🎓 PPO-250: a school and employment sponsorship program for young people, launched by the Réaj-Haïti association in 2024! 🎉

📚 Our goals:

- Provide the most vulnerable children and young people with access to quality basic education and vocational training.

- Help children whose parents can no longer afford school fees.

✨ Join us! Sponsor a child or a young person! ✨

Lansman pwogram parenaj objectif 250. (PPO-250)Asosiyasyon RéaJ Haïti demare ofisyèlman pwogram parenaj objektif-250 lan...
15/11/2024

Lansman pwogram parenaj objectif 250. (PPO-250)

Asosiyasyon RéaJ Haïti demare ofisyèlman pwogram parenaj objektif-250 lan vandredi 15 novanm 2024 la nan komin Janrabèl.

Objektif pwogram nan se ede paran timoun ki plis nan nesesite yo peye frè eskolè lekòl pitit yo.

Senkant (50) timoun ki nan nan lekòl piblik ak non piblik ap benefisye pwogram nan ane sa a. Asosiyasyon RéaJ Haïti ap chèche plis patnè ki kapab ede nou voye plis timoun lekòl.

N ap pwofite remèsye tout patnè k ap sipòte pwogram nan:

- Fondasyonn FOJEM
- Oganizasyon Sove Ayiti
- Kongregasyon Jezi Mari
- Tout manb Fondatè Asosiyasyon RéaJ Haïti

Réaj-Haïti, agréée par le Ministère des Affaires Sociales et du Travail, est une association à but non lucratif. Elle a ...
08/11/2024

Réaj-Haïti, agréée par le Ministère des Affaires Sociales et du Travail, est une association à but non lucratif. Elle a été créée en 2022.

Elle a pour but de mobiliser les jeunes haïtiens de 12 à 30 ans, de leur fournir, dans la durée, un accompagnement global et personnalisé dans le domaine de l’insertion sociale et professionnelle. Elle apporte également sa contribution dans l’accès à l’éducation de base.

Afin d’atteindre ce but, l’association pourra :

a) Développer, sur le territoire national, des dispositifs d’accueil, d’information, d’accompagnement et d’orientation socioprofessionnelle à destination des jeunes les
plus vulnérables âgés de 12 à 30 ans.

b) Concevoir et mettre en œuvre, dans l’objectif d’accompagner les jeunes parents, des projets d’éducation de base qui cibleront particulièrement les jeunes mères touchées par la pauvreté.

c) Promouvoir la diversité des expressions culturelles, artistiques ainsi que l’éducation à
l'environnement et au développement durable auprès des jeunes.

d) Créer un espace d’échange et de travail collectif à destination des artistes en herbes et/ou des professionnels de l'art éprouvant le besoin de s'associer ponctuellement afin d'enrichir l'art artistique.

e) Développer des dispositifs de lutte contre la violence chez les enfants et les jeunes.

f) Apporter un appui technique et financier aux politiques de jeunesse définies par les élus locaux.

FÒMASYON: Planifikasyon ak kwòdinasyon pwojè.Dezyèm sesyon fòmasyon sou "Jesyon pwojè" a te reyalize lendi 4, Madi 5 ak ...
08/11/2024

FÒMASYON: Planifikasyon ak kwòdinasyon pwojè.

Dezyèm sesyon fòmasyon sou "Jesyon pwojè" a te reyalize lendi 4, Madi 5 ak mèkredi 6 novanm 2024 la.

Seminè sa a te dewoule sou tematik: "Planifikasyon ak kwòdinasyon pwojè". Objektif prensipal aktivite sa se te pèmèt ekip kongregasyon Jezi Mari devlope plis konpetans nan planifikasyon, egzekisyon, suivi ak evalyasyon yon pwojè devlopman.

Anviwon yon dizèn pwofesyonèl nan domèn sante, edikasyon, atizanal ak mikwo kredi te patisipe nan aktivite sila a.

Fòmasyon sa a te reyalize gras ak sipò Kongregasyon Jezi Mari.
Animasyon: Asosiyasyon RéaJ Haïti.

Nan objektif pou bouste lavant ak mete pi bon jesyon nan Atelye Thévenet, Asosiyasyon RéaJ Haïti te anime 2 jounen fòmas...
30/10/2024

Nan objektif pou bouste lavant ak mete pi bon jesyon nan Atelye Thévenet, Asosiyasyon RéaJ Haïti te anime 2 jounen fòmasyon sou tematik : "Marketing ak Jesyon bidjè". Aktivite sa a te dewoule lendi 28 ak madi 29 oktòb 2024 la nan Janrabèl.

Anviwon yon dizèn fanm vanyan te patisipe nan fòmasyon sa a. Tout medam sa yo travay nan pwodiksyon pwodui atizanal ak kouti nan Atelye Thévenet.

Aktivite sa reyalize gras ak sipò kongregasyon Jezi Mari, Atelye Thévenet ak Asosiyasyon RéaJ Haïti.

Asosiyasyon RéaJ Haïti te òganize yon reyinyon travay ak tout ekip Atelye atizanal Thévenet ki chita kò l nan janrabèl. ...
27/10/2024

Asosiyasyon RéaJ Haïti te òganize yon reyinyon travay ak tout ekip Atelye atizanal Thévenet ki chita kò l nan janrabèl.

Objektif rankont sa a, se te pou bwase lide sou difikilte enstitisyon an ap rankontre epi jwenn solisyon yo ansanm. Rankont sa pèmèt ekip Atelye Thévenet a benefisye 2 jounen fòmasyon sou tematik : "Marketing" ak jesyon bidjè.

Fòmasyon sa ap dewoule lendi 28 pou rive madi 29 oktòb 2024 la.

Se kongregasyon Jezi Mari, RéaJ Haïti ak Atelye Thévenet ki sipòte aktivite sa a.

Adresse

Rue Saint Pierre
Jean-Rabel

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 16:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Réaj Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Réaj Haïti:

Partager