13/06/2026
Nan moman saa , fyète anvayi nou tout kòm ayisyen paske peyi nou ap patisipe nan mondyal ⚽️🇭🇹 apre plis ke 50 an .
Toutfwa li enpòtan pounn sonje apre mondyal , nap kontinye viv e nap bezwen kontinye prepare yon pi bon demen , nan sans saa , Nap enfòme tout peyizan nou yo ki gade bèt nan katye mabyal ke nap òganize 2 jounen aktivite jou kap 18 jen ( nan legliz sennterèz ) ak 19 jen ( Nan mangon ) kote nap fòme yo sou enpak chanjman klimatik gen sou gadinaj 🐄🐖🐐yo , nap pran swen bèt yo epi fè distribisyon kèk zouti agrikòl .
Eden’ pase mesaj la pounn ede plis peyizan paske bèt yo se kanè bank yo !