09/10/2025
DEKRÈ LWA 8OKTOB 1982
8 OKTOB 1982 -8 OKTOB 2025
43 LANE SELMAN DEPI FANM MARYE PA KONSIDERE TANKOU TIMOUN
KISA DEKRÈ SA YE?
Dekrè-lwa 8 Oktòb 1982 an se yon gany,yon gwo pa nan batay pou dwa fanm yo, paske li te mete fen nan anpil fòm diskriminasyon ki t ap fèt sou baz sèks, espesyalman kont fanm marye, epi li te ouvè pòt pou fanm yo jwi dwa yo nèt, tankou nenpòt lòt sitwayen.
Li te gen yon gwo enpak sou evolisyon estati legal fanm ayisyèn.
KI Objè ak pote dekrè sa?
1.Egalite ant sèks yo
Dekrè sa a te fèt pou elimine tout fòm diskriminasyon ki fèt sou baz sèks, sitou sa ki te atake dwa fanm marye yo nan kad estati legal yo.
2.Revizyon estati fanm marye
Li te pote gwo chanjman nan lwa ki te konsène fanm marye yo, kote li te pèmèt yo jwi tout dwa sivil ak legal yo, san restriksyon.
8 OKTOB pa yon kado se yon gany
Ann kontinye goumen pou dwa tout fanm san eksepsyon
REFOJ
Fanm
Fanm Deside
KROS
Marie-vesta Desameau
Sylfanie Alexis