Association des femmes agroécologistes

Association des femmes agroécologistes L'association Femmes Agroécologistes engage des actions en faveur d'une agriculture durable et d'un environnement sain.

10/03/2026

Jodi a,
ann leve vwa nou byen wo,
tankou van ki travèse mòn ak lanmè,
pou n raple yon verite
listwa pa ka efase.

Renmen tèt nou,
nou menm fanm sou latè,
pa t janm fasil.

Se pa t yon chemen lis,
se pa t yon rivyè ki koule dousman.
Se te yon konba.
Yon gwo konba.

Yon batay ki te parèt
nan pawòl nou,
nan mach nou,
nan je ki te refize bese.

Batay pou di:
nou egziste.
Nou gen valè.
Nou merite respè.

Batay pou leve kanpe
nan mitan baryè ak prejije,
nan mitan mond ki te souvan
eseye fè nou pi piti pase nou ye.

Men jodi a,
ak tout limyè jounen sa pote,
ak tout enèji ki leve nan kè nou,
nou chwazi espwa.

Nou plante yon lòt demen
nan tè listwa.
Yon demen kote
pitit fi nou yo
pap bezwen goumen menm jan.

Yo pap bezwen
pwouve valè yo chak maten.
Yo va leve
tankou solèy ki deja konnen
se dwa li pou l klere.

Yo va grandi
tankou flè ki pa mande
si yo merite fleri.

E pou yo,
lanmou pou tèt yo
va vin natirèl,
natirèl tankou souf lavi,
tankou briz maten,
tankou dlo dous k ap chante
nan yon rivyè trankil.

Se sa nou swete jodi a.
Se sa nou plante nan tan kap vini an.
Yon jenerasyon
kote pitit fi nou yo
pap bezwen goumen pou yo renmen tèt yo

Lanmou sa a
va tounen
lapè ak verite lavi yo.

MB

10/03/2026

Cris d’alarme

Rester féminine dans l’exercice de métiers que la société a trop souvent sexualisés comme des métiers d’hommes, est déjà une manière de dire non à cette façon de penser.

Restons femmes pour dire non.
Restons femmes pour dire : oui, nous pouvons.

La lutte n’est pas de devenir comme les hommes.
La lutte est de montrer qu’être femme n’empêche rien.

Pourquoi adopter la logique de ceux qui nous ont limitées ?

La vraie victoire est de rester femmes.

Car la compétence n’est pas masculine.

La force n’est pas masculine.

L’intelligence n’est pas masculine.

Si nous devons devenir comme eux pour prouver que nous pouvons exercer ces métiers,
alors ce n’est plus vraiment une victoire.

Restons femmes, compétentes et fières.

MB

L'association Femmes Agroécologistes engage des actions en faveur d'une agriculture durable et d'un environnement sain.

Adresse

Monseigneur Guipoullard
Jacmel
HT9110

Téléphone

+50946437271

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Association des femmes agroécologistes publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Association des femmes agroécologistes:

Partager