Saaefa - Pou Epanouyisman Fanmi Ayisyen

Saaefa - Pou Epanouyisman Fanmi Ayisyen Nou se SAAEFA – Sant Apwi ak Akonpayman pou Epanouyisman Fanmi Ayisyen. Nou chita sou fondasyon fanmi, solidarite, espirityalite ak devlopman kominotè.

Se vwa nou pou pataje eksperyans, fòtifye fanmi, e bati demen.Se pa jis yon paj, se yon platfòm lespwa.

🌟 Enpak Kotchin nan SAAEFA:Travay Ekselan Kotch Dieujuste Jean🌟Nan kad pwogram SAAEFA, nou fyè pou nou souliye kontribis...
02/02/2026

🌟 Enpak Kotchin nan SAAEFA:Travay Ekselan Kotch Dieujuste Jean🌟

Nan kad pwogram SAAEFA, nou fyè pou nou souliye kontribisyon remakab Coach Dieujuste Jean, yon pwofesyonèl nan domèn Edikasyon k ap akonpanye koup yo nan chemen kwasans pèsonèl ak relasyonèl yo.

💡 Kèk reyalizasyon kle:

✅ Akonpayman koup yo pou finalize pakou kotchin konjigal SAAEFA a

✅ Sesyon ki konsantre sou konesans tèt ou ak kominikasyon nan koup, Jesyon konfli epi pwojè lavi

✅ Itilizasyon zouti syantifik tankou Test Johari, Rosenberg, epi MBTI pou ede koup yo dekouvri fòs ak zòn amelyorasyon yo, grandi estim yo, epi konnen tip pèsonalite yo

✅ Yon apwòch ki ankouraje ouvèti emosyonèl ak angajman aktif patisipan yo

🗣️ "Koup ki te kotche yo fleksib, yo prè pou pataje, epi yo montre ouvèti emosyonèl pandan y ap chèche amelyore kominikasyon ant yo." Kotch Dieujuste

Travay Coach Dieujuste se yon egzanp konkrè kijan akonpayman pèsonalize kapab transfòme lavi koup yo epi ranfòse fondasyon fanmi yo.

🙏 Mèsi Coach Dieujuste pou devouman w w ak angajman w nan misyon SAAEFA!
hashtag hashtag hashtag hashtag hashtag hashtag hashtag

30 desanm 2025, SAAEFA te òganize yon bèl Sware Selebrasyon, yon moman espesyal pou make chemen nou fè ansanm. Nan otèl ...
08/01/2026

30 desanm 2025, SAAEFA te òganize yon bèl Sware Selebrasyon, yon moman espesyal pou make chemen nou fè ansanm.

Nan otèl Wisba Quality View, nou te viv yon sware chaje emosyon, fyète ak rekonesans, soti 6è rive 9è nan aswè, nan yon anbyans ki te elegan anpil an nwa ak lò. Te gen remiz sètifika ak pòtfolio, temwayaj ki touche kè, chan, slam, prezantasyon nouvo pwojè, epi yon bèl bifè ki te rasanble tout moun.

Sware sa a te plis pase yon evènman, li te yon selebrasyon fanmi, angajman ak espwa pou lavni. Mèsi ak tout koup ak patnè ki te pataje moman sa a avèk nou, nou fyè de sa n ap konstwi ansanm.
N ap kontinye konstwi fanmi solid, pou yon nasyon solid!

Ann reviv ann imaj kèk moman kle nan selebrasyon an.

, ,

22/12/2025

Kat sware gala SAAEFA deja disponib, kontakte nou pou w rekipere pa w la avan 27 Desanm.

20/11/2025

Patisipasyon SAAEFA nan Konferans “Edikasyon Sitwayènte” – Anseye Pou Ayiti (APA)
Ayè 18 Novanm lan pandan nou t ap selebre batay Vètyè a, nou te gen privilèj prezante vizyon SAAEFA nan Konferans Anseye Pou Ayiti a, ki te chita sou tèm Edikasyon Sitwayènte.

Se te yon bel opòtinite pou montre kijan nou travay chak jou pou bati sitwayen responsab, fanmi solid, ak jèn lidè ki kapab chanje Ayiti.
Nan prezantasyon an, nou te pataje :
Kriz idantite ak defisi sitwayènte k ap frape jèn yo ann Ayiti, e ki mande repons imedya.

Modèl SAAEFA pou edikasyon sitwayènte, ki entegre nan tout pwogram nou yo :

• Kotchin Jenès Modèl (lidèchip, dwa moun, devlopman pèsonèl ak pwofesyonel, responsabilite sitwayen)

• Kotchin Konjigal (baz sitwayènte nan fanmi)

• Fòmasyon Prenipsyal (konsyans legal, moral ak sosyal nan maryaj)

Nou te montre tou enpak travay la deja bay :
• 30 seyans kotchin nan pwogram kotchin familyal la
• 9 asosyasyon jèn mobilize
• Chanjman pozitif nan konduit koup yo
• 4 seyans fòmasyon prènipsyal reyalize depi Oktòb 2025

Kolaborasyon SAAEFA & Anseye Pou Ayiti montre yon verite senp :
Lekòl fò + fanmi fò + sitwayen fò = Ayiti ki ka leve.
Mèsi Anseye Pou Ayiti pou envitasyon an.
Mèsi ak tout patnè ki kwè nan travay fòmasyon, konsyans sitwayen ak lidèchip transfòmasyonèl.
👉 Gade videyo prezantasyon an epi pataje vizyon an avèk nou.
Ansanm, n ap bati jenerasyon sitwayen jodi a ki ap fè Ayiti demen.

"Sekrè nou pou kalifikasyon an se te inite".  Sebastien MignéNou vle selebre kalifikasyon seleksyon an nan mete aksan so...
19/11/2025

"Sekrè nou pou kalifikasyon an se te inite". Sebastien Migné

Nou vle selebre kalifikasyon seleksyon an nan mete aksan sou enpak lidèchip kolektif kapab kreye, pa gen anyen ki ka limite nou, lè nou deside mete tèt nou ansanm, sou yon objektif komen.

Bon mondyal Ayiti, bon mondyal tout Ayisyen!!!

16/10/2025
💍 Retou sou premye sesyon fòmasyon prénipsyal nou an : Fondman maryaj laPremye seyans premye kowòt fòmasyon prenipsyal S...
16/10/2025

💍 Retou sou premye sesyon fòmasyon prénipsyal nou an : Fondman maryaj la

Premye seyans premye kowòt fòmasyon prenipsyal SAAEFA a te fèt nan dat 5 Oktòb ki sot pase a sou tèm “Fondman maryaj la”, yon moman refleksyon pwofon sou sa k fè yon maryaj solid ak dirab.

Patisipan yo te aprann sou 2 baz maryaj la : pasyon ak entimite, epi yo te dekouvri 4 poto ki soutni maryaj la :

💫 Libète — renmen san fòse, nan respè youn ak lòt
🌱 Fètilite — akeyi lavi epi fè lanmou grandi
🤝 Endisolibilite — bati sou angajman ki dire pou tout lavi
❤️ Fidelite — viv nan konfyans chak jou pa respè pou tèt ou

Mèsi a Hans Woobens Loty, Vis Prezidan SAAEFA pou bèl prezantasyon sa, ann kontinye transfòme ekip.

Fòmasyon sa a rantre nan vizyon nou pou kreye yon rezo fanmi modèl ki pral tounen aktè chanjman nan kominote yo.

Avèk lidèchip transfòmasyonèl, fanmi sa yo pral sèvi kòm egzanp, modèl, ak sous enspirasyon pou lòt jèn koup.

Paske nou kwè : fanmi solid se baz yon nasyon solid . Ann viv kèk moman ann imaj ...

📢 RAPÈL ENPÒTANDat limit pou enskripsyon nan fòmasyon prenipsyal SAAEFA ap rive Ven (20) SEPTANM 2025 🗓️.👩🏽‍🤝‍👨🏾 Fòmasyo...
11/09/2025

📢 RAPÈL ENPÒTAN
Dat limit pou enskripsyon nan fòmasyon prenipsyal SAAEFA ap rive Ven (20) SEPTANM 2025 🗓️.

👩🏽‍🤝‍👨🏾 Fòmasyon sa a fèt pou tout koup ki gen plan marye jiska desanm e ki vle bati yon fanmi solid sou bon fondasyon.

Koup yo ap jwenn:

• 8 Seyans fòmasyon sou lavi koup ak fanmi
• Akonpayman pa kotch yo apre maryaj
• Zouti pou pran bon desizyon anvan maryaj

👉 Pa rate opòtinite sa!

📍 Enskripsyon:
• Nan biwo SAAEFA, La Ruche Hub, Ench
• Oubyen sou fòmilè a ki nan lyen sa : https://forms.gle/t5gCuAxuzDnrcTcZ7

📞 Kontakte nou pou plis enfòmasyon: +509 3518-8175 / 3518-8191

23/08/2025

💍 W ap planifye maryaj ou?

Bay tèt ou yon fondasyon solid pou yon lavi ansanm ki ann amoni gras ak Fòmasyon Prenipsyal SAAEFA a – Sesyon Oktòb 2025.

Soti 5 Oktòb pou rive 23 Novanm:

8 modil esansyèl pou:
✨ Konprann siyifikasyon maryaj
✨ Bati yon plan lavi pataje
✨ Kominike ak efikasite epi jere konfli
✨ Planifye fanmi epi jere bidjè
✨ Ranfòse entimite, parantalite, ak responsablite sivik, elatriye.

🎯 Objektif: Pou ede w bati yon relasyon solid, pou w pare pou w fè fas ak defi lavi maryaj la.

📌 Enskri kounye a lè w ranpli fòm ki anba a
👉 https://forms.gle/1feLorNkT5BWvrce7

Dat limit: 20 Septanm
💡 Plas yo limite—rezève plas ou jodi a!

🏆 SAAEFA, Chanpyon Konkou Antreprenarya APA 2025! 🇭🇹✨Nou fyè anonse ke SAAEFA te ranpòte 1e pri nan 5yèm edisyon Konkou ...
07/08/2025

🏆 SAAEFA, Chanpyon Konkou Antreprenarya APA 2025! 🇭🇹✨

Nou fyè anonse ke SAAEFA te ranpòte 1e pri nan 5yèm edisyon Konkou Antreprenarya APA 2025!

Pwojè nou an:
SAAEFA – Sant Apwi ak Akonpayman pou Epanouyisman Fanmi Ayisyen, te klase #1 nan tout peyi a pou vizyon solid li sou devlopman fanmi ak kominote.

Travay nou pa jis sou papye — li se yon mouvman vivan pou chanjman!

Nou kwè ke lè nou akonpaye fanmi yo nan preparasyon pou maryaj, nan kreyasyon rezo fanmi modèl, ak nan kotchin familyal, n ap konstwi baz solid pou yon sosyete ki pi djanm.

Nou remèsye Anseye Pou Ayiti pou bèl opòtinite sa ki te pèmèt SAAEFA prezante valè n ap ofri yo, patnè nou yo, volontè yo, tout fanmi ki mete konfyans yo nan nou, ak chak moun ki te mete men nan pat la, espesyalman Direktè pwojè nou Wisnel Jean ki te genyen lidèchip pwojè a ki te pote vizyon sa ak anpil pasyon.

Siksè sa se pou nou yon siy ki montre jan kominote a swaf chanjman e apresye repons nou pwopoze yo!

Avèk lanmou, vizyon, ak angajman nou... SAAEFA ap kontinye fè diferans! 💙

Adresse

La Ruche Hub, Rue Anténor Firmin
Hinche
HT5110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Saaefa - Pou Epanouyisman Fanmi Ayisyen publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager