Club Leaders De Demain de Hinche

Club Leaders De Demain de Hinche Club Leaders De Demain de Hinche est une branche locale du réseau national de Leaders De Demain.

le CLDD-H agit pour inspirer, former et mobiliser les jeunes dans leur communauté.

22/12/2025
Lendi 17 novanm pase, Club Leaders De Demain de Hinche te kontan mete men ak ACTIVEH, youn nan gwo espas angajman jèn na...
23/11/2025

Lendi 17 novanm pase, Club Leaders De Demain de Hinche te kontan mete men ak ACTIVEH, youn nan gwo espas angajman jèn nan zòn nan, pou resevwa ekip Gwoup Konbit la ki te vin anime yon atelye fòmasyon sou Aplikasyon Valè ak Prensip Konbit yo nan mobilizasyon kominotè ak angajman sitwayen.

Nou salye Konbitè Louino Robillard ak Andy Vibert pou fason yo te mennen fòmasyon sila ak klète, pasyon ak enèji pozitif. Nou di tou yon gwo mèsi ak ACTIVEH pou kolaborasyon solid la, epi ak tout jèn ki te reponn prezan nan de kominote yo.

Club Leaders De Demain de Hinche rete kwè nan fòs Konbit la k ap ede konstwi yon nouvo jenerasyon lidè ki pare pou pran responsabilite epi sèvi kominote yo.

KF : Djery Vilfranc

17/11/2025

Hinche, GidKonbit la rive ! 🔥

Lendi 17 novanm 2025 , ACTIVEH-Action Toward Initiatives and Volunteering for Education in Haiti ansanm ak Club Leaders De Demain de Hinche ap akeyi Gwoup Konbit pou yon gwo atelye sou Aplikasyon Valè ak Prensip Konbit yo pou 60 lidè kominotè nan Depatman Sant lan.

Se pla plis ke yon fòmasyon. Se yon rankont kote nou rasanble fòs, reflechi ansanm, e bati nouvo kapasite baze sou fòs nou kòm pèp pou yon mobilizasyon sitwayèn ki pi solid, pou chak aksyon nou mete nou pi prè byennèt kolektif la.

📍 Complexe Eben-Ezer, Hinche
📅 17 Novanm 2025 — 9h AM a 4h PM

⭐ Nòt espesyal: Tout plas yo deja pre-rezève.
Sa montre apeti kominote a pou aprann, pou grandi, pou angaje tèt li.

Se nan konbit vrè fòs nou kache, n ap kontinye fè konbit 🌱🤝

04/11/2025
17/10/2025

17 octobre 1806 – 17 octobre 2025
Hommage à notre Père fondateur

Aujourd’hui, nous honorons la mémoire de Jean-Jacques Dessalines, père de notre nation.
Merci pour le courage, la dignité et la liberté que tu as gravés dans notre histoire.
Ton héritage reste une boussole pour Haïti.

𝐒𝐢𝐳𝐲𝐞̀𝐦 𝐀𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 – 𝐓𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞̀𝐧 𝐋𝐚𝐣𝐞̀𝐧𝐞̀𝐬Le Club Leaders De Demain de Hinche (CLDD-H) remèsye ak tout kè tout patisipan, patnè...
11/10/2025

𝐒𝐢𝐳𝐲𝐞̀𝐦 𝐀𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 – 𝐓𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞̀𝐧 𝐋𝐚𝐣𝐞̀𝐧𝐞̀𝐬

Le Club Leaders De Demain de Hinche (CLDD-H) remèsye ak tout kè tout patisipan, patnè ak kolaboratè ki te fè sizyèm ak dènye aksyon Trantèn Lajenès la yon reyisit inoubliyab.
Aksyon sa a te make yon etap enpòtan nan vwayaj nou an pou nou bati yon jenerasyon ki gen kouraj, konsyans ak kapasite pou transfòme kominote a.

Atelye " Gérer le stress pour mieux agir. Stratégies pratiques pour un impact durable" , fèt vandredi 12 septanm 2025, nan Bibliyotèk Minisipal ench lan, kote jèn, pwofesyonèl ak sitwayen angaje te vin rankontre pou chèche konprann tèt yo pi byen.

Patisipan yo te dekouvri zouti pratik pou jere estrès, echanje eksperyans pèsonèl, epi apwofondi konesans yo sou byennèt kòm fondasyon yon kominote ki djanm.

Nou mete aksan sou enpòtans byennèt pèsonèl kòm yon poto mitan nan devlopman kominotè : lè chak moun anpè ak tèt li, tout kominote a vin pi fò, pi solidè, ak plis pwodiktif.

Ak sis aksyon yo,Trantèn Lajenès la te yon wout rich an aprantisaj, solidarite ak enspirasyon. Chak aksyon te pote yon nouvo limyè, yon nouvo espwa, epi te montre nou fòs ki gen lè nou travay ansanm.

CLDD-H ap kontinye avanse ak menm konviksyon, menm pasyon ak menm lafwa nan kapasite jenerasyon an. Paske nou kwè ke ansanm, n ap bati yon demen ki gen plis limyè, diyite ak opòtinite pou tout moun.

Ansanm, n ap fè yon diferans ki la pou rete.

𝐒𝐞𝐧𝐤𝐲𝐞̀𝐦 𝐀𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 – 𝐓𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞̀𝐧 𝐋𝐚𝐣𝐞̀𝐧𝐞̀𝐬 Nan kad Trantèn Lajenès la, Club Leaders De Demain de Hinche (CLDD-H) te òganize yo...
10/10/2025

𝐒𝐞𝐧𝐤𝐲𝐞̀𝐦 𝐀𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 – 𝐓𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞̀𝐧 𝐋𝐚𝐣𝐞̀𝐧𝐞̀𝐬

Nan kad Trantèn Lajenès la, Club Leaders De Demain de Hinche (CLDD-H) te òganize yon aktivite rekreatif ak oryantasyon pou timoun yo ak granmoun yo, dimanch ki te
7 septanm 2025.

Se te yon jounen chaje ak lanmou, pataj ak souri, kote nou te pran tan pou mete timoun yo ak tout kominote a (jèn yo epi granmoun yo) nan yon anviwònman ki pote konfyans, lapè ak sekirite.

Nou te pase yon bel moman ansanm, kote nou te debat yon ti sijè ak jèn yo e granmoun yo sou la sante e ki prevansyon ke yo ka fè pou fè fas ak kek maladi.

Diskisyon an te rich, e li te pèmèt nou idantifye 3 granmoun ki pral jwenn yon operasyon chirijikal GRATIS, ak 2 timoun ki pral benefisye swen espesyal nan klinik Dr Samuel S. SIMON .

Pandan ke granmoun yo te angaje nan diskisyon ki anrichisan, timoun yo menm, te gen yon staff ki tap ede yo divèti yo. Nan chak jwèt, nan chak pawòl, nan chak ti jès, nou te voye yon sèl mesaj, " timoun yo se lavni nou, yo gen valè, yo enpòtan, epi yo merite tout atansyon ak swen kominote a".

CLDD-H ap kontinye fè tout sa li kapab pou akonpaye timoun yo, ranfòse jenès la, epi bati yon kominote kote chak moun santi li gen plas li.

𝐊𝐚𝐭𝐫𝐲𝐞̀𝐦 𝐀𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 – 𝐓𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞̀𝐧 𝐋𝐚𝐣𝐞̀𝐧𝐞̀𝐬 Konferans sou Dwa Fanm - Yon Aksyon Nesesè pou AyitiClub Leaders De Demain de Hinch...
09/10/2025

𝐊𝐚𝐭𝐫𝐲𝐞̀𝐦 𝐀𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 – 𝐓𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞̀𝐧 𝐋𝐚𝐣𝐞̀𝐧𝐞̀𝐬

Konferans sou Dwa Fanm - Yon Aksyon Nesesè pou Ayiti

Club Leaders De Demain de Hinche remèsye chak grenn moun ki te fè konferans sou dwa fanm lan yon siksè, avèk prezans espesyal konferansye nou an, Me Baselais PAPOULOUTE.

Nan yon peyi kote fanm yo souvan fè fas a vyolans, inegalite ak diskriminasyon, konferans sa a te vin nan yon moman enpòtan pou reflechi ak chèche solisyon.

Konferans ki te gen pou tit "La protection effective des droits de la femme à la loupe du droit international", ki te fèt samdi 6 septanm 2025 nan Bibliyotèk Minisipal vil enche, te reyini yon odyans enpòtan pou yon echanj apwofondi ak anrichisan, dirije pa Me Baselais PAPOULOUTE.

Pandan evènman an, patisipan yo te gen opòtinite pou :

Dekouvri mekanis entènasyonal ki egziste pou pwoteje dwa fanm, gras a ekspètiz Me Baselais PAPOULOUTE

Analize defi ak posiblite aplikasyon nan kontèks ayisyen an

Idantifye aksyon konkrè pou konbat vyolans ak diskriminasyon kont fanm nan kominote nou yo

Nan yon kontèks kote anpil fanm ayisyèn ap soufri an silans, diskisyon sa yo te pèmèt nou wè klèman chemen ki dwe suiv pou nou bati yon sosyete ki pi jis.

Nou konprann ke san dwa moun, pa ka gen yon Ayiti djanm.

Nou remèsye Me Baselais PAPOULOUTE pou kontribisyon valab li, tout patisipan, patnè ak òganizasyon ki te pataje konesans, eksperyans ak solisyon yo.

Se gras ak kolaborasyon nou tout ke nou kapab kontinye travay pou yon kominote kote chak fanm ak tifi ka viv nan diyite ak respè.

Ansanm, nap kreye yon Avni pi bèl pou tout moun kap viv nan peyi Ayiti.

🎉Byen fete Roger Rud AndersonJodi a, fanmi Club Leaders De Demain de Hinche(CLDD-H) kontan selebre ak ou, Roger Rud Ande...
15/09/2025

🎉Byen fete Roger Rud Anderson

Jodi a, fanmi Club Leaders De Demain de Hinche(CLDD-H) kontan selebre ak ou, Roger Rud Anderson.
Ou se yon manm ki toujou pote enèji ak bon volonte w ak ekip la, yon atis nan nanm ki konnen kijan pou mete sans ak limyè nan sa lap fè.

Nou swete ou anpil siksè, sante ak lapè nan tout pwojè lavi ou.
plis fòs pou kontinye mache ak nou nan vizyon n ap bati ansanm.

Bonne fête, Roger +1 🦾🎉
Fanmi CLDD-H ap selebre ou ak anpil respè.

Adresse

Hinche

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Club Leaders De Demain de Hinche publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager