Mouvman FANM MPP

Mouvman FANM MPP Objektif mouvman fanm MPP a se: òganize yo pou lite kont tout fòm vyolans kap fèt sou fanm ak tifi

Se pou Mèkredi 22 Jiyè Branche Radyo Vwa Peyizan Papay 93.9 ak paj facebook Mouvement Paysan Papaye
20/07/2026

Se pou Mèkredi 22 Jiyè
Branche Radyo Vwa Peyizan Papay 93.9 ak paj facebook Mouvement Paysan Papaye

FANM POTO MITAN MPP, se yon emisyon sosyo-politik ak edikatif kont tout fòm diskriminasyon, dominasyon ak eksklizyon nan sosyete a espesyalman sou fanm ak tifi.

Emisyon FANM POTO MITAN pase sou antèn Radyo Vwa Peyizan (RVP) 93. 9 ak platfòm rezo sosyal MPP yo chak dezyèm ak katryèm mèkredi nan yon mwa.

Tèm pou MÈKREDI 22 JIYÈ :
" KONSEKANS NEGLIJANS NAN LAVI MOUN "






Mirebalais Promo4
Radyo Vwa Peyizan Papay
Mouvement Paysan Papaye

Foto sa yo se souvni plizyè ane
05/07/2026

Foto sa yo se souvni plizyè ane

29/04/2026

Mouvman FANM MPP ap lanse yon Kanpay Depistaj Kansè kòl Matris (PapTest) k ap fèt nan Sant sante Mironda Heston nan lakou Biwo administratif MPP a nan Papay, sòti 18 Pou rive 29 Me 2026.

An menm tan ap gen konsiltasyon jeneral ak jinekolojik yon sèvis peye.
Pou plis enfòmasyon rele nan nimewo sila sa yo :
+50942347102 +50941583740

Mache prese pye kout pran devan !


Mèkredi 08 Avril, Mouvman FANM MPP ap envite w branche depi l fè 8 è AM Radyo Vwa Peyizan PapayRadyo (RVP) 99.3 ak paj F...
08/04/2026

Mèkredi 08 Avril, Mouvman FANM MPP ap envite w branche depi l fè 8 è AM Radyo Vwa Peyizan PapayRadyo (RVP) 99.3 ak paj Facebook nou pou yon emisyon espesyal Fanm Poto MITAN .

Tèm: Sante Prevantiv ak Neglijans Pa Danse Kole !

Envite :
Miss Mirèse ST FLEUR
DR Jonise CÉSAIRE.

Animatris :
Jesula Hope SaintFleur Lamour

Dwa Fanm se dwa moun
05/04/2026

Dwa Fanm se dwa moun

Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen 🌺

Nan okazyon jounen nasyonal mouvman fanm ayisyen, Mouvement Paysan Papaye (MPP) ap salye kouraj, detèminasyon ak angajman tout fanm ayisyèn, espesyalman fanm peyizan yo, ki chak jou ap batay pou lavi, diyite ak jistis sosyal.

Depi nan listwa batay pèp ayisyen an, fanm yo toujou jwe yon wòl san parèy. Yo se poto mitan fanmi yo, gadò kilti nou, epi fòs k ap pouse rezistans kont tout fòm dominasyon ak enjistis.

Jounen jodi a se pa sèlman yon selebrasyon, men tou yon apèl pou:
✊🏾 kontinye lite kont vyolans sou fanm
✊🏾 defann dwa fanm nan tout espas
✊🏾 ranfòse patisipasyon fanm nan lavi politik, sosyal ak ekonomik peyi a

Mouvement Paysan Papaye (MPP) kwè pa gen okenn devlopman reyèl san liberasyon fanm yo. Se ansanm, fanm ak gason, nou kapab konstwi yon Ayiti ki pi jis, egal ak solidè.

🌱 Fanm peyizan yo se poto mitan rezistans ak chanjman!


Coordinadora Latinoamericana de Organizaciones del Campo La Vía Campesina
La Via Campesina
Radyo Vwa Peyizan Papay
Mouvman FANM MPP

03/04/2026

Je fais partie du top 4 % des fans de Mouvement Paysan Papaye. J’ai gagné 156 points sur sa liste des interactions hebdomadaires la semaine dernière.. Kontantman mmmmmm

Adresse

Papaye Route De Bassen Zim
Hinche
5110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mouvman FANM MPP publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager