28/06/2026
KOMINIKE OFISYÈL
ASCD anonse nouvo dat ouvèti 2èm Edisyon Chanpyona Vakans 2026
Association Culturelle de Dano (ASCD) enfòme tout laprès, dirijan ekip yo, sponsor yo, patnè yo, fanatik yo ak tout piblik la ke, kontrèman ak dat ki te anonse anvan an, 2èm Edisyon Chanpyona Vakans ASCD la pa t ouvri 21 jen 2026.
Pou rezon òganizasyonèl ak pou asire yon pi bon preparasyon evènman an, ouvèti ofisyèl chanpyona a fikse pou vandredi 24 jiyè 2026.
ASCD remèsye tout moun pou pasyans, konpreyansyon ak sipò yo. Nou renouvle angajman nou pou òganize yon chanpyona ki byen prepare, disipline, konpetitif ak memorab pou tout kominote a.
Nou envite tout ekip yo, sponsor yo, laprès ak fanatik yo pou kontinye rete mobilize epi prepare yo pou gwo ouvèti sa a.
ASCD
"Ansanm, ann fè espò a grandi nan Dano."