REKA Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de REKA, Organisation à but non lucratif, Grand Goâve.

Chè Stéphanie, nan okazyon fèt ou, tout manb REKA yo ini vwa yo pou swetew yon ane ki ranpli ak lapè, lasante, benediksy...
07/07/2026

Chè Stéphanie, nan okazyon fèt ou, tout manb REKA yo ini vwa yo pou swetew yon ane ki ranpli ak lapè, lasante, benediksyon ak siksè. Se pou chak etap ou franchi louvri nouvo pòt pou ou, epi se pou chak rèv ou pote nan kèw jwen'n fòs poul tounen reyalite.

Nou swete pou limyè espwa toujou klere chemenw, pou kouraj pa janm mankew devan difikilte yo, epi pou bonte ak sajès toujou akonpayew nan tout desizyonw.

Bòn fèt Stéph!
Avèk tout respè ak afeksyon, Fanmi REKA 💚💙

Jodi a se yon jou espesyal pou fanmi REKA.Avèk anpil kè kontan, nap selebre fèt youn nan manb nou yo, ki se Kekina.Nan n...
05/07/2026

Jodi a se yon jou espesyal pou fanmi REKA.
Avèk anpil kè kontan, nap selebre fèt youn nan manb nou yo, ki se Kekina.
Nan non tout fanmi an, nou swete'w yon bòn fèt ki ranpli ak lajwa, lasante, lapè, siksè ak anpil benediksyon sou laviw.

Ke chak nouvo ane lavi pote plis opòtinite, plis reyalizasyon ak plis fòs pou kontinye pouswiv rèv ou yo.
Mèsi paskew fè pati ekip solid REKA.

Nou fyè dèske nap mache ansanm sou chimen enklizyon, solidarite ak devlopman.

Bòn fèt, Kekina! 🥳🎂🥂🍾❤️
Se pou bon Dye kontinye gide chak paw epi akonpayew nan tout sa wap antrepran'n.

Yè, dimanch 28 jen 2026 la, REKA, an kolaborasyon ak Arc-en-Ciel, te franchi yon etap enpòtan nan angajman  pou devlopma...
29/06/2026

Yè, dimanch 28 jen 2026 la, REKA, an kolaborasyon ak Arc-en-Ciel, te franchi yon etap enpòtan nan angajman pou devlopman jenès la, atravè òganizasyon yon fòmasyon sou oryantasyon pwofesyonèl ki te rasanble elèv NS4 ki soti nan plizyè lekòl.

Nan yon kontèks kote anpil jèn ap fè fas ak difikilte pou defini avni yo, fòmasyon sa a te kreye yon espas refleksyon, dyalòg ak aprantisaj. Atravè plizyè atelye ak entèvansyon panelis nou yo ki te : M. Alexis Lucny, Ing. Belval ak Dr Benjamin. Pwofesyonèl sa yo pat rate on grenn okazyon pou te pataje ekspètiz yo ak patisipan yo pou pèmèt yo jwenn zouti pou pi byen konprann kapasite yo, oryante chwa akademik ak pwofesyonèl yo, epi prepare yo pou reyalite mache travay la.

REKA pa sèlman fòme; li enspire angajman. Se nan lespri sa a, apre prezantasyon vizyon òganizasyon an, 25 jèn te fè chwa pou entegre REKA.

Dèyè chak jèn nou fòme, nou wè yon lidè, yon pwofesyonèl ak yon sitwayen ki pral kontribye nan pote yon chanjman reyèl nan kominote li. Se vizyon sa a ki kòmanse e kap kontinye gide chak aksyon REKA.

REKA men nan men ak Arc-en-ciel ap kontinye aji, fòme ak rasanble, paske nou kwè avni yon peyi kòmanse ak preparasyon jenès li.

Mèsi bokou
29/06/2026

Mèsi bokou

REKA Regwoupman Enklizif Pou Kore Avni ap remèsye tout moun ki te patisipe nan fòmasyon sou Oryantasyon Pwofesyonèl la. ...
29/06/2026

REKA
Regwoupman Enklizif Pou Kore Avni
ap remèsye tout moun ki te patisipe nan fòmasyon sou Oryantasyon Pwofesyonèl la.

Angajman nou, disiplin nou ak enterè nou te montre fè aktivite sa a tounen yon vrè siksè.

Nou remèsye fòmatè yo pou kalite konesans yo te pataje, elèv yo, responsab Arc-en-Ciel yo, ansanm ak tout moun ki te pote kontribisyon pa yo ak òganizasyon an pou reyalizasyon fòmasyon sa a.
Jodi a, se avèk anpil plezi nou ap pataje sètifika patisipasyon yo kòm yon mak rekonesans pou efò ak prezans chak patisipan.
REKA ap kontinye angaje l pou ankouraje aprantisaj, devlopman pèsonèl ak pwogrè kominotè.
Mèsi ak tout moun ki te fè jounen sa a posib! 💙

Jodi a se yon jou espesyal pou tout fanmi REKA, paske nap selebre anivèsè you'n nan manb ki toujou mete kèl, tanl ak enè...
14/06/2026

Jodi a se yon jou espesyal pou tout fanmi REKA, paske nap selebre anivèsè you'n nan manb ki toujou mete kèl, tanl ak enèjil nan sèvis òganizasyon an.

Ryan, kòm Responsab Relasyon Piblik REKA, ou se yon bèl egzanp devouman, respè ak angajman. Pawòl ou, konpòtmanw ak fasonw reprezante REKA fè nou fyè chak jou.

Nan non tout manb REKA yo, nou swetew yon bòn fèt ki chaje ak lajwa, lasante, lapè, siksè ak benediksyon. Se pou Bondye kontinye gide chak etap nan laviw, ouvri pòt opòtinite devanw epi pèmèt ou reyalize tout pwojè ak rèv ou yo.

Mèsi pou tout sa ou reprezante pou REKA. Kontinye briye, kontinye grandi, epi kontinye enspire.

Bòn fèt Ryan! Nou apresyew anpil.

Bon Rekòt Kafe Medjina🎁💐🎁
09/06/2026

Bon Rekòt Kafe Medjina🎁💐🎁

Jèn jounalis, lidè karismatik, yon figi byen koni  ki mete kè l ak enèji li nan devlopman sektè kiltirèl nan komin nan. ...
07/04/2026

Jèn jounalis, lidè karismatik, yon figi byen koni ki mete kè l ak enèji li nan devlopman sektè kiltirèl nan komin nan. Angajman sa pat pase inapèsi, paske se sa ki rive kondil nan tèt direksyon kiltirèl komin nan.

Anvan tout bèl bagay nou ta ka di sou li, jodi a nou chwazi salye detèminasyon li, disiplin li, ak kapasite li pou mobilize moun. Li se san dout youn nan pyès metrès òganizasyon REKA, youn nan poto mitan yo.

REKA non sèlman fyè pou sa li deja akonpli men nou pi fyè toujou pou n konte l pami jèn lidè kap ede n materyalize vizyon òganizasyon an.

Bon rekòt kafe Migdal Delice kontinye plante, kontinye grandi, kontinye briye.🎁🎁🎁

Yon 24 mas konsa, Djenica Rodney te fè aparisyon li sou latè.Jou sa a espesyal pou tout òganizasyon an, ki pwofite okazy...
24/03/2026

Yon 24 mas konsa, Djenica Rodney te fè aparisyon li sou latè.

Jou sa a espesyal pou tout òganizasyon an, ki pwofite okazyon sa a pou swete l yon bon rekòt kafe, epi felisite l pou angajman l ak kontribisyon l nan lavi òganizasyon an.

Nou swete l anpil siksè, sante ak reyalizasyon nan lavi pwofesyonèl ak pèsonèl li.

Kontinye briye epi fè REKA fyè.

Adresse

Grand Goâve
6230

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque REKA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager