Bsap Artibonite

Bsap Artibonite Unité départementale chargée de la protection des aires protégées de l’Artibonite. Siège : Phaéton, Gonaïves.

Sécurité, écologie et discipline au service de l’environnement et du territoire.

🤝🏾 YON  , TWA  , YON  :  2 SEPTANM 2026 — GONAYIVGen kèk imaj ki depase yon  . Yo rakonte yon  . Yo montre sa ki kapab f...
09/09/2026

🤝🏾 YON , TWA , YON :

2 SEPTANM 2026 — GONAYIV

Gen kèk imaj ki depase yon . Yo rakonte yon . Yo montre sa ki kapab fèt lè yo deside mete diferans yo sou kote pou mete enterè jeneral la an premye.

Nan dat 2 septanm 2026, yon bèl aksyon kolektif te fèt nan vil Gonayiv, kote des Gonaïves, Police Nationale d’Haïti (PNH)Brigade de Surveillance des Aires Protégées (BSAP) te mete fòs yo ansanm nan kad yon operasyon ki te vize debloke ak amelyore sikilasyon sou yon aks wout enpòtan, pandan travay yo t ap fèt anba direksyon MTPTC.

Sou demann Magistrat Gonaïves la, Madame Gina Jeanty, ajan BSAP yo, ansanm ak Chef des Opérations Départementales, Odsony Saint-Pierre, ak Inspecteur Fenelson Darélus, Coordonnateur Adjoint de la Coordination Départementale de la BSAP, te pote sipò yo nan aksyon an.

Pandan PNH t ap asire couverture sécuritaire operasyon an, Brigade de la Mairie ansanm ak kèk ajan BSAP te mobilize pou fasilite òganizasyon ak sikilasyon an, pandan ekip MTPTC yo t ap fè travay teknik ki nesesè pou libere wout la.

Sa nou wè nan imaj sa yo se plis pase kèk ajan ki kanpe nan lari.

Se l'État au service de la population.
Se responsabilité partagée.
Se coordination sur le terrain.
Se collaboration institutionnelle.

Yon vil pa ka avanse lè chak enstitisyon ap travay pou kont li. Gen pwoblèm ki mande fòs plizyè estrikti ansanm, ak yon menm objektif: pwoteje, òganize, fasilite lavi popilasyon an epi bay sèvis piblik la efikasite li merite.

Jounen 2 septanm nan montre yon bagay ki enpòtan anpil pou Gonayiv: lè Mairie, PNH, BSAP ak MTPTC mete kapasite yo ansanm, se popilasyon an ki genyen.

Se nan moman sa yo nou konprann tout valè mo COLLABORATION lan.

Paske lè youn gen fòs li, lòt la gen konpetans li, epi tout moun mete yo ansanm pou menm koz la, sa ki te parèt difisil kapab vin posib.

GONAYIV BEZWEN PLIS MOMAN KOTE ENSTITISYON YO TRAVAY ANSANM.

Se pa konpetisyon ant enstitisyon ki pou konstwi vil la.
Se pa separasyon ki pou rezoud pwoblèm popilasyon an.
Se dyalòg, kowòdinasyon, disiplin, respè wòl chak enstitisyon ak aksyon kolektif.

Nan linyon, gen fòs.
Nan kolaborasyon, gen rezilta.
Nan sèvis piblik, se popilasyon an ki dwe toujou premye. 🇭🇹

📸 Crédit photos : By***ra Fils-Aimé

🇭🇹 AYITI AP CHÈCHE *DEBLOKE* — NOU DWE PATISIPENouvo *eleksyon* yo se pa sèlman yon _dat sou kalandriye_. Se yon moman k...
08/09/2026

🇭🇹 AYITI AP CHÈCHE *DEBLOKE* — NOU DWE PATISIPE

Nouvo *eleksyon* yo se pa sèlman yon _dat sou kalandriye_. Se yon moman kote chak sitwayen dwe sonje pouvwa li genyen nan yon *demokrasi.*

Si ou vle wè *Ayiti chanje,* pa rete sèlman ap *gade.*
Si ou vle wè *Gonaïves avanse*, fè tande *vwa ou.*

Si ou vle mande plis _responsablite_ nan men moun k ap dirije yo, ou menm tou, pran _responsabilite pa w._

Premye etap la se *enskri* kòm *elektè.*

Pa kite lòt moun deside pou ou.
Pa di _“vwa pa m pap chanje anyen.”_

Yon demokrasi bezwen _sitwayen ki enfòme, ki patisipe e ki egzèse dwa yo._

*DEBLOKE* pa sèlman yon mo. Se yon apèl pou Ayisyen reprann plas yo nan avni peyi a.

🇭🇹 *Enskri. Enfòme tèt ou. Patisipe. Vote.*

*Gonaïves gen yon vwa.*
*Artibonite gen yon vwa.*
*Ayiti gen yon vwa.*

Se nou menm ki dwe fè l tande.

* * _

🌿📚 DEUXIÈME JOUR DE FORMATION — BSAP / ARTIBONITELa Coordination Départementale de la BSAP de l’Artibonite poursuit avec...
08/09/2026

🌿📚 DEUXIÈME JOUR DE FORMATION — BSAP / ARTIBONITE

La Coordination Départementale de la BSAP de l’Artibonite poursuit avec détermination le programme de formation et de renforcement des capacités des agents, conformément aux orientations et directives de la Direction Centrale de l’ANAP et de la BSAP.

Pour ce deuxième jour de formation, organisé à l’Auditorium de la Direction Départementale de l’Agriculture de l’Artibonite, la Coordination a eu le plaisir d’accueillir des agents venus de plusieurs localités du département.

🌱 Au cœur des échanges : la protection de l’environnement.
Les participants ont été sensibilisés sur le rôle de l’agent de la BSAP dans la protection de l’environnement, l’importance des arbres, la biodiversité ainsi que les relations essentielles qui existent entre l’être humain, les plantes et son environnement.

🚑 La journée a également été marquée par l’intervention des Agents de la Protection Civile, venus partager leurs connaissances dans le domaine des premiers secours et du secourisme, une compétence essentielle pour des agents appelés à intervenir sur le terrain.

🌿 L’Agronome Fenelson DARÉLUS, Coordonnateur Adjoint Départemental, a pour sa part apporté une contribution remarquable à travers une intervention consacrée à l’importance des plantes dans l’équilibre et la protection de notre environnement.

Pour clôturer cette deuxième journée, l’Inspecteur Wilio Datus JOACHIM, Coordonnateur Départemental, a délivré le mot final, en rappelant l’importance de la formation, de la discipline, de la responsabilité et de l’engagement dans l’accomplissement de la mission des agents.

Cette démarche de formation, qui se déploie à travers le pays sous l’autorité et les directives de la Direction Centrale de l’ANAP et de la BSAP, représente une étape importante vers une institution plus professionnelle, mieux préparée et davantage consciente de ses responsabilités envers les aires protégées et l’environnement.

Un agent mieux formé, c’est une institution mieux préparée.
Une BSAP mieux préparée, c’est une meilleure capacité à protéger notre patrimoine naturel. 🌿🇭🇹

📸 Les séances se poursuivent…
Restez connectés pour la suite de cette importante initiative.

Coordination Départementale de la BSAP — Artibonite
ANAP | BSAP

📷 Crédit photos : By***ra Fils-Aimé

🇭🇹 1er SEPTEMBRE 2026 | LANCEMENT DE LA FORMATION DES AGENTS DE LA BSAP — ARTIBONITEGonaïves | Coordination Départementa...
07/09/2026

🇭🇹 1er SEPTEMBRE 2026 | LANCEMENT DE LA FORMATION DES AGENTS DE LA BSAP — ARTIBONITE

Gonaïves | Coordination Départementale de l’Artibonite

Nan dat 1er septembre 2026, Coordination Départementale de la Brigade de Surveillance des Aires Protégées (BSAP) de l’Artibonite te resevwa plizyè delegasyon ajan ki soti nan diferan zòn nan depatman an, pami yo Gonaïves, Terre-Neuve, Saint-Michel, Marmelade, Ennery, Gros-Morne, ansanm ak lòt lokalite.

Premye etap sa a te konsakre sitou sou verifikasyon administratif ak enregistrement ajan yo. Sekretarya Coordination Départementale la, sou sipèvizyon Inspecteur Fenelson Darélus, Coordonnateur Adjoint, te asire ke ajan ki te prezan yo te ranpli fich signalétique yo epi soumèt pyès nesesè yo pou dosye administratif yo.

Nan ouvèti aktivite a, Inspecteur Willio Datus Joachim, Coordonnateur Départemental, te adrese ajan yo yon mot de bienvenue epi li te fè mise en contexte de la formation en salle, yon pwogram fòmasyon ki te lanse pa Direction Centrale de l’Agence Nationale des Aires Protégées (ANAP) sou tout teritwa nasyonal la.

Pou Coordination Départementale de l’Artibonite, premye jounen sa a reprezante yon etap enpòtan nan pwosesis renfòsman kapasite, professionnalisation ak consolidation de l’organisation institutionnelle.

📍 Gonaïves — Artibonite
📅 1er septembre 2026

Premye etap la fèt. Travay la kòmanse.

📸 Rete konekte avèk nou pou nou reviv, an imaj, diferan moman fòmasyon sa a ak aksyon Coordination Départementale de la BSAP de l’Artibonite.

BSAP — Artibonite Bsap Artibonite Ministère du Tourisme d’Haïti
Protéger • Surveiller • Préserver

🌿📚 Premye Jou Fòmasyon ANAP — ArtiboniteYè 1er Septanm nan make yon etap enpòtan pou " ' " la. Apre yon travay sistemati...
03/09/2026

🌿📚 Premye Jou Fòmasyon ANAP — Artibonite

Yè 1er Septanm nan make yon etap enpòtan pou " ' " la. Apre yon travay sistematik pou resanse epi idantifye ajan ki sou tout depatman an, nou te rasanble plis pase yon santèn ajan pou kòmanse ofisyèlman yon pwosesis fòmasyon ki chita sou modil Direction Centrale mete disponib pou ranfòse kapasite ajan yo.

Foto sa yo pran moman kote , , t ap bay epi fè fòmasyon an, anvan ajan yo antre nan travay sou diferan modil yo.

Objektif la klè: , , ak ajan yo, pou yo kapab pi byen konprann yo epi sèvi an ak plis ak .

Se yon nouvo etap kote , ak dwe mache ansanm pou konstwi yon ki pi .

'
Secrétaire de la Coordination : By***ra Fils-Aimé
📸 Photo Crédit : By***ra Fils-Aimé

📢 *AVI ENPÒTAN POU TOUT AJAN BSAP – ARTIBONITE*Pou asire inite, disiplin ak pwofesyonalis pandan fòmasyon an, tout ajan ...
31/08/2026

📢 *AVI ENPÒTAN POU TOUT AJAN BSAP – ARTIBONITE*

Pou asire inite, disiplin ak pwofesyonalis pandan fòmasyon an, tout ajan BSAP ki konsène yo dwe respekte menm prensip prezantasyon an.

👕 Mayo kou won senp, koulè vèt oliv, san okenn logo, enskripsyon, badj oswa lòt mak.
👖 Jeans nwa senp, pwòp epi byen prezante.
🥾 Bòt nwa oswa krèm, pwòp e byen antreteni.

📅 Dat: 1ye septanm 2026
⏰ Lè: 8è00 nan maten
📍 Kote: Auditorium Formation – Route Desronvilles, Gonaïves.

Mwen mande chak ajan pou pran dispozisyon nesesè pou vini nan teni ki endike a, paske objektif la se pou nou tout prezante tèt nou ak yon aparans ki montre inite, respè, disiplin ak pwofesyonalis.

Yon sèl fòmasyon. Yon sèl inite. Yon sèl prezantasyon. 🇭🇹🌿

*COORDINATION DÉPARTEMENTALE DE LA BSAP DE L’ARTIBONITE*

« Pwoteje lanati, se pwoteje lavi. »

31/08/2026
📢 *AVI ENPÒTAN POU TOUT AJAN BSAP – ARTIBONITE*Nou vle raple nou ke lansman fòmasyon ak ranfòsman kapasite ajan BSAP yo ...
29/08/2026

📢 *AVI ENPÒTAN POU TOUT AJAN BSAP – ARTIBONITE*

Nou vle raple nou ke lansman fòmasyon ak ranfòsman kapasite ajan BSAP yo ap fèt madi 1 septanm 2026, apati 8è00 nan maten.

📍 Kote fòmasyon an:
Auditorium Formation – Route Desronvilles, Gonaïves

Pou moun k ap vini soti sou Route Dattes: antre sou Route Desronvilles, epi kontinye jiskaske nou rive nan zòn École Nationale de Desronvilles. Auditorium nan sitiye jis avan lekòl la, sou bò gòch la.

Repè prensipal: miray vèt ki make *MARNDR / DDAA.*

Pou nenpòt kesyon, difikilte pou jwenn espas la oswa asistans:

📞 3335-1919

Nou mande tout ajan pou yo pran dispozisyon pou yo rive alè, avèk disiplin ak disponiblite.

Nou konte sou prezans ak angajman chak ajan pou lansman sa a kapab yon bèl etap nan pwofesyonalizasyon BSAP nan depatman Artibonite.

🌿 Pwoteje lanati, se pwoteje lavi.

BY***RA FILS-AIMÉ
Secrétaire – Coordination Départementale de la BSAP de l’Artibonite

📢 *AVI OFISYÈL — FÒMASYON AJAN BSAP NAN LATIBONIT*Kowòdinasyon Depatmantal BSAP Artibonite, anba otorite Direksyon Santr...
28/08/2026

📢 *AVI OFISYÈL — FÒMASYON AJAN BSAP NAN LATIBONIT*

Kowòdinasyon Depatmantal BSAP Artibonite, anba otorite Direksyon Santral Ajans Nasyonal Zòn Pwoteje yo (ANAP), ap enfòme tout ajan BSAP ki ranpli fich sinyaletik yo ke yon sesyon fòmasyon ak ranfòsman kapasite ap òganize nan Gonaïves.

📅 Kòmansman : 1ye septanm 2026
🕗 Lè : apati 8:00 AM
📍 Lye : Auditorium Direksyon Depatmantal Agrikilti Artibonite, Gonaïves

Fòmasyon sa a antre nan kad efò pou pwofesyonalize ajan yo, ranfòse kapasite yo epi amelyore fonksyònman enstitisyonèl BSAP la nan depatman an.

⚠️ Aksè nan fòmasyon an ap fèt dapre lis ofisyèl ajan ki deja anrejistre yo. Chak patisipan kapab verifye non li sou lis la anvan li prezante pou fòmasyon an.

Nou envite tout ajan konsène yo fè prèv ponktyalite, disiplin, respè ak disponiblite pandan tout peryòd fòmasyon an.

Ann kontinye travay pou yon BSAP ki pi pwofesyonèl, pi òganize e pi angaje nan sèvis Leta ak pwoteksyon patrimwàn natirèl peyi a.

Kowòdinasyon Depatmantal BSAP — Artibonite
ANAP • BSAP

🌿 Pwoteje lanati, se pwoteje lavi.

Adresse

Phaeton
Gonaïves

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bsap Artibonite publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager