26/02/2026
S O S Pou Tèt kannal Rofilye ak Revèdi a,sou rivyè lakent ki travèse 1e seksyon an.
Gwo malè pandye nan kè plèn Gonayiv, Tèt kannal ki alimante Zòn Rofilye, Tarasse ,Nanwonni, Revèdi,mawòt ak Pon goden an danje.
Priz sila ki gen 2 branch ladanl twouvel nan yon eta ki kritik, lè nou wè gabyon ak miray kite kore li yo ap tonbe san rete e otorite yo fèmen zye sou sa.
Neglijans sa ka gen gwo konsekans sou kominote sa yo: Rofilye,Descordes ak Reverdy, si nou ta rantre nan sezon plivyez la konsa.
Kiltivatè ak elvè nan kominote sa gen gwo kè sote sou eta priz la. Yo doute ke nan paret sezon sa yo ka pa gen priz sa anko si leta pa di anyen,konsa rivyè a ka debode sou yo ki la koz yo pèdi bèt yo,jaden yo ak lot ankò.
Pou epanye tout malè sa ka pote nan jou kap vini yo, nou mande prese prese pou leta ta enteveni nan espas la. Si non sa ka mande koze gwo dega.
Annou epanye vi ak byen sa yo!
Jean Mary Lafortune .