ALIDD-Haïti

ALIDD-Haïti Une plateforme de diffusion sociocultirel.

Yon pwofesè ki metrize zouti nimerik yo, deja prè pou l patisipe nan revolisyon Ayiti ap bezwen an. Paske tout vrè revol...
22/08/2025

Yon pwofesè ki metrize zouti nimerik yo, deja prè pou l patisipe nan revolisyon Ayiti ap bezwen an. Paske tout vrè revolisyon dwe kòmanse egzakteman nan fason nou aprann ak anseye.

Gras ak teknoloji, sosyete a pa sispann evolye ak yon gran vitès. Lekòl nou yo pa ta dwe rete dèyè. Nou dwe bay yon oryantasyon konstriktif k ap asire byennèt ak reyist chak sitwayen. Byen itilize zouti teknoloji yo nan ansèyman an pa dwe yon liks ankò. Chak enstitisyon ta dwe adapte yo ak mond nimerik lan. Chak anseyan dwe metrize yon maksimòm zouti nimerik posib pou fòme bon sitwayen k ap prè pou fè fas avèk defi + egzijans mond modèn lan.

Fason n ap anseye yo dwe mete an valè talan ak potansyèl timoun yo, ki pa dwe limite yo. Se kreye yon atmosfè k ap ede yo eksplore tout opòtinite mond modèn lan kapab ofri epi adapte avè l.

Pou yon oryantasyon ak akonpayman anseyan ak lòt pèsonèl nan mond nimerik la, ALIDD-HAÏTI ak G-Tech Center ap ofri 2 jounen fòmasyon k ap fèt sou tèm "Utilisation efficace du numérique dans l'enseignement" nan dat 9 ak 10 septanm 2025 lan.

Se yon fòmasyon gratis. W ap jwenn plis enfòmasyon nan flayèz ki akonpaye mesaj la. Pa ezite kontakte nou pou rezève plas ou paske nou p ap ka pran anpil moun.

Kontakte nou pa watsap oubyen rele sou 40 34 9620 oubyen entegre gwoup sa a pou w ka rete enfòme de aktivite a:
https://chat.whatsapp.com/GiDv0OHpYbOCXGYPqKsQ1E?mode=ac_t

NB: Dat limit pou w rezève plas ou se 3 septanm 2025

03/07/2025

Pou yon meyè update nan moman vakans lan, vin ranfòse konpetans nimerik ou avèk G-Tech Center atravè pwogram fòmasyon entansiv sa a. N ap kòmanse 21 jiyè 2025.

N ap pran 10 nouvo moun pou yon lòt gwoup. Ou menm ki Gonayiv ak zòn ki pwòch yo, pa ezite antre an kontak avèk nou.

Depi w se elèv NS4, n ap redwi frè yo pou ou a 50 %.

Kontakte nou sou: +509 40 34 9620 / 36 43 8815
[email protected]

10/06/2025
12/02/2025

Devlope konpetans k ap ede w vin yon travayè otonòm, k ap rann ou pi konpetitif ak aktif sou mache travay la dwe yon priyorite pou chak jèn k ap batay pou reyisi vi l.

Sa fè G-Tech Center ak patnè li CHERTIC pote pou ou yon kou sou PWOGRAMASYON Web pou akonpaye w ak montre w kreye sit entènèt.

Ou kapab ranpli lyen sa a pou rezève plas ou epi n ap kontakte w apre: https://forms.gle/aLJTcxdjUNeq4zCS6 pou w rezève plas ou. Yon manb nan ekip la ap kontakte w pou fè swivi avè w.

Ou kapab entegre gwoup watsap sa a pou w rete konekte avèk nou e benefisye lòt avantaj ankò:
https://chat.whatsapp.com/HfV0yr2ASGJ7BDD8HuOU5O

Pou plis detay ak enfòmasyon sou kou a, ou kapab kontakte ekip la sou;
40 34 9620/ [email protected]

Adresse

7, Bois D'Ormes 7
Gonaïves
4110

Téléphone

+50940349620

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ALIDD-Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à ALIDD-Haïti:

Partager