C4CNG - Climbing For Christ New Generation

Site Web

C4CNG - Climbing For Christ New Generation Nou travay avèk kominote ki pi vilnerab yo nan divès rejyon an Ayiti sitou nan mòn yo. Nou entèveni nan domèn Edikasyon, Sante, Alimantasyon ak evangelizasyon.

We work in the mountains of Haiti in the areas of health, education, food, and evangelization.

Plis fè pou travay Calimette nan dat kite jeudi 17 lan , yo te profite kontinie ak reenskripsyon timoun lekòl nou yo .Ep...
19/09/2026

Plis fè pou travay Calimette nan dat kite jeudi 17 lan , yo te profite kontinie ak reenskripsyon timoun lekòl nou yo .
Epi sipèvize travay konstriksyon an !!!

Yon gran Mèsi ak staff Ayiti an kap fè yon bon travay !!!!

Gen yon ekip nan santo Domingo Ki deja Ayiti pou asiste epi ede nan klinik móbil nap gen nan fen mwa .Gen yon ekip kap p...
18/09/2026

Gen yon ekip nan santo Domingo Ki deja Ayiti pou asiste epi ede nan klinik móbil nap gen nan fen mwa .
Gen yon ekip kap prépare pou rejwenn nou lòt semaine epi nou gen tout kolaboratè nou yo ki ayiti ki déjà prè pou rejwenn nou nan objetif poun wè 700-800 moun nan de lokalite .
Fwa sa nou pap ka bay yon kit alimantè paske nou Pa gen ase mwayen ekonomik .

Lèkòl ouvri men jiska prezan Milye de timoun paka al lèkòl !! Nou Deja distribiye 20 kit eskolè ekonomik pou Mwa Jiyè la...
17/09/2026

Lèkòl ouvri men jiska prezan Milye de timoun paka al lèkòl !!
Nou Deja distribiye 20 kit eskolè ekonomik pou Mwa Jiyè lan .
Nou gen kòb pou yon lòt 100 kit ankò, men nou lwen objetif lan ki se 350 minimò m e 700 ki se total timoun lèkòl nap sipòte yo .
Wap ede n ? Nou gen zelle nou gen moncash !!

Travay nou nan zone rekile yo an Ayiti pa fèt ak sèlman lanmou , men anba Gro sakrifis e yon konfyans ki plen nan BONDYE...
16/09/2026

Travay nou nan zone rekile yo an Ayiti pa fèt ak sèlman lanmou , men anba Gro sakrifis e yon konfyans ki plen nan BONDYE .
Nou fè dè ane ap lwe ou byen frete moto , janvier ap ba nou 2 ans Depi yon bon samariten te achte yon moto ba nou ki ede nou anpil ,nan sa ki gen pou wè ak deplasman nou pou travay lan .

Yè pandan responsab yo te vizite Boucan Pierre e wè Ki Jan reenskripsyon an ap vanse.

Pandan yap retounen lakay ,li an pa n .

Travay lan kontinie avanse nan Kalimette, yè yon reprezantan te deplase e fè nou jwenn imag sa yo .Gen pòt yo ki deja mo...
15/09/2026

Travay lan kontinie avanse nan Kalimette, yè yon reprezantan te deplase e fè nou jwenn imag sa yo .
Gen pòt yo ki deja monte epi yo deja komanse krepi andan !!!
Ti Pa ti Pa timoun Calimette yo ap jwenn yon espas pou yo aprann li ak ekri !!!

15/09/2026

Chak kontribisyon kapab change vi !

Jodia yon pati nan Staff C4CNG an tè reuni poun range rad  epi kòmanse arange medikaman pou Klinik Mobil fen mwa sa !!!N...
14/09/2026

Jodia yon pati nan Staff C4CNG an tè reuni poun range rad epi kòmanse arange medikaman pou Klinik Mobil fen mwa sa !!!
Nou di Mèsi ak manb a C4CNG ki bay 8 èd tan sèvis !!!

13/09/2026

Pandan sèlman 4 deniè ane yo C4CNG konsilte e distribiye medikaman a plis pase 4700 moun nan zone rekile yo an Ayiti .
Pou ane sa nou vle konplete 5500 .
Svp rejwenn nou !!!

Ane 2024 lan C4CNG te distribiye 350 kit, sa vle di sèlman 50% nan 700 timoun nap ede chak ane nan 3 lokalite Ayiti ki p...
12/09/2026

Ane 2024 lan C4CNG te distribiye 350 kit, sa vle di sèlman 50% nan 700 timoun nap ede chak ane nan 3 lokalite Ayiti ki patap janm gen lekòl si nou Pat rive te resevwa kit.
Ane sa nou te vle bay tout 700 ou byen lòt 50% .
Men nou an konstriksyon epi mwayen nou vreman limite .
Nou gen kèk kolaboratè ki kontribiye nou deja 100 kit san konte 20 kite distribiye pou mwa Jiyè lan .
Svp siw tonbe sou Pag sa ou wè piblikasyon sa epi ou an mezi pou ede konsidere ede !!!
Mèsi ak tout zanmi ki ede yo !!
Siw patage post lan ou otomatikman ede !!!

Jodia nou voye yon kantite nan siman nou bezwen pou krepi lèkòl timoun Majon yo !!!!Men malerezman kounya nou bezwen tan...
11/09/2026

Jodia nou voye yon kantite nan siman nou bezwen pou krepi lèkòl timoun Majon yo !!!!
Men malerezman kounya nou bezwen tann lapli an tonbe pou bòs nou yo komanse travay !!!

Adresse

La Source , Fond Parisien
Ganthier
ENGLISH,KREYOL

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 17:00
Mardi 08:00 - 17:00
Mercredi 08:00 - 17:00
Jeudi 08:00 - 17:00
Vendredi 08:00 - 17:00
Samedi 08:00 - 13:00

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque C4CNG - Climbing For Christ New Generation publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager