17/10/2025
Nan dat 17 Oktòb sa a, yon jou ki make istwa nou ak doulè, Kowòdinasyon Depatmantal Oganizasyon Sosyal NÒDÈS KAPAB, NOKA ap bese tèt li ak respè pou salye memwa Papa Endepandans nou, Jean-Jacques Dessalines, gwo lidè ki te mete tèt ansanm ak pèp la pou kraze chenn esklavaj e deklare Ayti yon nasyon lib.
NOKA rann omaj ak tout kè li bay nonm sa a ki se yon senbol kouraj, jistis, e souverènte, yon vizyonè ki pa te pè bay lavi l pou libète pèp li. Nan jounen komemorasyon sa a, nou envite tout Aysyen ak Aysyèn pou yo retounen pran fòs nan lespri Dessalines, rèv li te genyen pou yon peyi ki djanm, lib, ini, epi pwospè.
Sakrifis li pa dwe janm trayi. Memwa li pa dwe janm efase. Dessalines ap viv pou tout tan nan konsyans nou kòm flanm libète ak diyite pèp Ayisyen an.
NODÈS KAPAB