OJDH Annavan

OJDH Annavan Organisation pour le Développement de Haute-Feuille

*PRAN TI TAN LI TÈKS SA* Mwen te leve mwen jwenn papa m, manman  ap bay yo nan fason yo kapab pou yo ede zòn nan devlope...
18/02/2026

*PRAN TI TAN LI TÈKS SA*

Mwen te leve mwen jwenn papa m, manman ap bay yo nan fason yo kapab pou yo ede zòn nan devlope, mwen jwenn sa kòm yon eritaj se sak fè mwen te toujou marye konesans ak eksperyans mwen pou m te bay kout men.

Mwen toujou voye gwo kout bravo ak felisitasyon bay tout moun ki omwen mete yon wòch nan devlopman zòn nan, men mwen vle konseye nou chanje fason nou te konn fè devlopman nan lane 1900 ak jodia paske mond la ofri nou anpil opòtinite ak teknoloji a pou nou fè devlopman an yon lòt jan kap koute nou:

✳️ *Mwens lajan*
✳️ *Nap bezwen mwens moun*
✳️ *Lap dire mwens tan*

Mwen gen anpil bon jan egzanp ak imaj map voye ak tèks sa poum montre nou kèk opòtinite nou genyen pou nou fè sa

Egz.1: Otfèy chaje ak pikan e raje ki kouvri wout ak kay yo, nou te konn fè konbit ( moun pa patisipe nan konbit ankò) ak itilize manchèt pou nou netwaye zòn yo, men si nou ht materyèl sa ke map pataje ak nou la, nap bezwen mwens moun, travay la ap fèt pi rapid e nap evite ht pil manchèt.

Egz.2 : Nou toujou vle fouye kanal tifose a nan moman ki pral gen lapli yo e fè kanal pou dlo lapli a ka ale tonbe nan tisale a oubyen nan kanal la, men yon materyèl ki ka fè sa pi rapid e n ap bezwen plis moun.

Mwen konnen gen anpil lòt egzanp ak anpil lòt jèn ki gen bon jan lide, jounen nou konnen fòs jèn sa yo e nou ouvri bra nou ba yo, devlopman nou di nap fè a prale pi rapid.
*SI SE DEVLOPMAN NAP FÈ VRÈMAN*

02/01/2026

*OTFÈY: YON JADEN ENTÈLEKTYÈL K AP DEPERI NAN MEN EGOYIS*

​Otfèy pa gen pwoblèm moun k ap reflechi, li gen yon pwoblèm egoyis ak le mwa.
Se yonn nan seksyon nan peyi a ki chaje ak tèt chaje, doktè, enjenyè, ak save, kit yo andedan, kit yo lòt bò dlo.

​Nou grandi ap gade paran nou k ap "bat dlo pou yo fè bè". Yo vann tè, yo vann bèt, yo rache zantray yo pou voye n lekòl paske yo te kwè nan lavni. Jodi a, nou gen resous nan tout domèn. Men, kisa konesans sa a vo si li pa ka rale yon poto pou bati kominote a?
​Ann sispann bay tèt nou manti!
Pwoblèm Otfèy se pa mank diplòm, se maladi "LE MWA". Yon bann moun ki kwè si se pa yo ki alatèt, anyen pa dwe fèt. Yon bann "entèlektyèl" ki prefere pwojè a mouri pase pou se yon lòt ki jwenn glwa a.
​Ansyen yo, malgre limit yo, te konn sa yo rele solidarite. Jenerasyon jodi a? Nou tounen yon bann grenn pwonmennen k ap di "zafè mouton pa zafè kabrit". Pandan n ap goumen pou konnen kilès ki plis konn fè, zòn nan ap dekale, lavi a ap vin pi di, epi chans nou yo ap gaspiye.
​Si nou pa derasinen vye move mak nou yo, devlopman ap rete yon rèv nan dòmi:
❇️​ EGO ki avèg nou
❇️ JALOUZI ki wonyen nou
​❇️ RANKIN k ap anpwazonnen san nou
​Jan John C. Maxwell di l la: *"Un succès sans successeur est un échec".*
Si ou gen siksè pou kont ou, epi ou pa ka pase flanbo a bay moun k ap vini yo, ou se yon echèk total! Siksè w la mouri avè w.

​Pou nouvèl ane sa a, mwen mande jenerasyon k ap dirije a: Sispann fè sa nou t ap repwoche ansyen yo. Sispann bloke jèn k ap monte yo. Travay nan divizyon se pèdi tan, se gaspiye lajan, epi se fè yon travay san fini.

​Se pou Bondye netwaye lespri nou, pou nou sispann wè tèt nou sèlman, men pou nou wè Otfèy anvan tout bagay. Ann sispann divize pou n ka bati sa k ap rete pou pitit nou.

​VWA YON JÈN 🖊️

07/03/2025

ANN METE MEN! KOMINOTE A SE NOU TOUT!

Solèy la fenk leve sou kominote nou an. Yon ti van dous ap pase, fè fèy pye mango yo danse nan yon melodi natirèl. Anba galri kay granmoun yo, gen sa kap netwaye devan lakou yo,ou ka tande kèk vwa ap rakonte koze lontan, pandan timoun ap kouri nan lari. Lè ou gade nan zòn nan, ou wè moun ap pase ak galon sou tèt pou al chèche dlo, sa ki pral nan jaden ak wou sou do,plan diri sou tèt ti madanm,konbit pike dire kap planifye,tafya kap koule nan pike dire nan fè konkou sak konn pi byen pike, apre konpetisyon se al plonje nan kannal pou nal fè koul anba dlo. O wi lavi andeyò se sous viv ansanm.
Kominote a vivan! Men, si w gade pi fon, si w koute pi byen, ou ap remake gen yon bagay ki manke… Yon lespwa ki fennen, yon divizyon ki mete kominote nou an sou fren!

Nou di nou vle devlopman, nou di nou vle avansman, men chak fwa nou fè yon pa annavan, nou menm tou nou rale kominote a de pa an aryè! Jalouzi, egoyis, divizyon, mank angajman—se sa k ap ravaje nou! Depi se pa mwen ki fè l, depi se pa moun pa m ki lidè, depi se pa nan zòn pa nou pwojè a fèt, nou pa mete men! Men eske nou panse nou ka avanse konsa.

KI KOTE PWOBLÈM LAN YE?

Nou chak gen yon wòl pou nou jwe, men olye nou mete men ansanm, nou fè devlopman tounen yon konpetisyon! Se pa moun deyò ki anpeche nou grandi, se nou menm!

1. Divizyon ki fè nou pèdi fòs nou
• Katye kont katye, gwoup kont gwoup, moun kont moun! Olye nou mete tèt nou ansanm, nou kontinye mete baryè sou devlopman nou!

2. Jalouzi ak egoyis k ap pouri lespwa
• Si se pa mwen ki lidè, si se pa zanmi m ki devan, mwen pa mete men! Olye nou sipòte moun ki ka mennen nou pi lwen, nou mete pye sou yo!

3. Moun ki ap viv nan kominote a pa angaje ase
• Ou menm ki Ayiti, ou menm k ap viv nan kominote a, ou se premye moun ki benefisye lè gen yon pwojè ki fèt! Men, souvan, se menm moun sa yo ki pi pasif!
• Kannal ap netwaye, Ou kanpe gade olye w pote kole!
• Konbit ap fèt pou pase men nan kèk kote nan wout lakay,Ou pa sipòte!
• Netwayaj ap fèt? Ou fèmen pòt ou, ou pa voye je sou li!

4. Diaspora a ap sakrifye, men eske nou rekonèt sa?
• Chak dola ki voye soti aletranje se yon sakrifis! Yo mete travay di sou do yo pou yo ka voye èd!
• Yo redwi sou sa y ap depanse! Yo oblije kite kèk liks, yo bliye fanmi yo,yo travay de doub pou kominote nou kapab jwenn!
• Men eske nou menm ki sou plas nou fè ase pou nou montre nou apresye sakrifis sa yo?

KI SOLISYON NOU KA POTE?

Nou bouke ap plenyen, nou bouke ap di “lavi di,” “pa gen avni,” “pa gen chanjman.” Noumenm ki vle wè chanjman an, ann fè l!

1. NOU TOUT DWE ANGAJE NOU!
• Ou pa gen lajan? Bay tan ou! Bay men ou!
• Ou pa kapab finansye yon pwojè? Sipòte sa k ap fèt!
• Ou wè moun ap travay pou devlopman kominote a? Fè yo santi ou sou bò yo!

2. AKSEPTE LIDÈ KI KA MENE NOU PI LWEN!
• Tout moun pa ka lidè! Men si nou wè gen moun ki gen kouraj, ki gen vizyon, ki vle ede, ann sipòte yo!
• Lidè pa vle di chèf! Lidè se moun ki mete tèt yo pou pouse kominote a pi lwen!

3. SIPÒTE AK PWOTEJE SA K AP FÈT!
• Lè yon pwojè ap fèt, pa gade li pase!
• Pa kite li kraze! Pa kite l mal jere!
• Travay ansanm pou l abouti!

4. RESPEKTE AK APRESYE DYASPORA A!
• Pitit kominote a k ap viv aletranje pa gen obligasyon voye èd, men yo fè l ak tout kè yo!
• Nou dwe montre yo nou apresye yo, nou dwe fè yo wè sakrifis yo p ap gaspiye!

ANN LEVE KANPE! SISPANN BAY BLAME! SISPANN GONFLE PWOBLÈM! ANN METE MEN!

Si nou kontinye divize, nou tout ap kontinye soufri! Si nou pa mete men, nou p ap janm avanse! Jodia se moman pou nou mete tout bagay sou kote:
• Ase ak jalouzi!
• Ase ak pale anpil pou anyen!
• Ase ak chita gade pandan lòt ap travay!
• Ase ak apwòch “se pa mwen ki fè l, m p ap mete men”!

Kominote a pa pou yon sèl moun, li pa pou yon gwoup, li pa pou yon zòn—li pou NOU TOUT!

ANN METE MEN! ANN BATI AVNI NOU!

Jonas THELUSMA
Anseyan,Jounalis,Piblisitè.
Pitit lakay.
(509)43 16 06 10
48 58 14 75

Adresse

Boulevard Tertulien
Dessalines

Téléphone

+50933340447

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque OJDH Annavan publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à OJDH Annavan:

Partager