15/05/2026
🇭🇹 18 Me se yon dat istorik ak senbolik pou pèp Ayisyen an. Li reprezante fyète nasyonal nou, inite nou kòm pèp anba yon sèl drapo. Se youn nan pi gwo fèt patriyotik ki make listwa nou kom pèp.
Nan lide pou valorize gwo eritaj sa a ki se bikolo nou, Jenès REN nan tèt kole ak Kowòdinasyon REN Delmas, ap envite tout jèn, tout patriyòt ak tout moun ki renmen peyi yo pou vin selebre drapo nou. 🇭🇹✨
📅 Lendi 18 Me 2026 / 9è pou rive 3è
📍 7, Imp. Nevada, Fragneau-Ville, Delmas 75
✅ Parad ak defile patriyotik
✅ Final konkou tèks
✅ Mini fwa
✅ Animasyon kiltirèl
🎤 Dans
🎤 Slam
🎤 Chante
Youn di lot, youn pase pran lot, nou pral selebre drapo fyète n ak dignité n.
🔥 𝐍𝐎𝐔 𝐒𝐄 𝐑𝐄𝐍 𝐏𝐄𝐘𝐈 𝐀 ! 🇭🇹