12/06/2026
LÈT TOU LOUVRI POU PREMYE MINIS ALIX FIZEME AK TOUT LÒT DIRIJAN PEYI DAYITI
Pou Onorab Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak tout minis, konseye, responsab Leta ak tout moun ki gen yon pòsyon pouvwa nan men yo pou dirije desten Ayiti.
Mesye dam k ap dirije peyi a,
Mwen ekri nou lèt sa a pa sèlman kòm yon sitwayen, men kòm yon pitit tè sa a ki pote doulè Ayiti nan nanm li, ki wè pèp la ap soufri chak jou pandan espwa ap diminye, pandan diyite yon pèp ki te yon fwa limyè mond lan ap pèdi fòs devan je nou.
Jodi a, mwen vle pale ak konsyans nou.
Si nou gen yon minimòm lanmou pou tè sa a ki rele Ayiti…
Si nou gen yon minimòm apresyasyon pou san zansèt nou yo ki te koule pou ban nou libète…
Si nou gen yon minimòm desans, respè ak sans responsablite anvè jenerasyon k ap vini yo…
Se moman pou nou pwouve sa.
Mond lan ap gade nou. Istwa ap obsève nou. Chak desizyon nou pran, chak silans nou fè, chak neglijans, chak enterè pèsonèl nou mete anvan enterè peyi a, ap ekri yon chapit ki pap janm efase.
Ayiti pa yon peyi tankou lòt yo. Se premye pèp nwa lib nan listwa modèn, yon pèp ki leve kont esklavaj avèk pwòp efò li, avèk pwòp san li, avèk pwòp sakrifis li. Se pa yon eritaj òdinè nou resevwa. Se yon eritaj sakre.
Nou pa gen dwa kite peyi sa a vin sèlman yon paj tris nan listwa.
Menm si listwa pa ta jwenn nou touswit pou jije nou, tan ap fè sa. Pitit nou yo ap fè sa. Pèp la ap fè sa. Non nou yo ap swa rete kòm moun ki te ede leve Ayiti… oswa kòm moun ki te rete ap gade pandan peyi a t ap tonbe.
Pa kite non nou efase oswa fini mal nan liv listwa peyi Dayiti.
Menm si kèk nan nou ta gen plizyè nasyonalite, menm si kèk moun ta akize nou kòm ajan enterè etranje, menm si mond politik la konplike ak enterè melanje, sonje yon sèl bagay: Bondye, listwa ak konsyans pa twonpe.
Puiske lavi ba nou chans pou nou dirije Ayiti nan yon moman konsa, fè Ayiti sonje nou byen. Pa sèlman ak diskou, pa sèlman ak pwomès, men ak aksyon. Aji nan enterè peyi a. Bay pèp la sekirite. Bay timoun yo espwa. Bay jenès la rezon pou rete kwè. Bay granmoun yo lapè. Bay diyite peyi a yon nouvo souf.
Pouvwa se pa privilèj sèlman; li se yon egzamen moral.
Yon jou, chèz nou yo ap vid. Mikro yo ap fè silans. Gad kò yo pap la ankò. Drapo yo ap kontinye flote san nou. Men kestyon listwa ap poze rete menm jan:
“Kisa nou te fè lè Ayiti te bezwen nou plis la?”
Nou poko an reta pou nou chwazi byen. Nou poko an reta pou nou mete enterè nasyon an anlè enterè pèsonèl, politik oswa ekonomik.
Pèp ayisyen an fatige ak dezolasyon. Li bezwen lidè ki gen kouraj, vizyon, patriyotis ak diyite.
Leve non peyi a. Fè mond lan sonje ke Ayiti pa mouri. Fè jenerasyon kap vini yo fyè de sa nou kite dèyè.
Paske yon dirijan pa mezire sèlman pa tan li pase sou pouvwa, men pa tras li kite nan lavi pèp li.
Avèk respè, men avèk anpil doulè ak esperans pou peyi mwen,
Samuel Shadow CASSEUS
“Òm Deta”