22/08/2022
*Direktè Egzekitif PNPDH la mesye Jackson Pierre Noël pase vizite polisye ki nan komisarya Fon dè Nèg la*
________________________________
Lendi 22 dawout 2022 a prezidan Platfòm Nasyonal kap defann dwa moun yo (PNPDH) Jackson Pierre Noël te pase vizite polisye ki nan komisarya Fon dè Nèg yo, dapwè sa zyel bali ganpil bagay LEta dwe fè pou yo.
Malgre gwo jefò komisè Alix ap fè nan tèt komisarya Fon dè Nèg la bagay yo toujou malouk paske LEta bliye komisarya sa, elas pwoblèm yo tèlman anpil nan men komisè a pafwa li pa konn ki sen poul rele, son komisè ki travay pi mal ke bèt, popilasyon an tèlman renmen komisè a nan zòn lan yo tonbe chante se gras ak komisè Alix kifè nou genyen lapè, LEta jwèt pou ou paske komisarya Fon dè Nèg la gen pwoblèm pase lè Job te nan tray.
Komisarya pagen machin prèske se apye mesye yo ye, yo gon vye Nissan patwòl sa pa bon , yo manke ekipman bagay yo grav anpil pou yo, gen sèlman 2 dòtwa pou 12 polisye sepa posib pou nèg yap soufri nan eta sa, komisarya se ak balèn mesye yo ap dòmi ladanl chak swa, LEta komisarya dwe gen kouran ladanl sepa posib pouse ak balèn ak lanp lè nèg yo ap fon dosye pou yap ekri sa son minimòn LEta ou ka rezoud li.
Polisye yo mande Platfòm Nasyonal kap defann dwa moun yo ( PNPDH) pale ak LEta pou yo paske 3 pwoblèm sayo ap sakaje polisye yo anpil, pwoblèm machin, pwoblèm elektrisite, pwoblèm dòtwa, lòt bagay ankò fòk yo retounen ak manje pou polisye yo sepa posib pouse anba dra pou polisye yo ap manje paske jan peyi a gangle la fòk yo veye kò yo.
Platfòm nasyonal kap defann dwa moun yo mande pou otorite yo toujou voye je gade tout polisye kap travay yo, rezon an senp paske Travay nèg yo ap fè a tèlman riske yo merite anpil ankourajman.
Kominikasyon PNPDH.