02/09/2026
Mwen te gen chans vizite Vallue, nan 12yèm seksyon Petit Goâve, epi mwen te wè sa ki posib lè yon kominote deside pran devlopman li an men.
Depi 1987, Association des Paysans de Vallue, APV, ap òganize, konekte epi bati. Jodi a, se yon rezo 60 gwoup k ap travay nan edikasyon, sante, agritouris ak antreprenarya. Depi 1987 tou, kominote a ap konstwi pwòp wout li. Li poko fini, men li pratikab e li deja sèvi kominote a.
Sa mwen wè nan Vallue konfime yon bagay mwen kwè anpil: nou pa toujou bezwen envante nouvo solisyon. Pafwa, nou bezwen idantifye sa ki deja ap mache, sipòte li, epi ede li grandi.
Ayiti gen anpil Vallue.
Ann idantifye yo. Ann konekte yo. Ann kolabore avèk yo.
Se bon sitwayen ki bati bon kominote. Bon kominote bati bon peyi.
Se konsa nou bati sistèm ki dire. 🇭🇹