Endi-Jèn

Endi-Jèn Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Endi-Jèn, Organisation à but non lucratif, # 17 Vernet 1, Cayes.

Offrir aux jeunes de la Métropole du Sud des occasions unique et diverses pour evoluer dans leus multiples talent, de s’exprimer, d'apprendre, et d’échanger sur les réalités socio-politico-économiques et culturels.

17/04/2025

Istwa yon pèp

08/02/2025

Travay memwa

23/11/2024

Fòk jenerasyon depi 86 a dat rele tout dirijan leta devan tribinal limanite pou rèv yo ak avni yo ke yo detwi. Nan pwòp peyi nou nou an prizon 😢😭

23/11/2024

YON TI KOZE AK ZANMI

KWAPE PWOSESI ZONBIFIKASYON AN

Nou bezwen etabli yon solidarite imèn.
Li enpotan pou nou travay sou tèt nou
ak sou mantal nou.

Nou dwe pran swen nou,
Fè solidarite nan mitan nou,
Epi aprann transfòme sa nou genyen.

Paske pwosesis zonbifikasyon an
retire kapasite pou nou kreye.
Li retire kapasite pou nou itilize sa ki nan anvironman nou.
Li retire sa nou kwè kite ka mobilize nou.

Kwayans nan LaNati ki te ka pèmèt nou vin pi fo, li retirel.
Li mete zigzani nan mitan nou.
Li fè nou pa vle wè moun ki sanble ak nou.
Li kraze tout kapasite nou pou nou reflechi.
Li kraze etat fizik nou.
Li fè nou vin pa itil tèt nou anyen.

Kounye a, fòk nou reziste.

Premye kote pou nou reziste
se reyapwopriye nou de mantal nou, de fizik nou.

Evite maje grès, anpil sel ak s*k.
Annou manje sa ki grandi nan tè.
Annou manje Yanm, patat, bannann, mayòk, mayi, pistach,
bwè dlo kokoye, bwè jus korosòl, anana…
pou nou ka reziste.

Ann travay sou mantal nou, sou kò nou.
Ann travay sou relasyon nou yonn ak lòt
Pou nou ka reziste.
Paske moman nap viv la pa fasil !

Sete yon ti koze ak zanmi mwen ALEX.

YJS

18/11/2024

YON TI KOZE AK ZANMI

ASASINA KOLEKTIF OUBYEN SOLIDARITE

Nou gen yon devwa de solidarite anvè moun ki viktim yo.
Nou gen yon devwa pou nou eksprime sa nou santi,
sa nou viv paske nou paka kenbe yo.
Ekspresyon sa , si nou te ka òganize yon fòm kolektiv pou nou fèl
Li tap gen plis enpak.

Nou gen yon devwo de revandikasyon diyite nou
antan ke imen, antan ke pèp.
Se pa paske nou paka fè anyen pou nou kwaze bra nou.

Golyat la anfas nou, Golyat la lou.

Men fòk nou komanse pa yon mouvman de rekonesans,
de reyapwopriyasyon de imanite nou, de diyite nou
a travè aksyon atistik, aksyon kiltirèl ak aksyon politik.

Fòk nou ekri listwa nou, fòk nou kanpe debou.
Nou oblije kanpe, nou paka dekouraje.

Plan se touye nou
San ke nou pa fè gwo analiz istorik
San ke fòs fènwa ki kanpe anfas nou yo pa di anyen.

Lè yo deside tire sou avyon,
yo konnen medikaman pap ka antre.
Yo anpeche moun ki malad jwenn aksè a medikaman.

Lè yo deside koupe ou bloke rout pou manje pa antre
pou manje pa s*kile anndan peyi a.
kel te rout atè ouswa lanmè.

Anplis yo menase pou koupe kano irigasyon.
Sa rele asasina kolektif.
Se yon pep yo vle desime.
Se touye tout jenerasyon.
Ti bb pa epaye
Sa pa gen lòt non !

Donk, nan monman se òganize nou
pou anpeche gen plis viktik.
Nou dwe gade kijan nou ka solidarize nou
pou ede yonn lòt, pou pwoteje yon lòt.

Sete yon ti koze ak zanmi mwen ALEX.

YJS

18/11/2024

YON TI KOZE AK ZANMI

NOU TOUT SE MOUN, NOU TOUT SE AYISYEN

Bandi yo se moun, se Ayisyen ki enstrimantalize pa lòt moun.
Anpil nan yo se moun sosyete a rejte.
Yo nan yon dinamik vanjans sosyal.
Yo ap remèt sosyete a monnen pyès li.

Leta konnen byen kisa plan ye.
Tout timoun ki lese poukont yo ,
timoun lari yo, prèske tout nan gang a volonte oswa pa la fòs.
Timoun sa yo pa konprann anyen.

Se pou rezon sa, rès moun ki konsyan yo
Dwe eseye chanje pratik rejè sosyal ki genyen nan peyi a:
Moun lavil ak moun andeyò, gwo lekòl ak lekòl bòlèt
Moun ki pale fransè ak moun ki pale kreyòl
Moun anwo ak moun anba, pitit anndan ak pitit deyò…
Tout se Pratik rejè ki kreye RAYISMAN.

Nou tout se Moun
Toutotan nou poko dakò sou sa,
nou fenk kòmanse tire nan pye nou.
Leta refize aksepte kòz sosyal vyolans lan.
Jodi a nou pa gen yon repons a sitiyasyon an😢

Sete yon ti koze ak zanmi mwen ALEX.

YJS

16/11/2024

Bon pou konnen

Adresse

# 17 Vernet 1
Cayes
HT8110

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50944776801

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Endi-Jèn publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Endi-Jèn:

Partager