27/05/2026
J*P LEGACY CLUB
JEAN ATHANIAS PRÉCILE LEGACY
Communauté de Leaders Unis pour le Bien Commun
“Je rendrai ton nom grand…” — Genèse 12:2
Gen non Bondye pèmèt travèse tan, travèse jenerasyon, travèse lanmò menm…
Paske yon moun ka kite tè a fizikman,
men lè lavi li te pote vizyon, prensip, sèvis ak eritaj, non li kontinye pale menm nan silans tonm nan. Patriyach Jean Athanias Précile pa sèlman kite yon non… li kite yon tras, yon eritaj, yon memwa vivan ki kontinye enspire jenerasyon.
Se nan sans pwofetik sa a J*P LEGACY CLUB leve kòm yon mouvman konsyans, lidèchip ak transmisyon. Paske gen non ki sèlman egziste… men gen non Bondye leve pou vin jenerasyonèl.
Yon gran non pa mezire sèlman pa popilarite,
men pa enpak li kite nan lavi moun ak nan listwa.
“Je rendrai ton nom grand…”
Sa vle di : Bondye kapab fè yon non vin tounen yon referans, yon sous enspirasyon,
yon eritaj pou jenerasyon kap vini yo.
J*P LEGACY CLUB
Se plis pase yon non.
Se kontinwite yon eritaj.
Se memwa yon vizyon kap kontinye viv.