02/03/2026
Viktwa avèk fòs, disiplin ak detèminasyon
Nan match 1/4 de final la, ekip BACHIM lan demontre klèman kiyès ki pi fò. Avèk kouraj, konsantrasyon ak yon lespri konpetisyon solid, yo ranpòte match la avèk 195 pwen kont 160 pwen pou advèsè a.
Se te yon demonstrasyon kapasite, estrateji ak metriz. Depi kòmansman jouk nan fen, BACHIM te kenbe kontwòl la, li enpoze ritm li, epi li fè diferans lan klè sou tablo nòt la. BACHIM tap jwe ak konfyans, li te domine jwèt la, epi li make istwa li ak onè.
Bravo ak tout ekip la coach yo! Chemen an kontinye, men jodi a, viktwa sa a se prèv ke travay di toujou peye.
Bataillon de l’eglise Baptiste de Remy Bataillon de la Famille Tabernacle de Gloire Koze Kretyen Jpc Jeanphilippecassandro Bataillon Église de Dieu Bateau Céleste Bataillon de l'église Baptiste Purifié en Jésus-Christ Répertoire National de la Brigade Chrétienne et Lumière d'Haïti Ajad Haiti Association Des Jeunes Chrétiens Coalition des Bataillons de la Croix-des-Bouquets BCSEUB EN ACTION Bachim / Bataillon Yahvé Affermira