District carrefour

District carrefour organisation jeunesses

19 Me 2025Kafou, Ayiti*"Marathon de l’Espoir"* *_Yon 18 Me Retro ki Chaje ak Senbòl ak Lespwa_*18 me se plis pase yon da...
03/06/2025

19 Me 2025
Kafou, Ayiti

*"Marathon de l’Espoir"* *_Yon 18 Me Retro ki Chaje ak Senbòl ak Lespwa_*

18 me se plis pase yon dat sou kalandriye. Se yon jou sakre nan kè tout Ayisyen, kote yo onore drapo a, senbòl idantite ak fyète nasyonal la. Drapo sa a, ki chaje ak istwa, pa senpleman flote sou bilding ak lakou lekòl — li pote sou li memwa batay, libète, ak inite pèp ayisyen. Se yon patrimwàn kiltirèl inestimab, ki merite selebrasyon ak respè.

Nan lespri sa a, dimanch 18 me 2025, ki make 222èm anivèsè drapo Ayisyen an, te okazyone yon gwo aktivite nan Thor 12, komin Kafou. Aktivite sa, ki te pote non “Marathon de l’Espoir”, se te inisyativ yon sitwayèn angaje, Madam Astrine, ki mete ansanm plizyè gwoup tankou elèv, eskout, Pwoteksyon Sivil, Lakwa Wouj, ak lòt sitwayen konsyan.

Rasanbleman an te fèt nan Sant Kiltirèl Emmanuel Charlemagne, kote patisipan yo te mete tout kè yo pou viv yon 18 me retro, ki pa t sèlman yon fèstivite, men yon temwayaj vivan ke Ayiti toujou gen lespwa viv.
Eskout Distrik Kafou ak Pòtoprens Sid 1 te make prezans yo ak anpil enèji, disiplinn, ak angajman. Animasyon yo, parad yo ak patisipasyon yo pandan pakou a (ki te mennen soti Thor 12, pase Thor 10, pou retounen nan lokal la) te montre disiplin, fratènite, ak respè youn pou lòt. Sa te touche anpil moun, e menm motive nouvo moun pou vin fè pati mouvman an.

Atik 4 nan lwa eskout la — "Eskout la fratènèl, li travay an ekip epi li ofri zanmitay" — te pran tout sans li pandan jounen sa. Jèn yo te montre ke yo se boujon lespwa pou yon Ayiti ki pi ini, pi solidè, e pi vivan.

_*Redaktè*:Isaac REJOUIS (Izaak REJWI)_
_*Fotograf*: Samuel JEAN (Samyèl JAN)_

*Ekip Kominikasyon Eskout Distrik Pòtoprens Sid 1 & Kafou*

Jodi a ki se Jedi 29 Me 2025, se te fèt CROIX-ROUGE HAÏTIENNE.*SCOUTS DISTRICT CARREFOUR*  AK  *CROIX-ROUGE CARREFOUR* t...
03/06/2025

Jodi a ki se Jedi 29 Me 2025, se te fèt CROIX-ROUGE HAÏTIENNE.

*SCOUTS DISTRICT CARREFOUR* AK *CROIX-ROUGE CARREFOUR* te tou profite renouvle patenarya yo nan komin kfou malgre sitiyasyon ensekirite a toujou la,

Pa pou otan nou menm *SCOUT* nou pa ret bra kwaze nan komin nan.
Jan nap gade nan imaj yo AK video yo, se konsa *SCOUT* ki tap moutre *CROIX-ROUGE* jwe jwèt tè malè a. Se te bel anbyans.

*[email protected]*
*Commissaire de District*

*Département ouest intérieur*

Adresse

Carrefour
6130

Téléphone

+50948653868

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque District carrefour publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à District carrefour:

Partager