Ajad Haiti

Appeler Contacter l’organisation

Ajad Haiti AJAD, Association de Jeunesse Agnus Dei, est une association de jeunesse évoluant au sein de l'Egli

26/08/2026

Vote – 3ᵉ tour : #003 Dieunel DECEMMAR

20/08/2026

Vote – 2ᵉ tour | Dieunel DECEMMAR #003

11/08/2026

Vote # 003 Dieunel DECEMMAR
Modèle Chrétien
Je pose avec ma bible

📸 Ann reviv kèk bèl moman espektakilè pandan gran konsè sa a, ki te òganize paAjad Haiti ak   nan dat Dimanch 9 Dawout 2...
10/08/2026

📸 Ann reviv kèk bèl moman espektakilè pandan gran konsè sa a, ki te òganize paAjad Haiti ak nan dat Dimanch 9 Dawout 2026 la .

Yon moman ki te make lespri anpil moun, kote te gen mizik, lajwa, dans, souri, aplodisman ak yon atmosfè ekstraòdinè ki te fè tout moun santi yo fè pati yon bèl fanmi . 🎶✨

Soti nan moman adorasyon rive nan dènye moman yo, sware a te chaje ak anpil bèl pèfòmans, talan ak enèji.

Chak entèpretasyon te pote pwòp koulè pa li, pandan piblik la te reponn ak anpil antouzyasm.💥

Se te plis pase yon senp konsè; se te yon moman kote moun te reyini pou te vin adore, pataje lajwa epi kreye yon souvni ki pral rete grave nan memwa nou.

Nou espere se pa yon dènye fwa n ap gen chans viv bèl moman konsa ansanm. Ke lòt bèl okazyon pèmèt nou reyini ankò nan menm lespri ak linite » ✨❤️

Ajad Haiti SherlDa Danis Decemmar Dieunel Decemmar Jean philippe cassandro J.P.C MUSIC John Peter Boyer Kowòdinasyon Ede Kafou

✨ Nou rive nan fen 6 jou konferans lan!Se avèk anpil satisfaksyon nou te klotire 6yèm ak dènye jou konferans lan sou yon...
08/08/2026

✨ Nou rive nan fen 6 jou konferans lan!

Se avèk anpil satisfaksyon nou te klotire 6yèm ak dènye jou konferans lan sou yon tèm ki se : « Le e-commerce, une porte ouverte vers l’autonomie financière des jeunes ».
Ki te fèt pa entèvan nou Petit-Homme

Entèvansyon an te pèmèt nou dekouvri nouvo posiblite e-commerce la ofri, ansanm ak fason jèn yo kapab sèvi ak zouti dijital yo pou devlope inisyativ, kreye opòtinite epi avanse sou wout otonomi finansyè.

Apre 6 jou fòmasyon, refleksyon, pataj ak anpil dekouvèt, nou fèmen yon bèl chapit, men nou rete kwè mesaj ki te pataje pandan moman sa yo te pèmèt ak tout patisipan sa yo elaji konesans yo e montre yo kijan yo kapab kontinye itilize zouti sa yo pou yo ka endepandan.

Mèsi ak tout moun ki te kontribye nan reyisit konferans sa a. ❤️🙏

Ajad Haiti SherlDa Danis Decemmar Dieunel Decemmar Jean philippe cassandro J.P.C MUSIC John Peter Boyer

📸 Ann dekouvri ansanm kèk bèl moman ki te make konferans lan . Kote nou te gen avèk nou kòm entèvenan   Petit-Homme , ki...
07/08/2026

📸 Ann dekouvri ansanm kèk bèl moman ki te make konferans lan .

Kote nou te gen avèk nou kòm entèvenan Petit-Homme , ki te trete sijè sa ki se : l'impact du e-commerce sur les commerces traditionnels.

Yon moman ki te pèmèt patisipan yo reflechi sou evolisyon komès e enpòtans teknoloji nan mond jodi a, ansanm ak nesesite pou biznis tradisyonèl yo adapte yo ak nouvo reyalite dijital la.

Konferans sa a kontinye rasanble moun ki gen menm volonte pou grandi, aprann ak prepare tèt yo pou defi ak opòtinite demen.

Nou rive nan dènye etap pou nou fèmen konferans lan an bote. Pou moun ki te deja patisipe yo, kontinye rete mobilize epi pou sila ki poko jwenn okazyon, dènye jou a se yon envitasyon espesyal pou vin viv moman sa yo ansanm avèk nou.

✨ Ann kontinye ekri bèl paj sa yo ansanm, paske pi bèl souvni yo se sa nou bati youn ak lòt.

Ajad Haiti SherlDa Danis Decemmar Dieunel Decemmar Jean philippe cassandro J.P.C MUSIC

📸 ann reviv ansanm kèk bèl moman pandan konferans lan.moman aprantisaj, refleksyon, pataj ak enspirasyon ki pote anpil v...
07/08/2026

📸 ann reviv ansanm kèk bèl moman pandan konferans lan.

moman aprantisaj, refleksyon, pataj ak enspirasyon ki pote anpil valè pou lavi nou.
Avèk entèvenan nou : Joseph ki te trete bèl sijè sa ki se: la technologie moderne et l'intelligence artificielle : opportunités , défis et responsabilités des jeunes face au monde de demain.

Chak entèvansyon, chak echanj ak chak prezans te kontribye pou fè aktivite sa a tounen yon eksperyans espesyal. Nou ankouraje tout moun pou yo kontinye rete mobilize pou rès jou yo, paske gen bèl moman, bon jan ansèyman ak anpil benediksyon k ap tann nou.

Ann kontinye rete mobilize ansanm pou n fè eksperyans sa a grandi pi plis. ✨🙏

Ajad Haiti SherlDa Danis Decemmar Dieunel Decemmar Jean philippe cassandro J.P.C MUSIC

ann reviv ansanm bèl imaj📷 nan kad 3zyèm jou aktivite konferans  ,   laavèk entèvenan nou   Poussin ki te trete bèl sijè...
05/08/2026

ann reviv ansanm bèl imaj📷 nan kad 3zyèm jou aktivite konferans , la
avèk entèvenan nou Poussin ki te trete bèl sijè sa ki se : maîtriser le stress et les émotions pour prendre de meilleurs décisions.

se te yon bèl moman kote ke plizyè patisipan te gen chans patisipe nan tès psikolojik

ou menm ki pa t gen chans la avèk nou, nou envite pandan rès jou sa yo vin patisipe avè n pou kapab anrichi konesans ou atravè de bèl sijè k ap kontinye trete. e ou menm ki te la toujou rete motive , mobilize pou n kontinye vin aprann ansanm .

Ajad Haiti ,

📸 Yon bèl retwospektiv sou 2zyèm jou konferans   ,   lan ✨Yon jounen ki te chaje ak anpil bèl refleksyon, pataj eksperya...
04/08/2026

📸 Yon bèl retwospektiv sou 2zyèm jou konferans , lan ✨

Yon jounen ki te chaje ak anpil bèl refleksyon, pataj eksperyans ak aprantisaj sou tèm « L'entrepreneuriat comme moteur de développement économique et de transformation sociale ».
avèk entèvenan nou Peter Boyer

Atravè diferan entèvansyon yo, nou te gen opòtinite pou dekouvri plis sou enpòtans antreprenarya kòm yon fòs ki kapab kreye opòtinite, ankouraje inovasyon epi pote chanjman pozitif nan kominote nou yo.

Ann kontinye mobilize e envite yon zanmi oswa yon yon fanmi pou rès jou yo, pou nou kontinye resevwa konesans, enspirasyon ak benediksyon ki disponib pou nou pandan tout moman konferans lan.

Ajad Haiti ,

reviv an imaj premye jou aktivite konferans   ,  ki te fèt sou sijè : la musique généré par l'intelligence artificielle ...
03/08/2026

reviv an imaj premye jou aktivite konferans ,
ki te fèt sou sijè : la musique généré par l'intelligence artificielle peut-elle réellement toucher et transformer l'âme comme une inspiration divine?
kote n te genyen kòm entèvenan Medna

ou menm ki pa t gen chans la nan 1er jou a , n ap tann ou pou rès jou ki rete yo kote anpil bèl sijè pral kontinye pataje .

Vin viv eksperyans lan avèk nou, epi envite yon zanmi kote n ap gen chans soti ak yon bagay k ap itil nou pou n kapab grandi ansanm

Ajad Haiti

Adresse

51, Rue Clercine, Bizoton 51
Carrefour

Téléphone

+50931458380

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ajad Haiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Ajad Haiti:

Raccourcis

Partager