JMa - Les Jeunes Mamans

JMa - Les Jeunes Mamans JMa c'est pour vous jeunes mamans et vos enfants sans distinction. Apolitique, a but non-lucratif, non confessionnel.

JMa vise à promouvoir l'inclusion sociale et citoyenne des mamans.

📸🌊 **Bèl souvni Jounen JMa 2026!** 🌊📸Dimanch **23 dawout**, JMa te òganize yon bèl jounen detant ak pataj nan **Secret B...
26/08/2026

📸🌊 **Bèl souvni Jounen JMa 2026!** 🌊📸

Dimanch **23 dawout**, JMa te òganize yon bèl jounen detant ak pataj nan **Secret Beach**. Se te yon **trè bèl jounen**, chaje ak kè kontan, souri, amizman ak bon moman ansanm! ❤️🥰

Tout manm yo, ansanm ak timoun yo, te pase yon moman espesyal e **tout moun te satisfè anpil**. Jounen sa a te pèmèt nou ranfòse lyen nou epi kontinye bati bèl solidarite ki egziste nan mitan nou. 💪🏾🌹

Nou remèsye tout moun ki te patisipe epi ki te kontribye pou fè jounen sa a yon siksè. **Ann kontinye rete ini, fò ak vanyan!**

🌹 **JMa — Nou se brave, fò, e nou se wozo** 🌹

20/08/2026
JMa - Les Jeunes Mamans te reponn prezan nan lansman 2e Edition Quinzaine Féministe Fanm An Rejyon ki te pote thèm li "T...
20/08/2026

JMa - Les Jeunes Mamans te reponn prezan nan lansman 2e Edition Quinzaine Féministe Fanm An Rejyon ki te pote thèm li "Tizonnay". Solidarite se pi gwo fòs fanm. Ann kontinye Chita, pale, koute ansanm pou nou kapab pote yon chanjman konkrè.

Être mère, c’est accepter que notre cœur marche souvent en dehors de notre poitrine, dans la vie de nos enfants.Bonne fê...
15/08/2026

Être mère, c’est accepter que notre cœur marche souvent en dehors de notre poitrine, dans la vie de nos enfants.
Bonne fête de Notre-Dame de l’Assomption à toutes les mères, à toutes celles qui portent, protègent, espèrent et aiment… car dans chaque cœur de mère qui aime véritablement, il y a un peu de la tendresse de Marie.

Chè manm JMa yo,Se avèk anpil rekonesans ak anpil fyète nou vle di **yon gwo MÈSI** ak tout moun ki te kontribye pou fè ...
15/08/2026

Chè manm JMa yo,

Se avèk anpil rekonesans ak anpil fyète nou vle di **yon gwo MÈSI** ak tout moun ki te kontribye pou fè **Triduum 1e edisyon 2026 la** tounen yon bèl reyalite! 🙏🏽❤️
Pandan 3 jou sa yo, nou pa t sèlman viv yon bèl eksperyans; nou te aprann, nou te pataje, nou te grandi ansanm, epi nou te ranfòse lespri fanmi JMa a. Triduum sa a montre nou enpòtans pou nou kontinye fè randevou sa a tounen **yon tradisyon chak ane**. Se yon espas aprantisaj, pataj ak solidarite nou dwe kontinye konsève ak devlope. 💪🏽

Nou voye remèsiman espesyal bay **M. VLADIMIR Tony** ak **Mme Dérésias Maguy**, de fòmatè ekstraòdinè ki te avèk nou pandan 3 jou aktivite sa yo. 🙏🏽
M. VLADIMIR Tony te pataje konesans li avèk nou nan **Edikasyon Sivik**, pandan Mme Dérésias Maguy te fè nou dekouvri ak aprann sou **Résine Epoxy**. Nou te vrèman santi tout JMIste yo **au diapason**, paske anbyans lan, enterè a ak patisipasyon an te prezan pandan tout deroulman Triduum nan. 👏🏽

Yon gwo mèsi tou pou **Winalda, Bernante ak Ramedine**, ki te rann Triduum sa a posib, non sèlman gras ak sans angajman yo, men tou gras ak sipò finansye yo te pote. Nou apresye jès sa yo anpil. ❤️🙏🏽

Nou pa bliye tout lòt manm ki te la depi **premye jou a rive jouk nan fen an**, tankou **Anderline, Taïsha, Nadette**, ansanm ak tout lòt moun ki te toujou kanpe djanm pou aktivite a.

Yon gwo kout chapo tou pou manm ki te bay prezans yo ak fòs yo espesyalman pandan **2 dènye jou yo**, tankou **Mme Roselène, Martine, Christiana, Renise, Naïca, Cilène, Rutberline**, pou n site sa yo sèlman. 👏🏽👏🏽

Evidamman, lis la pa ta janm fini, paske **chak prezans, chak kontribisyon, chak ti jès, chak ankourajman ak chak sakrifis te konte**. Si Triduum 1e edisyon 2026 la te yon siksè, se paske nou te mete men ansanm.

Ann pa rete la! ✨
Ann fè bilan de eksperyans sa a, ann aprann de sa ki te mache byen ak sa nou ka amelyore, pou nou kontinye prepare pi byen pou pwochen edisyon yo. **Triduum nan pa dwe sèlman yon bèl souvni; li dwe tounen yon randevou anyèl kote nou kontinye grandi, aprann, kreye epi ranfòse JMa.**

Ansanm, nou kapab pi plis! 💪🏽❤️
**JMa se fòs, se angajman, se solidarite!**

**Nou se brav, nou se fò, e nou se wozo!** 🌿❤️

💯✅JMa yon jou, JMa chak jou, JMa pou tout moun ak pou toutan! 🇭🇹

Yon lòt fwa ankò, **MÈSI AK TOUT KÈ NOU!** 🙏🏽

A. Yveline, Kowòdonatris JMa.

1e jour du Triduum des JMIstes. Lundi 10 dawout.Le thème: Inspirer, Former et Transformer.
15/08/2026

1e jour du Triduum des JMIstes. Lundi 10 dawout.
Le thème: Inspirer, Former et Transformer.

🕊️ **Anons lanmò**Se ak anpil tristès ak anpil emosyon nou aprann nouvèl depa manm nou an, **Vanessa Evenoue**Vanessa te...
05/08/2026

🕊️ **Anons lanmò**

Se ak anpil tristès ak anpil emosyon nou aprann nouvèl depa manm nou an, **Vanessa Evenoue**

Vanessa te yon fanm vanyan ki te mennen yon gwo batay kont maladi pandan plizyè ane. Malgre eprèv lavi yo, li te toujou ap chèche lanmou, afeksyon ak yon espas kote li te kapab santi l an sekirite e aksepte. Se nan fanmi JMa a li te jwenn chalè sa a, solidarite sa a ak refij sa a.

Menm ti tan li te pase pami nou pa t twò long, Vanessa te make kè anpil moun ak dousè li, senserite li ak bezwen li te genyen pou l santi l antoure ak moun ki renmen l. Li te jwenn nan JMa plis pase yon òganizasyon; li te jwenn yon fanmi.

Jodi a, nou rann omaj ak memwa yon sè ki te toujou ap chèche limyè menm nan mitan fènwa yo. Nou pap janm bliye souri li, prezans li ak tout bèl moman li te pataje avèk nou.

Nan non tout fanmi **JMa**, nou prezante senpati nou bay fanmi Evenoue a, ansanm ak tout moun ki te renmen Vanessa e ki ap soufri depa sa a.

**Vanessa, ou kite tè sa a, men souvni ou ap toujou viv nan kè nou.**

🕊️ *"Nou se brav, fòs nou gran e nou se wozo."*

**Repoze anpè, Vanessa Evenoue.**

**04 septanm 1988 – 03 dawout 2026**
JMa - Les Jeunes Mamans , Yvelinah Antonia

31/07/2026

Rezilta travay aprenan yo nan seminè a. Bravo mes amours! JMa un jour, JMa chaque jour, JMa pour tous et pour toujours.

MESAJ REMÈSIMAN AK ANONS 🌟Se avèk anpil kè kontan ak fyète nou remèsye tout moun ki te patisipe nan seminè sou resine Ep...
31/07/2026

MESAJ REMÈSIMAN AK ANONS 🌟

Se avèk anpil kè kontan ak fyète nou remèsye tout moun ki te patisipe nan seminè sou resine Epoxy a. Gras ak patisipasyon, angajman ak detèminasyon chak moun, seminè sa a te yon vrè reyisit. Siksè sa a fè nou fyè de tèt nou epi li ankouraje nou pou nou kontinye avanse ansanm. ✨

📢 Nou pwofite anonse nou ke pandan Triduum nan, pral genyen yon ti fòmasyon kout pou moun ki pa t gen chans patisipe nan seminè a, pou yo menm tou yo kapab jwenn opòtinite pa yo epi benefisye de eksperyans sa a.

💐 Yon remèsiman espesyal pou fòmatris nou an, Mme Dérésias Maguy, ki se tou Pòtpawòl JMa, pou devouman, pasyans ak konesans li te pataje avèk nou yo.

🤝 Nou remèsye tou tout lòt manm yo ki te bay sipò yo, kit se nan òganizasyon, ankourajman oswa lòt kontribisyon, pou fè seminè sa a rive yon bèl reyisit.

🙏 Mèsi anpil ak tout moun ki te kwè nan pwojè sa a epi ki te mete fòs yo ansanm pou fè l reyisi.

JMa - Les Jeunes Mamans

🌿 "Nou se brav, nou fò e nou se wozo." 🌿

Adresse

Rue 14 H/I, Local INDA
Cap-Haïtien

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque JMa - Les Jeunes Mamans publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à JMa - Les Jeunes Mamans:

Raccourcis

Partager