JUNHA Plaisance

JUNHA Plaisance Jenès yon peyi se nanm li, nou konnen tout lespwa peyi a repoze sou nou. Jwèt pou ou kòm jèn, vin jwe patisyon paw la poun avanse avanse.

Li lè li tan poun we eta nou
22/12/2022

Li lè li tan poun we eta nou

01/12/2022

Belle réflexion

Calendrier des membres actifs des JUNHA à plaisance
08/11/2022

Calendrier des membres actifs des JUNHA à plaisance

19/09/2022
Nou te plezans ane pase nan yon ti chita pale ak kek manb
11/09/2022

Nou te plezans ane pase nan yon ti chita pale ak kek manb

22/08/2022

Pò Mago

Pò Mago se yon vil kotyè nan depatman Nò peyi Dayiti, prensipalman nan awondisman Bòy, li trouvel nsn mitan Bòy ak Lenbe. Li mezire 147.5 kilomèt kare. Nan lane 2009 nan Resansman IHSI te fè li te gen enviwon (45 360) karant senk mil twa san swasant moun. 12 zan aprè nan lane 2021 li gen enviwon 50 000 moun.

Kijan komin sa fè rele Pò Mago?

Vil Pò Mago te konstrui pa Bertrand Dorgeron, e se non madan Dorgeron vil la pote jiska prezan.
Dam nan te rele Magueritte. Daprè kèk gro notab, ak gran paran nan zòn nan, Maguerite te gen yon ti non gate ki se Margot. Te gen yon pò nan lokalite LILÈT aktyèlman ki rele (Coup Sable) tou prè novyon kite sou kontwòl Maguerite.
Men ou konnen Ayisyen plis renmen rele moun nan ti non gate yo (siw genyen) ke yo baw nonw konplè a. Se konsa chak fwa moun yo ap desann nan pò a, yo souvan di yo pral nan pò Mago( Maguerite) konsa non an tou rete pou vil la ki se.

Daprè listwa se Pò Mago ak Il Latòti kolon fransè yo te premye desann,nan lane 1640.

Potansyalite.

Se yon komin ki ta sipoze rich anpil. Men ki pa reyèlman sa. Dabò, li chaje resous natirèl tankou, bèl lanmè, bèl plaj, (chouchou bay, coup sable, coco....) li gen yon gwo lye Istorik ki se BASEN WAKA, ki twouvel Novyo kèlke kilomèt avan CHOUCOU BAY.

Ou paka al vizite lye Istorik sa pou di ou pap benyen. Istwa rakonte nou ke basen waka koun devni medikaman pou esklav yo. Lè yo sot nan batay yo blese grav, kon yo al benyen nan basen an, yo tou geri e kèlkeswa sa yo ta genyen kòm lòt maladi, kou yo plonje nan basen yo jwenn gerizon. Se yon bagay ki rete mistè jika prezan. Basen sa entoure ak gro pyebwa, li pa janm sal, depi yon ti pay tonbe ladanl,wap wè yon ti zwazo desann al retirel...

Nan agrikilti pò mago gen yon tè ki ka fè anpil manje. Nan tan lontan se te KAKAWO ak KAFE,PYE KAWOTCHOU. Men nan 10 dènye ane yo,se PISTACH ki sous revni peyizan yo. Toujou gen KAKAWO men se pa menm jan ak lontan.
gen anpil lòt manje ankò, men se nan sezon yo ou jwenn yo plis, tankou (lam veritab, zaboka, labapen, mango tout kalite, ak anpil lòt ankò)
Pò mago Gen yon bèl rivyè ki awoze pweske nan komin nan, sa pa anpeche pafwa li koun seche lè sèk kanpe. Rivyè a gè bèl sab, e li gen kote li laj anpil. Waw lè w ap benyen, ou wè gen filig.
Moun soti byen lwen vin brote sab nan rivyè pou al konstrui kay.

Pò Mago vrèman bèl li chaje mòn, tout moun ka vizite l, ou ka mache ladanl lè ou vle, moun yo kap viv la akeyi moun anpil, e yo renmen etranje. Malgre pagen kouran,sa fè lontan EDH bliye nou.

Si leta santral la ta vire je gade komin sa, li tap yon trezò pou peyi a. Malgre absans, negligans otorite lokal yo, sa pa anpeche peyizan yo toujou travay pou jere tèt yo nan nivo yo kapab. Pi gwo pwoblem nap konfronte nan komin nan se WOUT yo ki pa fèt, lè gen lapli, se labou ak tè glosè, le gen solèy se pousyè. Menm fanm gro vant se moto ki transpòte yo malgre wout la gen gen zo wòch ak falèz...
Sa mete peyizan yo nan gro problèm ak rekòt yo, koz yo gen mwayen disponib pou yo transpote danre yo lòt vil.

Vrèman komin nan ka devni yon richès pou depatman ak pou peyi a men men se lè dirijan nou yo ta sonje nou nan gwo liv yap li an.
Pò mago yon komin a vizite, e a revizite.

Prezantatè,
Renel ORICIALE.

Korije pa
Noé JEAN PIERRE

Adresse

Rue 12 N
Cap-Haïtien

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque JUNHA Plaisance publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager